Jenèz 45​:​1-28

  • Jozèf fè konnen kiyès li ye (1-15)

  • Frè Jozèf yo retounen al chèche Jakòb (16-28)

45  Lè Jozèf tande pawòl sa yo, li pa t ka kenbe ankò devan tout moun ki te la yo+. Se sa k fè l te di byen fò: “Fè tout moun soti devan m nan!” Pèsonn pa t rete kote Jozèf pandan l t ap fè frè l yo rekonèt li+.  Lè sa a, li te tèlman rele fò e li t ap kriye, Ejipsyen yo te tande vwa l e menm moun lakay Farawon yo te tande l tou.  Finalman, Jozèf di frè l yo: “Mwen se Jozèf. Èske papa m vivan toujou?” Men, frè l yo te tèlman sezi, yo pa t menm ka reponn li.  Lè sa a, Jozèf di frè l yo: “Tanpri, pwoche bò kote m.” Epi yo pwoche bò kote l. Li di yo: “Mwen se Jozèf, frè nou, se mwen nou te vann bay moun ki t apral ann Ejip yo+.  Men, kounye a, pa bay tèt nou pwoblèm e pinga youn repwoche lòt poutèt nou te vann mwen isit la, paske se pou n te ka rete vivan ki fè Bondye te voye m vin anvan nou isit la+.  Se dezyèm ane grangou nan peyi a+ e gen senk lòt ane ki gen pou vini kote moun pap ni plante, ni rekòlte.  Men, Bondye te voye m devan nou pou fanmi nou pa peri sou tè a*+ e pou nou ka ret vivan grasa yon gwo delivrans.  Kidonk, se pa nou menm ki te voye m isit la, men se vrè Dye a, pou l te fè m vin tankou papa* pou Farawon, yon mèt pou tout moun lakay li e pou m ka dirije tout peyi Ejip+.  “Retounen byen vit al jwenn papa m, e nou dwe di l: ‘Men sa Jozèf, pitit gason w lan, di: “Bondye mete m alatèt tout peyi Ejip+. Desann vin jwenn mwen. Pa mize+. 10  Nou dwe al abite Gochenn+, kote n ap toupre m, nou menm, pitit nou yo, pitit pitit nou yo, mouton nou yo, bèf nou yo ak tout sa n genyen. 11  M ap ban nou manje, paske ret senk lòt ane grangou ankò+. Si nou pa fè sa, ni nou menm, ni moun lakay nou, ni tout sa n genyen ap peri.”’ 12  Nou menm ansanm ak Benjamen, frè m nan, ka wè kounye a ak pwòp je nou se mwen menm k ap pale avèk nou toutbonvre+. 13  Se pou nou rakonte papa m tout glwa nou wè m genyen nan peyi Ejip ak tout bagay nou te wè yo! Kounye a, fè vit al chèche papa m mennen l isit la.” 14  Apre sa, Jozèf vlope Benjamen, frè l la, nan bra l, li tonbe kriye, e Benjamen t ap kriye ak bra l pase nan kou Jozèf+. 15  Epi, li bo tout frè l yo e li kriye devan yo. Apre sa, frè l yo pale avè l. 16  Nouvèl la te rive jis lakay Farawon, yo t al di l: “Frè Jozèf yo vini!” Sa te fè Farawon ak sèvitè l yo plezi. 17  Se sa k fè Farawon te di Jozèf: “Di frè w yo: ‘Men sa pou n fè: Chaje bèt nou yo, epi ale nan peyi Kanaran, 18  pran papa nou ak tout moun lakay nou epi vin jwenn mwen isit la. M ap ban nou bon bagay ki gen nan peyi Ejip e n ap manje pi bon manje* ki gen nan peyi a+.’ 19  Mwen ba w lòd di yo+: ‘Men sa pou n fè: Pran charyo+ nan peyi Ejip pou ti pitit nou yo ak madanm nou, se pou nou mete papa nou nan youn nan charyo yo, epi vin isit avè l+. 20  Pa enkyete nou pou byen nou yo+, paske pi bon bagay ki gen nan tout peyi Ejip se pou nou.’” 21  Epi, pitit gason Izrayèl yo te fè sa yo te di yo a. Jozèf te ba yo charyo, jan Farawon te pase l lòd fè sa, e li te ba yo pwovizyon pou vwayaj la. 22  Li te bay yo chak yon rad nèf, men li te bay Benjamen 300 pyès monnen ann ajan ak senk rad nèf+. 23  Epi, men sa l te voye pou papa l: dis bourik ki te chaje ak bon bagay ki gen nan peyi Ejip ak dis femèl bourik ki t ap pote manje angren ak pen ak lòt manje pou papa l manje pandan vwayaj la. 24  Konsa, li te voye frè l yo ale, e pandan mesye yo prale, li di yo: “Pinga nou youn fè kont ak lòt sou wout la+.” 25  Yo te kite peyi Ejip, epi yo rive nan peyi Kanaran, kot Jakòb, papa yo. 26  Lè sa a, yo di Jakòb: “Jozèf vivan toujou, se li ki alatèt tout peyi Ejip+!” Men, Jakòb pa t okipe sa yo te di l la, paske li pa t kwè yo+. 27  Lè yo te kòmanse rakonte Jakòb, papa yo, tout pawòl Jozèf te di yo, e lè Jakòb te wè charyo Jozèf te voye pou yo ka mennen l ann Ejip, li te repran fòs ankò. 28  Izrayèl di byen fò: “Nou pa bezwen di m anyen ankò! Jozèf, pitit gason m nan, vivan toujou! Fò m ale pou m ka wè l anvan m mouri+.”

Nòt anba paj

Oswa: “pou l kite yon rès pou nou sou tè a”.
Oswa: “tankou konseye an chèf”.
Oswa: “pati ki gra”.