Jenèz 46​:​1-34

  • Jakòb ak fanmi l al viv ann Ejip (1-7)

  • Non moun k al ann Ejip yo (8-27)

  • Jozèf al rankontre Jakòb nan Gochenn (28-34)

46  Konsa, Izrayèl te vwayaje ak tout moun lakay li e ak tout sa l genyen. Lè l rive Beyècheba+, li fè sakrifis pou Bondye Izarak, papa l, t ap sèvi a+.  Apre sa, Bondye pale avè l nan yon vizyon nan nuit, li di l: “Jakòb! Jakòb!” Li reponn: “Men mwen!”  Epi, Bondye di l: “Mwen se vrè Dye a, Bondye papa w t ap sèvi a+. Pa pè desann ann Ejip, paske m ap fè w vin yon gwo nasyon lòtbò a+.  Se mwen menm k ap desann avè w ann Ejip e se mwen menm k ap fè w retounen sot lòtbò a+. Lè w mouri, se Jozèf k ap fèmen je w+.”  Annapre, Jakòb kite Beyècheba e pitit gason l yo te mete papa yo, timoun piti yo te genyen yo ak madanm yo sou charyo Farawon te voye pou y al chèche Jakòb yo.  Yo kite peyi Kanaran ak tout bèt yo te genyen ansanm ak tout byen yo te vin genyen. Se konsa, Jakòb ansanm ak tout fanmi l rive ann Ejip.   Li t al ann Ejip ansanm ak pitit gason l yo, pitit fi l yo, tout pitit pitit li yo, gason kou fi, sa vle di tout fanmi l nèt.  Men pitit gason Jakòb te genyen yo, pitit gason ki t al ann Ejip avè l yo+: Premye a se te Ribenn+.  Pitit gason Ribenn yo se te Anòk, Palou, Ezwon ak Kami+. 10  Pitit gason Simeyon yo+ se te Jemouwèl, Jamin, Orad, Jakin, Zora ak Chayil+ ki te pitit gason yon fi ki moun Kanaran. 11  Pitit gason Levi yo+ se te Gèchon, Keyat ak Merari+. 12  Pitit gason Jida yo+ se te È, Onan, Chela+, Perès+ ak Zera+. Men, È ak Onan te mouri nan peyi Kanaran+. Pitit gason Perès yo se te Ezwon ak Amoul+. 13  Pitit gason Isaka yo se te Tola, Pouva, Yòb ak Chimwon+. 14  Pitit gason Zabilon yo+ se te Serèd, Elon ak Jaleyèl+. 15  Leya te fè plizyè pitit gason pou Jakòb lè l te Padanaram e li te fè Dina, pitit fi l la, tou+. Tout pitit gason ak pitit fi Jakòb te gen avè l yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 33 moun* antou. 16  Pitit gason Gad yo+ se te Zifyon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areli+. 17  Pitit gason Achè yo+ se te Imna, Ichva, Ichvi ak Berya. Yo te gen yon sè ki rele Sera. Pitit gason Berya yo se te Ebè ak Malkyèl+. 18  Zilpa, sèvant Laban te bay Leya, pitit fi l la, te fè plizyè pitit gason pou Jakòb+. Pitit gason Zilpa te fè yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 16 moun* antou. 19  Rachèl, madanm Jakòb, te fè de pitit gason: Jozèf+ ak Benjamen+. 20  Asnat+, pitit fi Potifera, prèt vil On* an, te fè Manase+ ak Efrayim+ pou Jozèf nan peyi Ejip. 21  Pitit gason Benjamen yo+ se te Bela, Bekè, Achbèl, Gera+, Naaman, Eyi, Wòch, Moupim, Oupim+ ak Ad+. 22  Pitit gason Rachèl te fè pou Jakòb yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 14 moun* antou. 23  Pitit gason Dann nan*+ se te Ouchim+. 24  Pitit gason Neftali yo+ se te Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chilèm+. 25  Bila, sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi l la, te fè plizyè pitit gason pou Jakòb. Pitit gason Bila te fè yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te sèt moun* antou. 26  Tout moun ki desandan Jakòb ki t al ann Ejip avè l yo, san konte madanm pitit gason Jakòb yo, te 66 moun* antou+. 27  Jozèf te gen de pitit gason* ki fèt ann Ejip. Te gen 70 moun* antou ki fanmi Jakòb ki te vin ann Ejip+. 28  Jakòb te voye Jida+ devan pou l al di Jozèf li nan wout pou l al Gochenn. Lè yo te rive Gochenn+, 29  Jozèf te fè yo prepare charyo l pou li, e li monte al Gochenn kot Izrayèl, papa l. Lè l parèt devan papa l, menm kote a, li vlope l nan bra l e li kriye pandan yon bon ti tan. 30  Epi, Izrayèl di Jozèf: “Kounye a, mwen mèt mouri. Mwen wè w e mwen konnen w vivan toujou.” 31  Lè sa a, Jozèf di frè l yo ak tout moun ki ansanm ak papa l yo: “Kite m monte al pale ak Farawon+, m ap di l: ‘Frè m yo ak tout moun ki lakay papa m yo ki t ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la+. 32  Mesye sa yo gade mouton ak lòt bèt+. Yo vin ak mouton yo+, bèf yo ak tout sa yo genyen+.’ 33  Lè Farawon voye rele nou e li mande nou: ‘Ki metye nou?’ 34  Nou dwe di l: ‘Depi lè sèvitè w yo jèn pou jis kounye a, se mouton nou gade menm jan ak zansèt nou yo+.’ Konsa, n ap ka abite Gochenn+, paske, pou Ejipsyen yo, se yon vye bagay pou moun ap gade mouton+.”

Nòt anba paj

Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Anpalan de Elyopolis.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “pitit gason Dann yo”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.