Jenèz 27​:​1-46

  • Jakòb jwenn benediksyon Izarak la (1-29)

  • Ezaou chèche jwenn benediksyon san li pa repanti (30-40)

  • Ezaou rayi Jakòb (41-46)

27  Twouve, lè Izarak te fin granmoun nèt e li pa t ka wè ankò, li rele Ezaou+, pi gran pitit gason l lan: “Pitit gason m!” Ezaou reponn: “Men mwen!”  Epi, li di l: “Kounye a, mwen fin granmoun. Mwen pa konn ki jou m ap mouri.  Ebyen, kounye a, pran banza* ou konn al lachas la ak sak flèch ou, epi al nan savann nan pou w al chase jibye pou mwen+.  Apre sa, fè yon ti manje byen gou, jan m renmen l lan, lèfini pote l ban mwen. Konsa, m ap manje l epi m* ap beni w anvan m mouri.”  Twouve, Rebeka t ap koute pandan Izarak t ap pale ak Ezaou, pitit li. Ezaou t al chase jibye nan savann nan pot vini+.  Rebeka di Jakòb, pitit gason l lan+: “Mwen fèk sot tande papa w ap pale ak Ezaou, frè w la, li di l:  ‘Pote jibye pou mwen epi fè yon ti manje byen gou pou mwen. Apre sa, kite m manje pou m ka beni w devan Jewova anvan m mouri+.’  Kounye a, pitit mwen, koute m byen e fè sa m pral di w la+.  Tanpri, al nan patiraj la, pran de nan jenn ti kabrit ki pi gra yo pot ban mwen pou m ka fè yon ti manje byen gou pou papa w, jan l renmen l lan. 10  Apre sa, pote l bay papa w pou l manje, pou l ka beni w anvan l mouri.” 11  Jakòb di Rebeka, manman l: “Men w konnen Ezaou, frè m nan, se yon moun ki plen plim sou kò l+, alòske po m lis. 12  Ki sa m ap fè si papa m manyen m+? Lè sa a, se sèten m ap sanble yon moun k ap pase l nan rizib e se malediksyon m ap rale sou mwen olye m jwenn benediksyon.” 13  Epi, manman l di l: “Se sou mwen pou malediksyon an tonbe, pitit mwen. Annik fè sa m di a, al chèche ti kabrit yo pot ban mwen+.” 14  Konsa, l ale, li pran yo pot bay manman l, epi manman l fè yon manje ki byen gou, jan papa l renmen l lan. 15  Apre sa, Rebeka pran pi bon rad Ezaou, pi gran pitit gason l lan, te gen nan kay la met sou Jakòb, pi piti pitit gason l lan+. 16  Epitou, li mete po ti kabrit yo sou men Jakòb ak kote ki pa t gen plim bò kou l yo+. 17  Apre sa, li bay Jakòb, pitit gason l lan, manje a ki te byen gou ansanm ak pen li te fè+. 18  Epi, Jakòb antre kot papa l, li di: “Papa!” Lè sa a, li reponn: “Men mwen! Kiyès ou ye, pitit gason m?” 19  Jakòb di papa l: “Se Ezaou, premye pitit ou a+. Mwen fè jan w te di m nan. Tanpri, leve chita pou w manje nan jibye m nan, pou w* ka beni m+.” 20  Lè sa a, Izarak di pitit gason l lan: “Kòman w fè jwenn li vit konsa, pitit mwen?” Li reponn: “Paske se Jewova, Bondye w la, ki fè m jwenn li.” 21  Epi, Izarak di Jakòb: “Tanpri, pwoche pou m ka manyen w, pitit gason m, pou m ka konnen si w se Ezaou, pitit gason m nan, vre+.” 22  Lè sa a, Jakòb pwoche kot Izarak, papa l. Epi, Izarak manyen l, apre sa, li di: “Vwa a se vwa Jakòb, men, men yo se men Ezaou+.” 23  Li pa t rekonèt si se Jakòb, paske men l te plen plim menm jan ak men Ezaou, frè l la. Se sa k fè li te beni Jakòb+. 24  Apre sa, li mande l: “Èske w se Ezaou, pitit gason m nan, vre?” Li reponn: “Se mwen menm.” 25  Epi, li di: “Pote enpe nan jibye a ban mwen pou m manje, pitit gason m, apre sa m* ap beni w.” Lè sa a, li pote l ba li, li manje, epi li pote diven ba li e li bwè. 26  Annapre, men sa Izarak, papa l, te di l: “Tanpri, pwoche kote m, epi bo m, pitit gason m+.” 27  Li pwoche kot papa l, li bo l, epi papa l pran sant rad li+. Apre sa, li beni l, li di: “Gade! Sant pitit gason m nan menm jan ak sant savann Jewova beni an. 28  Mwen swete pou vrè Dye a fè lawouze sot nan syèl la+ pou ou e pou l fè tè a+ bay rannman ak anpil manje angren ak bon diven+. 29  Se pou pèp yo sèvi w e se pou nasyon yo bese byen ba devan w. Se pou w vin chèf frè w yo, e se pou pitit gason manman w yo bese byen ba devan w+. Malediksyon pou nenpòt moun ki mande malediksyon pou ou, e benediksyon pou nenpòt moun ki mande benediksyon pou ou+.” 30  Twouve, kou Izarak fin beni Jakòb e apèn Jakòb sot devan Izarak, papa l, Ezaou, frè l la, vin sot lachas+. 31  Li menm tou, li prepare yon manje byen gou e li pote l bay papa l. Epi, li di papa l: “Leve, papa, pou w manje nan jibye pitit gason w lan, pou w* ka beni m.” 32  Lè sa a, Izarak, papa l, di l: “Kiyès ou ye?” Li reponn: “Mwen se Ezaou, pitit gason w lan, premye pitit ou a+.” 33  Izarak kòmanse tranble anpil anpil, epi li di: “Kiyès sa a menm ki te chase jibye e ki te pote l ban mwen an? Mwen gentan manje l depi anvan w vin la a, mwen gentan beni moun nan, e l ap jwenn benediksyon an vre!” 34  Kou Ezaou tande sa papa l di a, li pran rele byen fò e li vin tris anpil, epi li di papa l: “Beni m tou non, papa+!” 35  Men, papa l di l: “Frè w la vin la a, li twonpe m, konsa li pran benediksyon ou te dwe jwenn nan.” 36  Lè Ezaou tande sa, li di: “Èske se pa poutèt sa yo rele l Jakòb*, pou l te ka pran plas mwen toule de fwa sa yo+? Li deja pran dwa m genyen kòm premye pitit la+, e kounye a, li pran benediksyon m nan+!” Apre sa, li di: “Ou pa t kite yon benediksyon pou mwen?” 37  Men, Izarak reponn Ezaou: “Mwen deja mete l chèf ou+ e mwen ba l tout frè l yo kòm sèvitè. Mwen ba li manje angren ak bon diven pou l gen sa l bezwen pou l viv+. Ki sa m ka fè pou ou la a, pitit gason m?” 38  Ezaou mande papa l: “Papa, èske se yon sèl benediksyon w genyen? Beni m tou non, papa!” Apre sa, Ezaou tonbe kriye byen fò+. 39  Men sa Izarak, papa l, reponn li: “Gade! W ap abite lwen tè ki bay rannman yo e lawouze ki soti nan syèl la pap rive kote w ye+. 40  E se epe w k ap fè w viv+, e w ap vin sèvitè frè w la+. Men, lè w vin about, w ap kraze jouk li met sou kou w la+.” 41  Epi, Ezaou te vin rayi Jakòb akoz benediksyon papa l te bay Jakòb la+ e l te toujou ap di nan kè l: “Papa m pa lwen mouri+. Apre lanmò papa m, m ap touye Jakòb, frè m nan.” 42  Lè yo di Rebeka pawòl Ezaou, pi gran pitit gason l lan, di yo, menm kote a, li voye rele Jakòb, pi piti pitit gason l lan, epi li di l: “Gade! Ezaou, frè w la, ap chèche touye w pou l tire revanj. 43  Kounye a, pitit gason m, fè sa m ap di w la: Leve, pati al kay Laban, frè m nan, nan peyi Aran+. 44  Abite avè l pandan yon tan, jiskaske ray frè w la pase, 45  jiskaske frè w la pa an kòlè kont ou ankò e l bliye sa w te fè l la. Apre sa, m ap voye chèche w kote w ye a. Poukisa m oblije pèdi nou toule de yon sèl jou?” 46  Apre sa, Rebeka pa t sispann di Izarak: “Mwen gen degoutans ak lavi m akoz pitit fi Èt yo+. Si Jakòb ta pran yon madanm pami pitit fi Èt yo, menm jan ak medam sa yo ki nan peyi a, ebyen m mèt tou mouri+!”

Nòt anba paj

Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “nanm ou”.
Sa vle di: “Moun ki kenbe talon; Moun ki pase devan”.