Eklezyas 11​:​1-10

  • Pwofite tout okazyon (1-8)

    • Lage pen w sou dlo (1)

    • Simen semans depi nan maten rive jis aswè (6)

  • Pran plezi w pandan w jèn, epi veye pou w pa tonbe nan pwoblèm (9, 10)

11  Lage pen* w sou dlo+, paske apre yon pakèt jou, w ap jwenn li ankò+.  Bay sèt moun yon pati nan sa w genyen, oswa bay uit moun ladan l+, paske w pa konnen ki malè* k ap rive sou tè a.  Si nyaj yo chaje ak dlo, y ap fè lapli tonbe sou tè a, e si yon pyebwa tonbe nan direksyon sid oubyen nan direksyon nò, kote l tonbe a l ap ret la.  Moun ki ret ap gade van pap plante e moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt+.  Menm jan w pa konnen ki jan fòs lavi a* aji nan kò yon timoun ki anndan vant* yon fi ansent+, se konsa tou, ou pa konn travay vrè Dye a, Sila a ki fè tout bagay la+.  Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè+, paske w pa konnen kiyès ladan yo k ap leve, si se sa a oswa lòt la, oubyen si toule de ap leve.  Limyè bèl, e se yon bon bagay lè moun wè solèy.  Paske, si yon moun dwe viv anpil tan, se pou l jwi tout tan l ap viv la+. Men, li dwe sonje ka gen anpil jou malè. Tout sa k gen pou rive yo se vanite*+.  Ou menm jèn, pran plezi w pandan w jèn nan, e se pou w gen kè kontan pandan w jèn nan. Fè sa k nan kè w e ale kote je w ba w. Men, se pou w konnen vrè Dye a ap rele w nan jijman* pou tout bagay sa yo+. 10  Se sa k fè, tout sa ki ka ba w pwoblèm, retire yo nan kè w e voye bagay ki ka fè w soufri yo byen lwen kò w*, paske lè yon moun jèn e li ak tout fòs li sou li, sa ap pase+.

Nòt anba paj

Yon pen ki plat, ki won e ki ka rete anlè dlo pandan yon ti tan.
Oswa: “kalamite”.
Sa ka fè referans tou ak lespri Bondye.
Lit.: “nan zo ki anndan vant”.
Oswa: “yo pa vo anyen; yo ap pase”.
Oswa: “ap mande w regleman”.
Lit.: “chè w”.