Jenèz 33​:​1-20

  • Jakòb rankontre ak Ezaou (1-16)

  • Jakòb vwayaje al Sichèm (17-20)

33  Rive yon lè, Jakòb leve je l li wè Ezaou k ap vini ansanm ak 400 gason+. Lè l wè sa, li separe timoun yo bay Leya, Rachèl ak de sèvant yo+.  Li mete sèvant yo ak pitit pa yo devan+, Leya ak pitit pa l yo apre+, e li mete Rachèl+ ak Jozèf dèyè.  Apre sa, li pran devan yo, li koube atè byen ba, pandan sèt fwa, tank li t ap pwoche pi pre frè l la.  Men, Ezaou kouri al rankontre Jakòb, li ba l akolad e li bo l, epi yo tonbe kriye.  Epi, Ezaou voye je l li wè medam yo ak timoun yo, li di: “Ki moun sa yo ki avè w la a?” Lè sa a, Jakòb reponn: “Se pitit Bondye bay sèvitè w la+.”  Lè sa a, sèvant yo avanse ak pitit pa yo e yo koube atè byen ba.  Leya, li menm tou, avanse ak pitit pa l yo e yo koube atè byen ba. Apre sa, Jozèf avanse ansanm ak Rachèl e yo koube atè byen ba+.  Epi, Ezaou di: “Poukisa w voye tout moun sa yo ak tout bèt sa yo mwen wè yo+?” Lè sa a, Jakòb di l: “Se pou m ka jwenn favè w, mèt mwen+.”  Epi, Ezaou di: “Frè m+, mwen gen anpil anpil byen. Ou mèt kenbe pa w yo.” 10  Men, Jakòb di l: “Non, tanpri frè m. Si w kontan wè m vre, ou dwe pran kado m pote pou ou yo, paske m te pote yo pou m ka wè w. Wè m wè w la, se kòmsi se Bondye mwen wè, paske w resevwa m ak kè kontan+. 11  Tanpri, pran kado mwen pote yo kòm yon benediksyon mwen pote pou ou+, paske Bondye beni m e mwen gen tout sa m bezwen+.” Epi, Jakòb te kontinye pale avè l jiskaske li te pran kado yo. 12  Apre sa, Ezaou di: “Ann kite zòn nan pou n ale, kite m pran devan w.” 13  Men, Jakòb di l: “Mèt mwen, ou konnen timoun yo frajil+, epitou mwen dwe pran swen mouton ak bèf ki gen pitit yo. Si m al twò vit ak yo yon sèl jou, tout twoupo a ap mouri. 14  Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan sèvitè w la. Mwen menm, m ap kontinye vwayaj la pi dousman, jan twoupo m yo ak timoun yo ka mache, jiskaske m rive Seyi, lakay mèt mwen an+.” 15  Lè sa a, Ezaou di: “Ban m kite kèk nan mesye m yo avè w.” Epi, Jakòb di: “Ou pa bezwen fè sa, mèt mwen. Mwen satisfè poutèt ou kontan wè m.” 16  Konsa, menm jou a, Ezaou retounen Seyi. 17  Epi, Jakòb al Soukòt+. Li bati yon kay pou l rete e li fè yon kote pou twoupo bèt li yo rete tou. Se sa k fè li te rele zòn nan Soukòt*. 18  Apre Jakòb fin kite Padanaram+, li rive sennesòf nan vil Sichèm+, nan peyi Kanaran+, e li rete toupre vil la. 19  Annapre, li achte moso tè kote li te monte tant li an pou 100 pyès monnen nan men pitit gason Amò yo, papa Sichèm+. 20  Apre sa, li fè yon lotèl nan zòn nan e li te rele l Bondye se Bondye Izrayèl la+.

Nòt anba paj

Sa vle di: “Tonèl; Abri”.