Chante Salomon an 7​:​1-13

  • Wa a (1-9a)

    • “Se pa ti bèl ou bèl e se pa ti kontan w fè kè m kontan ti cheri m nan” (6)

  • Jèn fi a (9b-13)

    • “Se pou moun mwen renmen an mwen ye, e li menm se mwen li anvi” (10)

7  “Se pa ti bèl pye w bèl nan sandal ou,O ou menm ki gen anpil bèl kalite!Kuis ou tankou bijou ki gen bèl fòm,Tankou travay yon atizan fè ak men l.   Lonbrik ou tankou yon ti bòl won.Se pou l toujou gen diven ki gen fèy santi bon ladan l.Vant ou tankou yon pil bleKi antoure ak flè lis.   De tete w tankou de ti gazèl*,De jimo yon gazèl*+.   Kou w+ tankou yon fòtrès ann ivwa+.Je w+ tankou pisin ki Esbon yo+,Bò pòtay Batrabim nan.Nen w tankou fòtrès Liban anK ap gade nan direksyon Damas.   Tèt ou bèl tankou Mòn Kamèl+.Cheve w+ tankou lenn vyolèt+.Wa a pèdi nan bèl cheve w yo ki tonbe sou do w.   Se pa ti bèl ou bèl e se pa ti kontan w fè kè m kontan ti cheri m nan.Ou ban m plis kè kontan pase tout lòt bagay!   Ou tankou yon pye palmye,E tete w menm jan ak grap dat+.   Mwen di tèt mwen: ‘M ap monte pye palmye aPou m keyi grap fwi l yo.’Se pou tete w vin menm jan ak grap rezen,Se pou souf ou gen sant pòm,   E se pou bouch* ou tankou pi bon diven ki genyen an,”“Yon diven k ap koule byen swa pou moun mwen renmen anpil la,Yon diven k ap koule tou dousman sou bouch moun mwen renmen anpil la. 10  Se pou moun mwen renmen an mwen ye+E li menm se mwen li anvi. 11  Ou menm mwen renmen anpil la, vini,Ann al nan jaden yo,Ann al rete nan mitan touf ene* yo+. 12  Ann leve byen bonè pou n al nan jaden rezen yoPou nou wè si pye rezen yo pouse fèy*,Si flè yo deja ouvri+,E si pye grenad yo gentan fleri+.Se la m ap montre w jan m renmen w+. 13  Sant mandragò*+ yo gaye toupatou.Nan pòt kay nou gen tout kalite bon fwi+.O ou menm mwen renmen anpil la,Ni fwi yo fèk keyi yo, ni fwi yo keyi depi lontan yo, se pou ou mwen sere yo.

Nòt anba paj

Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Lit.: “palèt”.
Se yon plant flè l santi bon e yo fè yon tenti avèk fèy li yo ki gen yon koulè mawon ki tire sou wouj.
Oswa: “si pye rezen yo boujonnen”.
Se yon plant ki nan menm kategori ak pòmdetè e ki bay fwi.