Chante Salomon an 3​:​1-11

  • Jèn fi a (1-5)

    • ‘Nan nuit, mwen panse ak moun mwen renmen an’ (1)

  • Pitit fi Siyon yo (6-11)

    • Gwoup moun ki akonpaye Salomon yo

3  “Pandan m te kouche sou kabann mwen nan nuit,Mwen t ap panse ak moun mwen* renmen an+.Mwen te anvi wè l, men li pa t la+.   Mwen te leve al mache nan tout vil la,Nan lari yo e sou plas piblik yo,Pou m al chèche moun mwen* renmen an.Mwen te chèche l, men mwen pa t jwenn li.   Gad ki t ap veye vil la te rankontre avè m pandan yo t ap mache+. Mwen te mande yo:‘Èske nou wè moun mwen* renmen an pou mwen?’   Kou m fin pase bò kote yo,Mwen jwenn moun mwen* renmen an.Mwen kenbe l, e mwen pa t lage lJiskaske m te mennen l lakay manman m+,Nan chanm moun ki te fè m nan.   O pitit fi Jerizalèm yo, m ap mande nou fè sèmanSou tèt gazèl* ak femèl sèf* ki nan savann yo:Pinga nou chèche fè lanmou grandi nan kè m si se pa poukont li l vini+.”   “Ki bagay sa a k ap sot nan dezè a ki tankou gwo nyaj lafimen k ap monte,Ki gen sant lami, lansan blanAk tout kalite poud santi bon machann yo konn vann yo+?”   “Gade! Se kanape* Salomon an.Gen 60 gason vanyanPami gason vanyan ann Izrayèl yo ki toutotou l+.   Yo tout gen epe,Yo tout byen antrene pou yo fè lagè.Yo chak gen epe yo sou kote yoPou yo bay pwoteksyon kont danje ki gen nan nuit.”   “Se kanape wa Salomon an,Kanape li te fè pou tèt li ak bwa ki soti Liban yo+. 10  Poto l yo fèt ann ajan,Sipò l yo fèt annò.Kote pou l chita a kouvri ak lenn vyolèt.Pitit fi Jerizalèm yoTe dekore anndan l byen bèl ak tout kè yo.” 11  “Soti, o pitit fi Siyon yo,Vin gade wa SalomonAk kouwòn* manman l te fè pou l marye a sou tèt li+,Kouwòn li te fè pou li nan jou l t ap marye a,Nan jou li te gen kè kontan an.”

Nòt anba paj

Oswa: “moun nanm mwen”.
Oswa: “moun nanm mwen”.
Oswa: “moun nanm mwen”.
Oswa: “moun nanm mwen”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Yon kanape espesyal pou pote moun ki enpòtan e ki gen yon pati ladan l ki pa anlè tèt moun nan.
Oswa: “kouwòn flè”.