Jenèz 28​:​1-22

  • Izarak voye Jakòb Padanaram (1-9)

  • Rèv Jakòb te fè Betèl la (10-22)

    • Bondye fè Jakòb konnen li kenbe pwomès li te fè a (13-15)

28  Se konsa, Izarak rele Jakòb, li beni l e li ba l lòd, li di l: “Ou pa dwe pran yon fi nan peyi Kanaran pou vin madanm ou+.  Al Padanaram, lakay Betwèl, papa manman w, e se la pou w pran yon fi pami pitit fi Laban yo+, frè manman w lan, pou vin madanm ou.  Bondye Toupisan an ap beni w, l ap fè w gen anpil pitit, w ap peple anpil, e san mank, yon pakèt pèp ap soti nan ou+.  Epi l ap ba w benediksyon li te pwomèt Abraram nan+. L ap bay ni ou menm ni desandan w yo* li, pou w ka pran peyi w ap viv ladan l kòm etranje a, peyi Bondye te bay Abraram nan+.”  Se konsa, Izarak voye Jakòb ale. Jakòb ale Padanaram, lakay Laban, pitit gason Betwèl, moun Aram+, frè Rebeka+ ki manman Jakòb ak Ezaou.  Ezaou te wè lè Izarak te beni Jakòb, lè l te voye l Padanaram al chwazi yon fi pou vin madanm li lòtbò a, lè l te beni l e te ba l lòd, li te di l: “Pa pran yon fi nan peyi Kanaran pou vin madanm ou+”,  epi Jakòb te obeyi papa l ak manman l e li te pran wout pou l al Padanaram+.  Se lè sa a Ezaou vin wè medam Kanaran yo pa t fè Izarak, papa l, plezi+.  Se sa k fè Ezaou t al lakay Izmayèl, li pran Maalat, pitit fi Izmayèl, pitit gason Abraram nan, sè Nebayòt, pou vin madanm li, mete sou lòt madanm li te deja genyen yo+. 10  Jakòb kite Beyècheba, li pati l al Aran+. 11  Pandan l nan wout, li rive yon kote, li ret pase nuit lan la, paske solèy te deja kouche. Konsa, li pran youn nan wòch ki te gen nan zòn sa a, li mete l anba tèt li e li kouche la+. 12  Apre sa, li fè yon rèv, li wè yon eskalye* sou tè a e tèt eskalye a rive nan syèl la. Epitou, li wè yon seri zanj Bondye ki t ap monte desann nan eskalye a+. 13  Epi, Jewova te anlè eskalye a, li di: “Mwen se Jewova, Bondye Abraram, zansèt ou a, e mwen se Bondye Izarak+. M ap ba w tè ou kouche sou li a e m ap bay desandan w yo* li tou+. 14  Se sèten, desandan w yo* pral tankou grenn pousyè ki sou tè a+ e w ap gaye kò w ni nan lwès, ni nan lès, ni nan nò, ni nan sid. Grasa ou e grasa desandan w yo*, tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank+. 15  Mwen avè w e m ap pwoteje w kèlkeswa kote w ale e m ap fè w tounen vin abite sou tè sa a+. Mwen pap abandone w jiskaske mwen fè sa m pwomèt ou a+.” 16  Lè sa a, Jakòb leve nan dòmi an, li di: “Vrèmanvre, Jewova isit la, e mwen pa t konn sa.” 17  Li te vin pè e li te di: “Isit la se vrèman yon kote pou moun respekte! Isit la pa ka lòt bagay, se kay Bondye+ e se pòt syèl la+.” 18  Konsa, Jakòb te leve granmmaten, li pran wòch ki te anba tèt li a, li mete l kanpe tankou yon poto e li vide luil sou tèt wòch la+. 19  Se sa k fè li te rele kote sa a Betèl*. Men anvan sa, yo te rele vil la Louz+. 20  Apre sa, Jakòb fè yon pwomès, li di: “Si Bondye toujou avè m, si l pwoteje m pandan vwayaj mwen an, si l ban m manje pou m manje ak rad pou m mete, 21  e mwen tounen lakay papa m anpè, lè sa a, Jewova ap montre toutbonvre li se Bondye m. 22  Epi, wòch sa a mwen mete kanpe tankou yon poto a ap vin tounen yon kay pou Bondye+, e san mank, m ap bay Bondye yon dizyèm nan tout sa l ban mwen.”

Nòt anba paj

Lit.: “semans ou”.
Oswa: “yon nechèl”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “semans ou”.
Sa vle di: “Kay Bondye”.