Chante Salomon an 8​:​1-14

  • Jèn fi a (1-4)

    • “Poukisa w pa t tankou yon frè m?” (1)

  • Frè jèn fi a genyen yo (5a)

    • ‘Kiyès sa a k ap mache men nan men ak moun li renmen anpil la?’

  • Jèn fi a (5b-7)

    • “Lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò” (6)

  • Frè jèn fi a genyen yo (8, 9)

    • “Si l se yon miray, [...] men, si l se yon pòt, [...]” (9)

  • Jèn fi a (10-12)

    • “Mwen se yon miray” (10)

  • Bèje a (13)

    • “Pale non pou m tande vwa w”

  • Jèn fi a (14)

    • “Kouri vit tankou yon gazèl”

8  “Poukisa w pa t tankou yon frè mKi te tete menm manman avè m?Lè sa a, si m ta soti deyò epi m ta rankontre w, mwen t ap kapab bo w+,E pèsonn pa t ap gade m mal.   Mwen t ap mennen w lakay manman m+,Fi ki te leve m nan.Mwen t ap ba w divenKi gen fèy santi bon ladan l pou w bwè,Mwen t ap ba w ji grenad ki fèk fèt pou w bwè.   Men goch li t ap anba tèt mwen,E men dwat li t ap kenbe m+.   O pitit fi Jerizalèm yo, m ap mande nou fè sèman:Pinga nou chèche fè lanmou grandi nan kè m si se pa poukont li l vini+.”   “Kiyès sa a k ap sot nan dezè aE k ap mache men nan men ak moun li renmen anpil la?”“Mwen te reveye w anba pye pòm nan.Se la manman w te gen tranche lè w te nan vant li.Se la fi ki te fè w la te gen tranche.   Mete m sou kè w tankou yon so,Mete m sou bra w tankou yon so,Paske lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò+,Li mande yon atachman san pataj menm jan ak Tonm nan*.Flanm lanmou tankou flanm dife. Flanm sa a se nan Ja* li soti+.   Okenn gwo dlo pa ka etenn lanmou+,Ni okenn rivyè pa ka pote l ale+.Si yon moun ta ofri tout bagay ki gen valè li gen lakay li pou l achte lanmou,Se sèten moun t ap meprize yo*.”   “Nou gen yon ti sè+Ki pa gen tete.Ki sa n ap fè pou ti sè nou anLè yon moun vin mande pou l marye avè l?”   “Si l se yon miray,N ap met yon dekorasyon ann ajan sou tèt li,Men, si l se yon pòt,N ap bloke l ak yon planch sèd.” 10  “Mwen se yon miray,E tete m tankou fòtrès.Se sa k fè, nan je l, mwen vinTankou yon fi ki gen kè poze. 11  Salomon te gen yon jaden rezen+ Baalamon.Li te bay plizyè moun pran swen l pou li.Yo chak te konn pote 1 000 pyès ann ajan pou fwi ki ladan l yo. 12  Mwen gen pwòp jaden rezen pa m.O Salomon, 1 000 pyès ann ajan yo* se pou ou,E 200 pyès se pou moun k ap pran swen pye rezen yo.” 13  “O ou menm k ap viv nan jaden yo+,Konpayon m yo ap koute pou yo wè si y a tande vwa w.Pale non pou m tande vwa w+.” 14  “Fè vit, ou menm mwen renmen anpil la.Kouri vit tankou yon gazèl*+,Tankou yon jenn sèf*Ki sou mòn ki gen plant santi bon yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Se kapab tou: “li”.
Lit.: “1 000 lan”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.