Jenèz 43​:​1-34

  • Dezyèm vwayaj frè Jozèf yo ann Ejip, y ale ak Benjamen (1-14)

  • Jozèf rankontre frè l yo ankò (15-23)

  • Jozèf manje ak frè l yo (24-34)

43  Twouve, grangou a te rèd anpil nan peyi a+.  Se sa k fè, lè yo te fin manje manje yo te achte nan peyi Ejip la+, papa yo te di yo: “Retounen al achte yon ti manje pou nou.”  Lè sa a, Jida di l: “Mesye a te pale byen klè avèk nou, li te di nou: ‘Nou pa dwe vin wè m ankò si frè nou an pa ansanm avèk nou+.’  Si w voye frè nou an avèk nou, n ap desann al achte manje pou ou.  Men si w pa voye l, nou pa prale, paske mesye a te di nou: ‘Nou pa dwe vin wè m ankò si frè nou an pa ansanm avèk nou+.’”  Epi, Izrayèl+ mande: “Poukisa nou te oblije di mesye a nou gen yon lòt frè pou nou lage m nan pwoblèm?”  Yo reponn: “Se mesye a menm ki te mande nou enfòmasyon sou nou ak fanmi nou. Li te mande nou: ‘Èske papa nou vivan toujou? Èske nou gen yon lòt frè?’ Nou te di l laverite+. Ki jan n t ap fè konnen si l t ap di nou: ‘Vini ak frè nou an+’?”  Epi, Jida sipliye Izrayèl, papa l, li di l: “Voye tigason an avè m+, kite n ale pou grangou pa touye+ ni nou menm, ni ou menm, ni pitit nou yo+.  Nenpòt sa k rive l se sou kont mwen+. Ou mèt ban m responsab li. Si m pa mennen l tounen ba ou e mwen pa remèt ou li nan men, peche sa a ap ret sou do m pandan tout vi m. 10  Kounye a, si nou pa t ret ap pèdi tan, nou t ap gentan sou de vwayaj lòtbò a.” 11  Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di yo: “Si se konsa sa dwe fèt, men sa pou n fè: Pran sa ki pi bon nou gen nan peyi a met nan sak nou pou n pot fè mesye a kado+. Pote yon ti luil santi bon+, yon ti siwo myèl, gonm santi bon, grès bwa santi bon+, pistach ak zanmann. 12  Pot de fwa kantite lajan n ap bezwen an. Pote lajan yo te met nan sak nou an remèt+. Petèt se te yon erè. 13  Epi, pran frè nou an, tounen al kot mesye a. 14  Mwen swete pou Bondye Toupisan an fè mesye a gen pitye pou nou, pou l ka kite n tounen ak lòt frè nou an ansanm ak Benjamen. Kanta pou mwen, si se pou m pèdi pitit mwen yo, m ap reziyen m+!” 15  Se konsa, mesye yo pran kado a, yo pran de fwa kantite lajan y ap bezwen an ansanm ak Benjamen. Apre sa, yo desann al nan peyi Ejip e yo retounen devan Jozèf+. 16  Lè Jozèf wè Benjamen ansanm avèk yo, menm kote a li di mesye ki responsab kay li a: “Mennen mesye yo lakay la, touye bèt pou w fè manje pou nou, paske mesye yo ap manje avè m a midi.” 17  San pèdi tan, mesye a fè sa Jozèf di l la+ e li mennen yo lakay Jozèf. 18  Men, mesye yo te vin pè lè yo mennen yo lakay Jozèf, yo t ap di: “Se poutèt lajan yo te met nan sak nou an dènye fwa a ki fè yo mennen nou la a. Kounye a, y ap met men sou nou, y ap fè nou vin esklav e y ap pran bourik nou yo+.” 19  Se sa k fè yo t al pale ak mesye ki te responsab kay Jozèf la nan rantre kay la. 20  Yo di l: “Eskize nou wi, mèt. Nou te vin achte manje yon fwa deja+. 21  Men, lè n te rive kote nou t apral pase nuit lan, nou te ouvri sak nou, nou te sezi wè lajan nou chak te nan sak nou, tout lajan an nèt+. Se sa k fè, nou vle remèt lajan an. 22  Nou vin ak plis lajan pou n achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te met lajan an nan sak nou+.” 23  Lè sa a, mesye a di yo: “Pa gen pwoblèm. Nou pa bezwen pè. Bondye nou an ki Bondye papa nou ap sèvi a te mete lajan an nan sak nou. Se mwen ki te resevwa lajan nou an.” Apre sa, li mennen Simeyon ba yo+. 24  Annapre, mesye a mennen yo kay Jozèf, li ba yo dlo pou yo lave pye yo e li ba yo manje pou yo bay bourik yo. 25  Yo prepare kado yo+ te pot pou Jozèf la pou yo ba li l lè l vin a midi, paske yo te tande yo gen pou yo manje nan kay la+. 26  Lè Jozèf antre nan kay la, yo pote kado a ba li anndan kay la e yo bese devan l jis atè+. 27  Apre sa, Jozèf mande yo ki jan yo ye, epi li di yo: “Ki jan papa nou ye, granmoun nou te pale m de li a? Li vivan toujou+?” 28  Lè sa a, yo reponn: “Sèvitè w la, papa nou, byen. Li vivan toujou.” Epi, yo bese fas atè byen ba+. 29  Lè Jozèf gade, li wè Benjamen, frè l la, pitit gason manman l lan+, li di: “Èske se pi jèn frè nou an nou te pale m de li a+?” Apre sa, li di: “Se pou Bondye beni w, pitit gason m!” 30  Epi, Jozèf te kouri soti byen vit, paske li pa t ka sipòte ankò lè l te wè frè l la, e li t al chèche yon kote pou l kriye. Epi, li te antre nan yon chanm, li tonbe kriye+. 31  Apre sa, li lave figi l, li soti, epi li kontwole tèt li, li di: “Nou mèt sèvi manje a.” 32  Yo sèvi l manje sou tab li. Yo sèvi mesye yo sou tab pa yo. Epi, Ejipsyen ki te ak Jozèf yo t ap manje poukont yo, paske se te yon move bagay pou Ejipsyen yo pou yon Ejipsyen manje ansanm ak yon Ebre+. 33  Frè Jozèf yo te chita devan Jozèf selon laj yo. Soti nan premye a, selon dwa l genyen kòm premye pitit+, rive nan dènye a. Yo te sezi e youn t ap gade lòt. 34  Jozèf te fè pran nan manje sou tab li a pote sou tab frè l yo. Men, kantite manje li te voye pou Benjamen an te senk fwa pi gwo pase sa l te voye pou lòt mesye yo+. Se konsa, yo t ap byen manje byen bwè ak Jozèf.

Nòt anba paj