Chante Salomon an 6​:​1-13

  • Pitit fi Jerizalèm yo (1)

  • Jèn fi a (2, 3)

    • “Mwen pou moun mwen renmen anpil la, e moun mwen renmen anpil la se pou mwen l ye” (3)

  • Wa a (4-10)

    • “Ou bèl menm jan ak Tiza” (4)

    • Li site pawòl medam yo (10)

  • Jèn fi a (11, 12)

  • Wa a (ak lòt moun) (13a)

  • Jèn fi a (13b)

  • Wa a (ak lòt moun) (13c)

6  “Kote moun ou renmen anpil la ale,Ou menm ki pi bèl pami tout fi?Ki kote moun ou renmen anpil la fè?Kite nou ede w chèche l.”   “Moun mwen renmen anpil la al nan jaden l.L al kote plant santi bon yo ye a,Pou l ka pran swen bèt li yoE pou l ka keyi flè lis+.   Mwen pou moun mwen renmen anpil la,E moun mwen renmen anpil la se pou mwen l ye+.L ap pran swen bèt yo nan mitan flè lis yo+.”   “Ti cheri m nan+, ou bèl menm jan ak Tiza*+,Ou atiran menm jan ak Jerizalèm+,Ou enpresyonan menm jan ak sòlda nan lame ki antoure drapo yo+.   Sispann gade m+,Paske, lè w gade m kè m bat fò.Cheve w tankou yon twoupo kabritK ap kouri desann sou mòn Galaad yo+.   Dan w blan tankou yon twoupo moutonYo fèk fin benyen.Yo tout byen fèt, youn anfas lòt,E pa gen youn nan yo ki manke.   Bò figi w* tankouTranch grenad dèyè vwal ou a.   Pami 60 rèn,80 madanm sou koteAk pakèt jèn fi yo+,   Se yon sèl ladan yo ki toutrèl mwen+, ki san defo.Sèl pitit fi manman l genyen ki konsa.Fi ki fè l la se li menm li pi renmen.Jèn medam yo wè l epi yo fè l konpliman,Rèn yo ak madanm sou kote yo fè lwanj pou li. 10  ‘Ki fi sa a ki klere* tankou douvanjou a,Ki bèl tankou lalin nan lè lalin nan plenn,Ki klere tankou limyè solèy la,Ki bèl tankou sòlda nan lame ki antoure drapo yo+?’” 11  “Mwen te desann pou m al nan jaden pye nwa a*+,Pou m wè ti boujon yo nan vale a,Pou m wè si pye rezen yo pouse fèy*,Pou m wè si pye grenad yo fleri. 12  San m pa konnen,M al tonbe bò kot charyo moun ki dispoze sèvi wa aPaske m* te anvi wè bagay sa yo.” 13  “O Choulamit mwen an, tounen, tounen non!Tounen non, tounenPou nou ka gade w!”“Poukisa nou gade Choulamit la konsa+?”“Li tankou de gwoup k ap danse*!”

Nòt anba paj

Oswa: “Vil ki bay kè kontan an”.
Oswa: “Tanp ou”.
Lit.: “ki bese je l pou l gade”.
Se yon kalite pyebwa yo genyen nan peyi Izrayèl ki bay yon fwi ki sanble ak fwi pye nwa kajou.
Oswa: “si pye rezen yo boujonnen”.
Oswa: “Paske nanm mwen”.
Oswa: “Li tankou dans Maanayim nan”.