Chante Salomon an 4​:​1-16

  • Bèje a (1-5)

    • “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan” (1)

  • Jèn fi a (6)

  • Bèje a (7-16a)

    • ‘Fiyanse m nan, ou vòlè kè m’ (9)

  • Jèn fi a (16b)

4  “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan.Se pa ti bèl ou bèl!Dèyè vwal ou a, je w tankou je toutrèl.Cheve w tankou yon twoupo kabritK ap kouri desann sou mòn Galaad yo+.   Dan w blan tankou yon twoupo mouton yo fèk fin benyenApre yo fin tonn yo,Yo tout byen fèt, youn anfas lòtE pa gen youn nan yo ki manke.   Po bouch ou tankou fil wouj vif.Se bèl ti pawòl ki sot nan bouch ou.Dèyè vwal ou a,Bò figi w* tankou tranch grenad.   Kou w+ tankou fòtrès David la+Ki bati ak plizyè ranje wòch,Ki gen 1 000 boukliye ki pandye sou yo,Tout boukliye won ki pou gason vanyan yo+.   De tete w yo tankou de ti gazèl*,De jimo yon gazèl*+,K ap manje nan mitan flè lis yo.”   “Anvan van kòmanse vante nan jounen an*, anvan lonbray yo disparèt,M ap pran wout pou m al sou mòn ki gen lami an,E sou ti mòn ki gen lansan blan an+.”   “Se pa ti bèl ou bèl ti cheri m nan+.Ou pa gen okenn defo.   Vin avè m non, fiyanse m nan, annou kite Liban,Wi, annou kite Liban+.Annou desann tèt Mòn Amana*,Tèt Mòn Seni ak tèt Mòn Èmon+,Pou nou kite kachèt lyon yo e pou nou kite mòn leyopa yo.   Ou vòlè kè m+, sè m nan, fiyanse m nan.Ou annik fè yon ti gade m ou vòlè kè m,Ou vòlè kè m avèk yon sèl nan meday ki nan kolye w la. 10  Sè m nan, fiyanse m nan, fason w montre w renmen m yo bon anpil+!Fason w montre w renmen m yo pi bon pase diven+E pafen w lan gen pi bon sant pase tout fèy santi bon ki genyen+. 11  Fiyanse m nan, po bouch ou gen siwo myèl ki nan gato myèl k ap degoute ladan l+.Anba lang ou gen siwo myèl ak lèt+.Rad ou santi bon menm jan ak forè Liban yo. 12  Sè m nan, fiyanse m nan, tankou yon jaden ki byen bare,Tankou yon sous dlo ki byen pwoteje. 13  Ti plant ou yo se* yon paradi* ki gen grenad,Ak lòt bon fwi, touf ene* ak na*, 14  Safran, wozo santi bon+ ak kanèl+,Lami ak lalwa* ansanm ak tout kalite pyebwa yo itilize pou fè lansan blan+,Ak tout lòt kalite plant ankò ki gen bon sant+. 15  Ou se yon sous dlo ki nan yon jaden, yon pi ki gen dlo dous,Yon rivyè ki soti nan Liban+. 16  O van nòde, leve non!O van ki soti nan sid, vini non!Vin soufle* sou jaden m nanPou sant li ka gaye toupatou.”“Se pou moun mwen renmen anpil la vin nan jaden l lanE se pou l manje pi bon fwi ki gen ladan l yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “Tanp ou”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Lit.: “Anvan jou a respire”.
Oswa: “Antiliban”.
Se kapab tou: “Po w se”.
Oswa: “jaden”.
Se yon plant flè l santi bon e yo fè yon tenti avèk fèy li yo ki gen yon koulè mawon ki tire sou wouj.
Se yon ti plant ki santi bon.
Se non yo bay yon pyebwa ki gen yon bagay santi bon ladan l yo te konn itilize nan epòk la pou yo bay bagay bon sant.
Oswa: “Soufle tou dousman”.