Jenèz 31​:​1-55

  • Jakòb al Kanaran an kachèt (1-18)

  • Laban rive jwenn Jakòb (19-35)

  • Jakòb fè alyans ak Laban (36-55)

31  Yon lè, Jakòb te vin aprann sa pitit gason Laban yo t ap di. Yo te di: “Jakòb pran tout sa papa nou te genyen, e se nan byen papa nou yo li ranmase tout richès sa a+.”  Lè Jakòb te gade figi Laban, li te wè fason li te konn ye avè l chanje+.  Rive yon lè, Jewova di Jakòb: “Tounen nan peyi zansèt ou yo, al jwenn fanmi w+, e m ap toujou avè w.”  Lè sa a, Jakòb voye di Rachèl ak Leya pou yo vin kote l nan patiraj kote bèt li yo ye a,  epi li di yo: “Mwen wè jan papa nou te ye avè m nan li pa konsa ankò+. Men, Bondye papa m ap sèvi a avè m+.  Nou konnen byen mwen te travay pou papa nou ak tout fòs mwen+.  Papa nou twonpe m, li chanje sa pou l te peye m nan dis fwa. Men, Bondye pa t kite l fè m mechanste.  Lè Laban te di: ‘Tout bèt takte yo ap pou ou pou travay ou fè’, ebyen, tout twoupo a tonbe fè bèt takte. Men, lè l te di: ‘Tout bèt ki gen tras yo ap pou ou pou travay ou fè’, ebyen tout twoupo a tonbe fè bèt ki gen tras sou yo+.  Bondye te kontinye pran twoupo papa nou an ban mwen. 10  Pa gen twò lontan, lè bèt yo te vin an chalè, mwen te fè yon rèv e mwen te wè bouk kabrit ki t ap kwaze ak femèl yo te gen tras sou yo, genyen ki te takte e genyen ki te pentle+. 11  Lè sa a, pandan m nan rèv la, gen yon zanj vrè Dye a ki rele m, li di: ‘Jakòb!’ Mwen reponn li: ‘Men mwen.’ 12  Epi, li di m: ‘Tanpri, voye je w gade e w ap wè tout bouk kabrit k ap kwaze ak femèl yo gen tras sou yo, genyen ki takte e genyen ki pentle, paske m wè tout sa Laban ap fè w pase+. 13  Mwen se vrè Dye a ki te parèt devan w lè w te Betèl la+, kote w te vide luil sou yon poto e kote w te fè m pwomès la+. Kounye a, leve, kite peyi sa a, epi tounen nan peyi w te fèt la+.’” 14  Lè sa a, Rachèl ak Leya reponn li: “Èske nou pa gen okenn eritaj lakay papa nou? 15  Èske li pa t konsidere nou kòm etranje piske l te vann nou e li sèvi ak lajan yo te ba l pou nou an+? 16  Tout richès Bondye pran nan men papa nou an, se pou nou ak pitit nou yo ye+. Se sa k fè, ou ta dwe fè tout sa Bondye di w+.” 17  Annapre, Jakòb leve, li fè pitit li yo ak madanm li yo monte chamo yo+. 18  Li pran tout twoupo l yo, tout sa l te vin genyen+ ak tout bèt li te vin genyen nan Padanaram, pou l al jwenn Izarak, papa l, nan peyi Kanaran+. 19  Pandan tan sa a, Laban t al tonn mouton l yo e Rachèl te vòlè terafim*+ papa l yo+. 20  Mete sou sa, Jakòb te fè Laban, moun Siri a, yon kou. Li t ale san l pa t di l sa. 21  Jakòb kouri kite zòn nan, li janbe Rivyè a*+, li menm ak tout sa l te genyen. Apre sa, li met tèt nan direksyon zòn ki gen mòn nan Galaad la+. 22  Annapre, sou twa jou, yo fè Laban konnen Jakòb kite zòn nan. 23  Kou l aprann sa, li pran mesye l yo, li pati dèyè Jakòb e sou sèt jou li jwenn li nan zòn ki gen mòn nan Galaad la. 24  Lè sa a, Bondye parèt lannuit devan Laban, moun Siri a+, nan yon rèv+, li di l: “Veye pou w pa pale di ak Jakòb*+.” 25  Se konsa, Laban pwoche kot Jakòb, pandan Jakòb t ap monte tant li nan mòn nan. Laban te fè mesye l yo rete nan zòn ki gen mòn nan Galaad la. 26  Epi, Laban di Jakòb: “Ki sa w fè la a? Poukisa w deside fè m kou sa a? Poukisa w pran pitit fi m yo tankou moun yo pran kòm prizonye nan lagè? 27  Poukisa w fè m kou sa a, w ale an kachèt san w pa di m anyen? Si w te di m sa, mwen t ap voye w ale ak kè kontan, nou t ap chante, nou t ap bat tanbouren e nou t ap jwe hap* pou ou. 28  Men, ou pa t ban m chans pou m bo pitit pitit* mwen yo ak pitit fi m yo. Se bagay moun sòt ou fè la a! 29  Mwen te ka fè w mechanste, men Bondye papa w ap sèvi a te pale avè m yè swa nan yon rèv, li di m: ‘Veye pou w pa di Jakòb anyen ki mal+.’ 30  Se vre ou gen dwa anvi ale lakay papa w, men, poukisa w vòlè dye m yo+?” 31  Jakòb reponn Laban: “Mwen t al an kachèt paske m te pè. Mwen te di tèt mwen: ‘Ou kapab pran pitit fi w yo nan men m ak gwo ponyèt.’ 32  Ebyen, nan men nenpòt nan nou ou jwenn dye w yo, moun sa a dwe mouri. Ou mèt fouye tout sa m genyen devan tout mesye yo, epi pran sa ki pou ou yo.” Men, Jakòb pa t konnen si Rachèl te vòlè zidòl yo. 33  Laban antre nan tant Jakòb la, nan tant Leya a ak nan tant de sèvant yo+, men li pa t jwenn zidòl li yo. Finalman, lè l soti nan tant Leya a, li antre nan tant Rachèl la. 34  Pandan tan sa a, Rachèl te pran terafim yo, li mete yo nan sakpay chamo a kote fi te konn met afè yo, epi li chita sou yo. Konsa, Laban te chèche nan tout tant lan, men li pa t jwenn yo. 35  Lè sa a, Rachèl di papa l: “Ou pa bezwen fache, mèt mwen, si m pa ka leve kanpe devan w, paske mwen gen sa fi abitye genyen an+.” Aktout Laban te chèche byen chèche, li pa t jwenn terafim yo+. 36  Jakòb te vin fache e li te kòmanse pale di ak Laban. Jakòb di Laban: “Ki mal mwen fè, e ki peche m fè ki fè w lage dèyè m ak tout fòs konsa? 37  Kounye a ou fin fouye tout sa m posede, ki bagay ki soti lakay ou ou jwenn ladan yo? Mete yo la devan mesye pa m yo ak mesye pa w yo, epi kite yo jije nou toule de. 38  Pandan 20 an sa yo mwen pase avè w la, mouton w yo ak kabrit ou yo pa t janm fè foskouch+ e mwen pa t janm manje yon mal mouton nan twoupo w la. 39  Mwen pa t janm pote yon bèt lòt bèt devore ba ou+. Se mwen k te peye sa. Si yo te vòlè yon bèt, kit se lannuit, kit se lajounen, ou te fè m remèt ou li. 40  Chalè te fin kuit mwen lajounen, fredi te fini avè m lannuit e mwen pa t gen dòmi nan je+. 41  Sa fè 20 an depi m lakay ou. Mwen travay pou ou pandan 14 an pou m gen de pitit fi w yo e mwen fè 6 an ap travay pou w ban m yon pati nan twoupo w la, men ou chanje sa pou w te peye m nan dis fwa+. 42  Si Bondye papa m ap sèvi a+, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak gen lakrentif pou li a+, pa t avè m, ou t ap voye m ale de men vid. Bondye wè mizè m, li wè jan m travay di ak men m, se sa k fè li te ba w pinga sa a yè swa+.” 43  Apre sa, Laban reponn Jakòb: “Medam yo se pitit fi m, timoun yo se pitit pitit mwen, twoupo yo se twoupo m, e tout sa w ap gade la yo se pou mwen ak pitit fi m yo. Ki sa m ka fè yo jodi a e ki sa m ka fè pitit yo? 44  Kounye a, vini, ann fè yon alyans e l ap sèvi kòm temwen ant ou menm avè m.” 45  Se konsa, Jakòb pran yon wòch, li mete l kanpe tankou yon poto+. 46  Apre sa, Jakòb di mesye ki te avè l yo: “Al pran wòch!” Y al pran wòch e yo fè yon pil avè yo. Annapre, yo manje sou pil wòch la. 47  Epi, Laban te rele pil wòch la Jegasayadouta*, men Jakòb te rele l Galeyèd*. 48  Apre sa, Laban di: “Pil wòch sa a temwen ant mwen menm avè w jodi a.” Se sa k fè Jakòb te rele l Galeyèd+, 49  e li te rele l Mispa*, paske Laban te di: “Se pou Jewova kontinye voye je sou mwen menm avè w lè youn pa anba je lòt. 50  Si w maltrete pitit fi m yo e si w al gen lòt madanm anplis pitit fi m yo, menm lè moun pa wè sa, Bondye ap wè sa, li menm ki temwen ant mwen menm avè w.” 51  Laban di Jakòb: “Men pil wòch sa a e men poto mwen mete kanpe ant mwen menm avè w la. 52  Pil wòch sa a temwen e poto sa a temwen tou+, mwen pap janbe pil wòch sa a pou m al fè w mechanste, e ou menm, ou pap janbe pil wòch sa a ak poto sa a pou w vin fè m mechanste. 53  Se pou Bondye Abraram nan+, Bondye Nawò a, Bondye zansèt mesye sa yo, sèvi kòm Jij ant mwen menm avè w.” Men, Jakòb te fè sèman sou Bondye Izarak, papa l, te gen lakrentif pou li a+. 54  Apre sa, Jakòb fè yon sakrifis nan mòn nan e li envite mesye l yo manje. Se konsa, yo manje e yo pase nuit lan nan mòn nan. 55  Epi, Laban leve granmmaten, li bo pitit pitit* li yo+ ak pitit fi l yo e li beni yo+. Apre sa, Laban retounen lakay li+.

Nòt anba paj

Oswa: “dye fanmi; zidòl”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Lit.: “Veye kò w pou w pa pale ak Jakòb sot nan byen al nan mal”.
Lit.: “pitit gason”.
Se yon mo arameyen ki vle di: “Pil wòch ki temwen”.
Se yon mo ebre ki vle di: “Pil wòch ki temwen”.
Ann ebre, sa vle di: “Kote yo fè pòs”.
Lit.: “pitit gason”.