Chante Salomon an 1​:​1-17

  • Pi bèl chante ki genyen an (1)

  • Jèn fi a (2-7)

  • Pitit fi Jerizalèm yo (8)

  • Wa a (9-11)

    • “N ap fè bijou annò pou ou” (11)

  • Jèn fi a (12-14)

    • ‘Moun mwen renmen anpil la tankou yon ti sak ki gen lami santi bon’ (13)

  • Bèje a (15)

    • “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan”

  • Jèn fi a (16, 17)

    • “Se pa ti bèl ou bèl cheri m nan” (16)

1  Pi bèl chante ki genyen an, yon chante Salomon te ekri+:   “Se pou w bo m, se pou w bo m anpil.Paske, fason w montre w renmen m pi bon pase diven+.   Luil ou mete sou ou yo santi bon+.Non w tankou yon luil santi bon y ap vide+.Se sa k fè jèn medam yo renmen w.   Pran m ansanm avè w*, annou kouri ale,Paske, wa a fè m antre anndan chanm lakay li.Se pou nou rejwi, se pou nou gen kè kontan ansanm.Ann fè lwanj pou* fason w montre ou renmen m yo ki pi bon pase diven.Yo* gen rezon pou yo renmen w.   O nou menm pitit fi Jerizalèm yo, po m fonse*, men mwen bèl,Menm jan ak tant ki nan Keda yo+, menm jan ak twal tant+ Salomon yo.   Pa rete ap gade m poutèt po m fonseAkoz solèy la boule m.Pitit gason manman m yo te fache kont mwen,Yo te mete m okipe jaden rezenE mwen pa t ka okipe jaden rezen pa m nan.   Ou menm mwen* renmen anpil la,Di m nan ki patiraj ou mennen bèt ou yo manje+,Di m ki kote w mete yo kouche lè l midi,Pou m pa plede ap mache nan mitan bèt konpayon w yo genyen yoTankou yon fi ki gen yon vwal ki kouvri figi l*.”   “Si w pa konnen, ou menm ki pi bèl pase tout lòt medam yo,Se pou w suiv chemen bèt yo pran anEpi mennen ti kabrit ou yo manje nan patiraj ki toupre tant bèje yo.”   “Ou menm mwen renmen anpil la, ou bèl tankou youn nan jiman k ap rale charyo Farawon yo+. 10  Se pa ti bèl figi w bèl avèk bèl bagay ki sou li yo*,Se pa ti bèl kou w bèl ak kolye w yo. 11  N ap fè bijou* annò pou ouKi gen ti dekorasyon ann ajan sou yo.” 12  “Pandan wa a chita bò tab won li genyen an,Bon sant pafen m+ nan gaye. 13  Moun mwen renmen anpil la tankou yon ti sak ki gen lami* ki santi bon+Ki pase nuit lan nan mitan tete m. 14  Moun mwen renmen anpil la tankou yon touf ene*+Ki nan mitan jaden rezen ki Enngedi yo+.” 15  “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan.Se pa ti bèl ou bèl. Je w tankou je toutrèl+.” 16  “Ou menm tou, se pa ti bèl ou bèl cheri m nan. Ou gen anpil cham+.Kabann nou se fèy bwa. 17  Travès kay nou* se branch pye sèd.Twati kay nou se branch pye jenevriye.

Nòt anba paj

Lit.: “Rale m dèyè w”.
Oswa: “Annou pale konsènan”.
Anpalan de jèn medam yo.
Lit.: “nwa”.
Oswa: “yon vwal ki kouvri figi l ki montre li nan lapenn”.
Oswa: “nanm mwen”.
Se kapab tou: “figi w bèl nan mitan très cheve yo”.
Oswa: “fè ti sèk”.
Se yon gonm.
Se yon plant flè l santi bon e yo fè yon tenti avèk fèy li yo ki gen yon koulè mawon ki tire sou wouj.
Oswa: “gwo kay nou an”.