Jenèz 40​:​1-23

  • Jozèf esplike rèv prizonye yo (1-19)

    • ‘Bondye konn esplike rèv’ (8)

  • Jou fèt Farawon (20-23)

40  Apre sa, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa Ejip la bwason yo+ ak chèf boulanje a te fè mèt yo a, wa Ejip la, yon bagay ki mal.  Se sa k fè Farawon te vin fache anpil kont de sèvitè sa yo, anpalan de mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a+.  Li te fè fèmen yo nan kacho lakay chèf sekirite a+, kote Jozèf te nan prizon an+.  Epi, chèf sekirite a te mete yo ansanm ak Jozèf, e yo te sou kont Jozèf+. Yo te pase kèk tan nan prizon.  Ni mesye ki te konn sèvi wa Ejip la bwason yo, ni chèf boulanje wa a, yo chak te fè yon rèv nan yon menm nuit, pandan yo te fèmen nan prizon an, e chak rèv te gen sans pa l.  Nan demen maten, lè Jozèf antre kote yo, li wè figi yo fennen.  Se sa k fè li te mande sèvitè Farawon yo ki te nan prizon ansanm avè l lakay mèt li a: “Poukisa figi nou fennen konsa jodi a?”  Yo reponn li: “Nou chak fè yon rèv, men pa gen moun ki pou esplike nou yo.” Jozèf di yo: “Èske se pa Bondye ki konn esplike rèv+? Tanpri, rakonte m rèv nou yo.”  Se konsa, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa a bwason yo rakonte Jozèf rèv li a, li di l: “Nan rèv mwen an, mwen te wè yon pye rezen. 10  Pye rezen an te gen twa ti branch. Pandan l t ap boujonnen, li te fleri, e grap li yo te vin bay rezen ki mi. 11  Koup Farawon an te nan men m, mwen pran rezen e mwen prije yo nan koup la. Apre sa, mwen bay Farawon koup la.” 12  Lè sa a, Jozèf di l: “Men esplikasyon rèv la: Twa ti branch yo se twa jou. 13  Nan twa jou Farawon ap fè yo lage w, l ap fè w retounen nan travay ou+. Ou pral pote koup Farawon an ba li jan w te konn abitye fè lè w te konn sèvi l bwason yo+. 14  Men, se pou w sonje m lè bagay yo ap byen mache pou ou. Tanpri, se pou w montre ou gen lanmou ki fidèl pou mwen, e se pou w pale ak Farawon pou mwen pou l ka fè m soti la a. 15  An reyalite, se kidnape yo te kidnape m nan peyi Ebre yo+. Epi, isit la, mwen pa fè anyen ki merite pou yo mete m nan prizon+.” 16  Lè chèf boulanje a wè esplikasyon Jozèf te bay la nan avantaj konpayon l lan, li menm tou, li di Jozèf: “Nan rèv pa m nan, mwen te wè twa pànye sou tèt mwen ki gen pen blan ladan yo. 17  Men, nan pànye ki te anlè nèt la, te gen tout kalite bagay ki kuit nan fou pou Farawon e te gen zwazo ki t ap manje yo nan pànye a.” 18  Lè sa a, Jozèf di l: “Men esplikasyon rèv la: Twa pànye yo se twa jou. 19  Nan twa jou, Farawon ap koupe tèt ou, l ap pann ou sou yon poto e zwazo ap vin manje vyann kò w+.” 20  Twouve, twazyèm jou a se te jou fèt Farawon+. Li te fè yon gwo fèt pou tout sèvitè l yo e li te fè yo mennen mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a devan sèvitè l yo. 21  Epi, Farawon te fè mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason an retounen nan travay li e misye te kontinye sèvi l bwason. 22  Epi, li te pann chèf boulanje a, jan Jozèf te esplike yo a+. 23  Men, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa a bwason yo pa t sonje Jozèf+.

Nòt anba paj