Jenèz 47​:​1-31

  • Jozèf al pale ak Farawon (1-12)

  • Jozèf jere bagay yo avèk sajès (13-26)

  • Izrayèl abite Gochenn (27-31)

47  Epi, Jozèf al di Farawon+: “Papa m ak frè m yo sot nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen. Men yo Gochenn+.”  Li pran senk nan frè l yo, li prezante Farawon yo+.  Farawon mande frè Jozèf yo: “Ki metye nou?” Yo reponn: “Sèvitè w yo se gadò mouton, menm jan ak zansèt nou yo+.”  Apre sa, yo di Farawon: “Nou vin abite kòm etranje nan peyi a+ paske pa gen manje pou bèt sèvitè w yo e grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran+. Tanpri, pèmèt sèvitè w yo rete Gochenn+.”  Kou Farawon tande sa, li di Jozèf: “Kounye a, papa w ak frè w yo vin jwenn ou isit la.  Peyi a nan men w, fè yo abite kote ki pi bèl nan peyi a+. Kite yo rete Gochenn. Si gen kèk gason vanyan pami yo, se pou w ba yo responsab twoupo bèt mwen yo.”  Apre sa, Jozèf mennen Jakòb, papa l, kot Farawon, li prezante Farawon papa l, epi Jakòb beni Farawon.  Farawon mande Jakòb: “Ki laj ou?”  Jakòb reponn li: “Mwen gen 130 an depi m ap viv kòm etranje plizyè kote. Mwen pa viv anpil tan e ti tan mwen viv la chaje ak traka+. Zansèt mwen yo te viv plizyè kote kòm etranje tou, men yo te viv plis tan pase m+.” 10  Apre sa, Jakòb beni Farawon epi l ale. 11  Se konsa, Jozèf te bay papa l ak frè l yo yon kote pou yo rete ann Ejip, pi bèl kote nan Ramsès+, jan Farawon te ba l lòd fè sa. 12  Epi, Jozèf te kontinye bay papa l ak frè l yo manje ansanm ak tout moun lakay papa l, selon kantite pitit yo te genyen. 13  Twouve, pa t gen manje ankò okenn kote nan peyi a, paske grangou a te rèd anpil. Peyi Ejip ak peyi Kanaran te fin depafini anba grangou+. 14  Jozèf te ranmase tout lajan ki te gen nan peyi Ejip ak nan peyi Kanaran moun yo te peye pou manje yo te achte+. Li te pote tout lajan yo lakay Farawon. 15  Pa t ret lajan ankò ni ann Ejip, ni nan peyi Kanaran. Se sa k fè tout Ejipsyen yo te kòmanse al kot Jozèf, yo te di l: “Ban nou manje. Poukisa nou oblije mouri devan je w paske nou pa gen lajan ankò?” 16  Lè sa a, Jozèf di: “Si nou pa gen lajan, pote bèt nou yo vini e m ap ban nou manje.” 17  Konsa, yo te kòmanse mennen bèt yo genyen yo bay Jozèf. Jozèf te kontinye ba yo manje e yo te bay Jozèf cheval yo, mouton yo, bèf yo ak bourik yo te genyen. Li te fè tout ane a ap bay moun yo manje e yo te ba li tout bèt yo te genyen. 18  Lè ane a fini, yo te retounen kot Jozèf nan ane apre a, yo te di l: “Mèt, nou pa kache di w sa, nou deja fin ba w tout lajan nou ak tout bèt nou yo. Nou pa gen anyen ankò, mèt. Sèl sa nou ka ba ou se tèt nou ak tè nou yo. 19  Poukisa nou oblije mouri devan je w epi pou tè nou yo ret la san pa gen moun pou travay yo? Achte nou ansanm ak tè nou yo pou w ka ban nou manje. Konsa, n ap vin esklav Farawon e tè nou yo ap vin pou li. Ban nou semans pou n plante pou n pa mouri grangou e pou tè nou yo pa fin depafini.” 20  Epi, Jozèf te achte tout tè Ejipsyen yo pou Farawon paske tout Ejipsyen yo te vann tè yo genyen akoz grangou a ki te rèd anpil. Epi, tout peyi a te vin pou Farawon. 21  Jozèf te fè tout moun nan peyi Ejip al nan vil yo, soti nan yon bout peyi a rive jis nan lòt bout la+. 22  Se sèl tè prèt yo Jozèf pa t achte+. Prèt yo te resevwa manje nan men Farawon, se sa k fè yo pa t vann tè yo. 23  Annapre, Jozèf di pèp la: “Gade! Jodi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou Farawon. Men semans pou nou simen e se pou nou plante yo nan peyi a. 24  Lè jaden nou yo donnen, n ap fè sa nou rekòlte a fè senk pati, n ap bay Farawon yon pati+. Men, kat pati ki rete yo ap pou nou. Konsa, n ap jwenn semans pou n fè jaden e pou nou menm ak moun lakay nou ansanm ak timoun nou yo manje.” 25  Lè yo tande sa, yo di: “Mèt, ou sove lavi nou+. Ebyen, fè nou favè kounye a tou, e n ap vin esklav Farawon+.” 26  Apre sa, Jozèf pase yon dekrè ki toujou la jis jounen jodi a nan tout peyi Ejip. Dekrè a fè konnen youn nan senk pati nan rekòt yo fè yo ap pou Farawon. Se sèl tè prèt yo ki pa t vin pou Farawon+. 27  Moun lakay Izrayèl yo te kontinye abite Gochenn+, nan peyi Ejip. Yo te rete la nèt, yo te fè anpil pitit e yo te vin anpil+. 28  Epi, Jakòb te pase 17 an ap viv ann Ejip. Konsa, Jakòb te viv 147 an+. 29  Jou lanmò Izrayèl t ap pwoche+. Se sa k fè li te rele Jozèf, pitit gason l, li di l: “Kounye a, si w renmen m vre, tanpri, mete men w anba kuis mwen pou w fè sèman w ap demontre ou gen lanmou* pou mwen e ou fidèl avè m. Tanpri, pa antere m ann Ejip+. 30  Lè m mouri, ou dwe sot ann Ejip avè m pou w al antere m nan tonm zansèt mwen yo+.” Lè sa a, Jozèf di l: “Se sa w di a menm m ap fè.” 31  Apre sa, Jakòb di l: “Fè sèman ban mwen.” Jozèf fè sèman ba li+, epi Izrayèl bese tèt li byen ba bò tèt kabann li+.

Nòt anba paj

Oswa: “lanmou ki fidèl”.