Esdras 9​:​1-15

  • Maryaj ak moun lòt nasyon ann Izrayèl (1-4)

  • Priyè Esdras te fè pou l konfese peche pèp la (5-15)

9  Kou bagay sa yo fin fèt, prens yo vin kote m, yo di m: “Pèp Izrayèl la ansanm ak Levit yo pa ret kanpe lwen pèp ki ozalantou yo ni vye bagay moun sa yo ap pratike yo+, anpalan de Kananeyen yo, desandan Èt yo, Perizit yo, moun Jebis yo, desandan Amon yo, moun Mowab yo, Ejipsyen yo+ ak Amorit yo+.  Yo pran kèk nan pitit fi moun sa yo pou vin madanm yo ak madanm pitit gason yo+. Kounye a, men pèp* ki apa pou Bondye a+ vin melanje ak pèp nan peyi ki ozalantou yo+. Se prens yo ak lòt chèf yo ki te lage kò yo an premye nan peche sa a.”  Men, kou m tande sa, mwen chire rad ki te sou mwen yo, mwen rache kèk branch cheve nan tèt mwen e mwen rache enpe nan bab mwen, epi m chita, tèlman m sezi.  Apre sa, pandan m te chita tou sezi, tout moun ki te respekte* pawòl Bondye Izrayèl la te di yo te rasanble bò kote m akoz peche moun ki sot ann egzil yo te fè a, jiskaske moman an te rive pou yo te fè ofrann manje angren an nan aswè+.  Nan moman yo t ap fè ofrann manje angren nan aswè a+, mwen te leve kote m te chita tou wont lan, ak rad mwen tou chire, epi mwen met ajenou, mwen ouvri men m devan Jewova, Bondye m nan.  Epi mwen di: “O Bondye m nan, mwen santi m wont e m santi m jennen pou m leve tèt mwen devan w, o Bondye m nan, paske peche nou yo rive pi wo pase tèt nou e bagay mal nou fè yo rive jis nan syèl la+.  Depi nan epòk zansèt nou yo rive jis jodi a, nou fè anpil bagay mal+, e se akoz peche nou yo ki fè ou te lage ni nou menm, ni wa nou yo, ni prèt nou yo, anba men wa lòt peyi yo e yo touye nou ak kout epe+. Yo mennen nou ann egzil+, yo piye sa n genyen+ e yo imilye nou, jan sa rive jodi a+.  Men, kounye a, Jewova, Bondye nou an, sa pa gen twò lontan depi ou fè nou favè, ou fè kèk nan nou chape e ou ban nou yon kote ki an sekirite* nan tanp ou an+, pou w fè je nou klere, o Bondye nou an, e pou w fè nou repran yon ti fòs anba esklavaj nou ye a.  Paske, malgre nou se esklav+, Bondye nou an pa abandone nou nan esklavaj. Men, li montre li gen lanmou ki fidèl pou nou devan wa peyi Pès yo+, yon fason pou nou ka repran fòs pou nou bati kay Bondye nou an+, pou nou repare kote ki fin kraze ladan l yo e pou l ban nou yon miray an wòch nan Jida ak nan Jerizalèm. 10  “Men kounye a, o Bondye nou an, ki sa n ka di ankò? Paske nou pa t suiv kòmandman w yo, 11  kòmandman ou te fè pwofèt ou yo k ap sèvi w ban nou lè yo te di: ‘Peyi nou pral antre ladan l pou nou pran l lan se yon peyi ki pa pwòp akoz salte pèp ki ladan l yo ap fè, akoz yo chaje l ak vye bagay, sot nan yon bout al nan yon lòt+. 12  Se poutèt sa, pinga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason moun sa yo e pinga nou aksepte pitit fi pa yo marye ak pitit gason nou yo+. Nou pa dwe janm ap chèche pou yo gen ni lapè ni richès+, yon fason pou nou ka vin djanm, pou nou ka manje bon bagay ki gen nan peyi a e pou nou pran peyi a pou desandan nou yo pou toutan.’ 13  Apre tout malè ki te tonbe sou nou akoz vye bagay nou te fè e poutèt nou te koupab anpil, byenke, Bondye nou an, ou pa t fè nou peye pou peche nou fè yo+ e ou te pèmèt nou menm ki la a chape+, 14  èske n ap dezobeyi kòmandman w yo ankò pou nou ta al marye ak moun k ap fè vye bagay sa yo+? Èske w pa t ap vin tèlman fache kont nou jiskaske w touye nou tout, san w pa kite youn nan nou chape? 15  O Jewova, Bondye Izrayèl la, ou jis+, paske gen yon ti rès nan nou ki la jis jodi a. Men nou parèt devan w ak peche nou yo, byenke nou pa gen dwa vin kanpe devan w poutèt sa nou fè a+.”

Nòt anba paj

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Lit.: “ki t ap tranble devan”.
Lit.: “yon kwòk”.