Jenèz 48​:​1-22

  • Jakòb beni de pitit gason Jozèf yo (1-12)

  • Efrayim jwenn pi gwo benediksyon (13-22)

48  Apre sa, gen moun ki vin di Jozèf: “Men kò papa w kòmanse bese.” Kou l tande sa, li pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l yo, l al wè papa l+.  Epi, yo di Jakòb: “Men Jozèf, pitit gason w, vin wè w.” Konsa, li ranmase kouraj li e li chita sou kabann nan.  Li di Jozèf: “Bondye Toupisan an te parèt devan m pandan m te Louz, nan peyi Kanaran, e li te beni m+.  Li te di m: ‘M ap fè w gen anpil pitit, m ap fè w peple anpil, m ap fè w vin tounen yon pakèt pèp+ e m ap bay desandan w yo* peyi sa a kòm eritaj nètale+.’  Kounye a, de pitit gason ou vin gen nan peyi Ejip anvan m te vin jwenn ou isit la se pitit mwen yo ye+. Efrayim ak Manase ap vin pitit mwen, menm jan Ribenn ak Simeyon se pitit mwen+.  Men, se pitit ou pral gen apre yo k ap pou ou. Y ap jwenn pòsyon pa yo nan tè frè yo pral genyen kòm eritaj la+.  Mwen menm, pandan m t ap sot Padan, Rachèl te mouri+ bò kote m nan peyi Kanaran e te ret yon bonkou wout anvan nou rive Efrata+. Se sa k fè m te antere l lòtbò a, sou wout ki mennen Efrata a, sa vle di Betleyèm+.”  Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande Jozèf: “Ki timoun sa yo?”  Jozèf reponn papa l: “Se pitit gason m yo Bondye ban mwen isit la+.” Lè sa a, Jakòb di: “Tanpri, mennen yo ban mwen pou m beni yo+.” 10  Twouve, je Izrayèl pa t bon ankò, tèlman l te granmoun, e li pa t kapab wè. Se sa k fè Jozèf te mennen timoun yo toupre l. Epi, Izrayèl bo yo e li vlope yo nan bra l. 11  Izrayèl di Jozèf: “Mwen pa t janm panse mwen t ap wè w+, men kounye a, Bondye fè m wè ata pitit* ou.” 12  Epi, Jozèf retire timoun yo sou janm Izrayèl e li bese fas atè. 13  Ansuit, li pran de timoun yo. Li pran Efrayim+ ak men dwat li met sou bò goch Izrayèl, li pran Manase+ ak men goch li met sou bò dwat Izrayèl, e li fè yo pwoche toupre Izrayèl. 14  Men, Izrayèl mete men dwat li sou tèt Efrayim, byenke li te pi piti, e li mete men goch li sou tèt Manase. Se li ki te vle mete men l konsa, byenke se Manase ki te premye pitit+. 15  Apre sa, li beni Jozèf, li di+: “Se pou vrè Dye a, vrè Dye granpapa m, Abraram, ak papa m, Izarak, t ap mache avè l la+,Vrè Dye ki pran swen m pandan tout vi m rive jis jounen jodi a+, 16  Zanj* ki te delivre m anba tout kalamite ki te tonbe sou mwen yo+, beni timoun yo+.Se pou yo pote non m, non granpapa m, Abraram, ak non papa m, Izarak,E se pou yo peple anpil sou tè a+!” 17  Lè Jozèf wè papa l kite men dwat li sou tèt Efrayim, sa pa t fè l plezi. Se sa k fè li te eseye pran men papa l sou tèt Efrayim pou l mete l sou tèt Manase. 18  Jozèf te di papa l: “Se pa konsa, papa, paske se Manase ki premye pitit+. Mete men w sou tèt li.” 19  Men, papa l te refize fè sa l te mande a e li te di l: “Mwen konnen, pitit gason m, mwen konnen. Li menm tou, l ap vin yon nasyon e l ap vin yon moun enpòtan. Men, ti frè l la ap vin yon moun ki pi enpòtan pase l+, e pitit* li yo ap vin tèlman anpil, y ap tankou yon pakèt nasyon met ansanm+.” 20  Konsa, li te kontinye beni yo jou sa a+, li te di: “Se pou moun Izrayèl yo nonmen non w lè y ap bay benediksyon, e se pou yo di:‘Nou swete pou Bondye fè w vin menm jan ak Efrayim e menm jan ak Manase.’” Konsa, Jakòb te kontinye mete Efrayim anvan Manase. 21  Epi, Izrayèl di Jozèf: “Gade! Mwen pral mouri+. Men, Bondye ap toujou avè w san mank e l ap fè w retounen nan peyi zansèt ou yo+. 22  Men mwen menm, mwen ba w yon moso tè anplis frè w yo, moso tè mwen te pran nan men Amorit yo ak epe m ansanm ak banza* m.”

Nòt anba paj

Lit.: “semans ou”.
Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Sanble se yon zanj Bondye te voye.
Oswa: “desandans li a”. Lit.: “semans”.