Jenèz 36​:​1-43

  • Desandan Ezaou yo (1-30)

  • Wa ak chèf peyi Edòm yo (31-43)

36  Men istwa lavi Ezaou ki te rele Edòm tou+.  Ezaou te chwazi madanm li te genyen yo pami medam Kanaran yo. Li te chwazi Ada+, pitit fi Elon+, yon desandan Èt, ak Owolibama+, pitit fi Ana, pitit pitit fi Zibeyon, yon Ivit,  e li te chwazi Basmat+, sè Nebayòt, pitit fi Izmayèl+.  Ada te fè Elifaz pou Ezaou e Basmat te fè Rewouyèl.  Owolibama te fè Jewouch, Jalam ak Kore+. Se pitit gason sa yo Ezaou te genyen nan peyi Kanaran.  Apre sa, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l yo, pitit fi l yo, tout moun* ki te lakay li, twoupo mouton l yo, tout lòt bèt li te genyen ak tout richès li te vin genyen+ nan peyi Kanaran, li t ale nan yon lòt peyi ki yon ti jan lwen Jakòb, frè l la+,  paske byen yo te genyen yo te vin twòp pou yo toule de ret ansanm e peyi kote yo te rete a te twò piti pou yo akoz bèt yo te genyen yo.  Se sa k fè Ezaou t al abite nan zòn ki gen mòn nan Seyi+. Yo te rele Ezaou Edòm tou+.  Men istwa lavi Ezaou, zansèt moun peyi Edòm yo ki abite nan zòn ki gen mòn nan Seyi+. 10  Men non pitit gason Ezaou yo: Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Rewouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou+. 11  Pitit gason Elifaz yo se te Teman+, Oma, Sefo, Gatam ak Kenaz+. 12  Timna se te yon madanm sou kote Elifaz, pitit gason Ezaou, te genyen. Li te vin fè yon pitit gason ki rele Amalèk pou Elifaz+. Tout mesye sa yo se te pitit pitit Ada, madanm Ezaou. 13  Pitit gason Rewouyèl yo se te Nahat, Zera, Chama ak Miza. Mesye sa yo se te pitit pitit Basmat+, madanm Ezaou. 14  Men non pitit gason Owolibama, madanm Ezaou, te fè pou Ezaou yo, li menm ki te pitit fi Ana e ki te pitit pitit fi Zibeyon: Jewouch, Jalam ak Kore. 15  Men non chèf tribi ki te pitit pitit gason Ezaou yo+, yo menm ki te pitit Elifaz, premye pitit Ezaou: Teman, chèf tribi, Oma, chèf tribi, Sefo, chèf tribi, Kenaz, chèf tribi+, 16  Kore, chèf tribi, Gatam, chèf tribi, ak Amalèk, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Elifaz+ te gen nan peyi Edòm. Yo se pitit pitit Ada. 17  Men non pitit gason Rewouyèl, pitit Ezaou, te genyen yo: Nahat, chèf tribi, Zera, chèf tribi, Chama, chèf tribi, ak Miza, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Rewouyèl te gen nan peyi Edòm+. Yo se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou. 18  Anfen, men non pitit gason Owolibama yo, li menm ki te madanm Ezaou: Jewouch, chèf tribi, Jalam, chèf tribi, ak Kore, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Owolibama, madanm Ezaou, ki te pitit fi Ana. 19  Yo tout te chèf tribi e yo te pitit gason Ezaou ki te rele Edòm tou+. 20  Men non pitit gason Seyi ki te yon Orit, e yo te abite nan peyi a+: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana+, 21  Dichon, Ezè ak Dichan+. Mesye sa yo ki te pitit Seyi, Orit la, te chèf tribi nan peyi Edòm. 22  Pitit gason Lotan yo se te Ori ak Emam, e Timna se te sè Lotan+. 23  Men non pitit gason Chobal yo: Alvan, Manarat, Ebal, Chefo ak Onam. 24  Men non pitit gason Zibeyon yo+: Ayiya ak Ana. Se Ana ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a pandan l t ap pran swen bourik Zibeyon, papa l, te genyen yo. 25  Men non pitit Ana yo: Dichon ak Owolibama, pitit fi Ana a. 26  Men non pitit gason Dichon yo: Emdan, Echban, Itran ak Keran+. 27  Men non pitit gason Ezè yo: Bilan, Zavan ak Akan. 28  Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran+. 29  Men non chèf tribi ki pitit Orit la: Lotan, chèf tribi, Chobal, chèf tribi, Zibeyon, chèf tribi, Ana, chèf tribi, 30  Dichon, chèf tribi, Ezè, chèf tribi, ak Dichan+, chèf tribi. Moun sa yo se te chèf tribi nan peyi Seyi e se Orit yo te ye. 31  Kounye a, men wa ki te gen nan peyi Edòm+ anvan te vin gen wa k ap dirije Izrayelit yo+. 32  Bela, pitit gason Beyò, te wa nan peyi Edòm, e li t ap dirije detan l nan vil Dinaba. 33  Lè Bela mouri, Jobab, pitit gason Zera, moun Bozra, te vin wa nan plas li. 34  Lè Jobab mouri, Oucham, moun peyi Teman, te vin wa nan plas li. 35  Lè Oucham mouri, Adad, pitit gason Bedad, ki te pot laviktwa sou moun Madyan yo+ nan tèritwa Mowab, te vin wa nan plas li. Li t ap dirije detan l nan vil Avit. 36  Lè Adad mouri, Samla, moun Masreka, te vin wa nan plas li. 37  Lè Samla mouri, Chayil, moun Reyobòt ki toupre Rivyè Efrat, te vin wa nan plas li. 38  Lè Chayil mouri, Baalanan, pitit gason Akbò, te vin wa nan plas li. 39  Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, Ada te vin wa nan plas li, e li t ap dirije detan l nan vil Pawou. Madanm li te rele Meyetabèl, pitit fi Matrèd ki te pitit fi Mezarab. 40  Men non chèf tribi ki te desandan Ezaou yo, selon fanmi kote yo soti ak zòn kote yo te ye: Timna, chèf tribi, Alva, chèf tribi, Jetèt, chèf tribi+, 41  Owolibama, chèf tribi, Ela, chèf tribi, Pinon, chèf tribi, 42  Kenaz, chèf tribi, Teman, chèf tribi, Mibza, chèf tribi, 43  Magdyèl, chèf tribi, ak Iram, chèf tribi. Moun sa yo te chèf tribi nan peyi Edòm, selon kote yo te rete nan tèritwa yo te genyen yo+. Se Ezaou ki zansèt moun peyi Edòm yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “nanm”.