Chante Salomon an 2​:​1-17

  • Jèn fi a (1)

    • “Mwen se yon senp safran”

  • Bèje a (2)

    • ‘Moun mwen renmen anpil la tankou yon flè lis’

  • Jèn fi a (3-14)

    • ‘Pa fè lanmou grandi nan kè m si l pa vin poukont li’ (7)

    • Li site pawòl bèje a (10b-14)

      • “Se pa ti bèl ou bèl, ann al avè m” (10b, 13)

  • Frè jèn fi a genyen yo (15)

    • “Kenbe rena yo pou nou”

  • Jèn fi a (16, 17)

    • “Moun mwen renmen anpil la se pou mwen l ye e se pou li mwen ye” (16)

2  “Mwen se yon senp safran* ki nan plèn ki sou kot la,Yon flè lis ki nan vale yo+.”   “Tankou yon flè lis ki nan mitan pikan,Se konsa moun mwen renmen anpil la ye nan mitan jèn fi yo.”   “Tankou yon pye pòm pami pyebwa ki gen nan forè yo,Se konsa moun mwen renmen anpil la ye pami mesye yo.Se pa ti anvi mwen anvi chita nan lonbray li,Se pa ti dous fwi li bay la dous nan bouch mwen.   Li te fè m antre nan kay kote yo konn fè fèt la*,E tout moun te ka wè se mwen li renmen.   Ban m gato rezen ak pòm pou m manjePou m ka gen fòs+,Paske m malad tèlman m damou.   Men goch li anba tèt mwenE men dwat li kenbe m+.   O pitit fi Jerizalèm yo, m ap mande nou fè sèmanSou tèt gazèl* ak femèl sèf*+ ki nan savann yo:Pinga nou chèche fè lanmou grandi nan kè m si se pa poukont li l vini+.   Mwen tande moun mwen renmen an k ap vini!Gade! Men l ap vini.L ap monte mòn yo, l ap sote sou tèt ti mòn yo.   Moun mwen renmen an tankou yon gazèl*, tankou yon jenn sèf*+.Men li, li kanpe dèyè mi kay la.L ap gade nan fenèt la,L ap gade nan jalouzi yo. 10  Moun mwen renmen anpil la pale avè m, li di m:‘Leve kanpe, ou menm mwen renmen anpil la.Se pa ti bèl ou bèl, ann al avè m. 11  Gade! Sezon fredi a* pase.Lapli sispann tonbe. 12  Flè yo parèt nan peyi a+,Lè pou yo taye pyebwa yo rive+E toutrèl yo kòmanse chante nan peyi a+. 13  Gen fig ki mi bonè nan pye fig frans yo+,Pye rezen yo ap fleri e yo bay yon bon sant.Leve kanpe, ou menm mwen renmen anpil la, vini.Se pa ti bèl ou bèl, ann al avè m. 14  Toutrèl mwen an, ann al avè m nan twou ki nan mas wòch la+,Nan kote nan falèz la ki kache yo.Fè m wè w epi fè m tande vwa w+,Paske vwa w bèl e w gen yon bèl fòm+.’” 15  “Kenbe rena yo pou nou,Ti rena k ap fè dega nan jaden rezen yo,Paske jaden rezen nou yo ap fleri.” 16  “Moun mwen renmen anpil la se pou mwen l ye e se pou li mwen ye+.L ap pran swen bèt yo+ nan mitan flè lis yo+. 17  Ou menm mwen renmen anpil la, retounen byen vit,Menm jan ak gazèl*+ yo oswa jenn sèf+ ki sou mòn ki separe nou yo*,Anvan van kòmanse vante e anvan lonbray yo disparèt.

Nòt anba paj

Yon kalite flè.
Lit.: “kay diven an”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Oswa: “Sezon lapli a”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se kapab tou: “mòn ki fann an de yo”. Oswa: “mòn Betè yo”.