Filemon 1​:​1-25

  • Salitasyon (1-3)

  • Lanmou ak lafwa Filemon genyen (4-7)

  • Pòl sipliye Filemon pou Onezim (8-22)

  • Salitasyon nan fen lèt la (23-25)

 Mwen menm, Pòl, yon prizonye+ pou Kris Jezi, ansanm ak Timote+, frè nou an, mwen ekri w, Filemon, byenneme nou an, konpayon travay nou an,  ansanm ak Apfya, sè nou an, ak Achip+, sòlda parèy nou an, ak kongregasyon ki reyini lakay ou a+:  Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.  Mwen toujou di Bondye m nan mèsi lè mwen sonje w nan priyè m yo+,  piske mwen kontinye tande jan w gen lafwa e jan w renmen Seyè Jezi ak tout moun ki sen yo.  Mwen priye pou lafwa nou pataje ansanm nan pouse w rekonèt tout bon bagay nou genyen grasa Kris.  Paske, lè m tande lanmou w genyen, sa ban m anpil kè kontan ak anpil konsolasyon, paske moun ki sen yo te santi yo repran fòs grasa ou, frè m nan.  Se pou rezon sa a, byenke mwen gen anpil kran antanke apot Kris pou m ba w lòd nan non Kris pou w fè sa ki kòrèk,  mwen ta renmen sipliye w pito sou baz lanmou, piske, mwen menm, Pòl, mwen se yon granmoun, wi, e kounye a, mwen se yon prizonye tou pou Kris Jezi. 10  M ap sipliye w pou Onezim, pitit mwen an, pitit mwen vin yon papa pou li+ pandan mwen nan prizon an*+. 11  Anvan sa, li pa t itil ou, men kounye a, li itil ni ou menm, ni mwen menm. 12  M ap voye l tounen ba ou, wi, li menm mwen gen anpil afeksyon pou li a. 13  Mwen ta renmen kenbe l pou mwen, pou l ka kontinye rann mwen sèvis nan plas ou, pandan mwen nan prizon pou bon nouvèl la+. 14  Men, mwen pa vle fè anyen san konsantman w, dekwa pou w pa fè bèl aksyon w ap fè a nan fòse, men, pou w fè l ak pwòp volonte w+. 15  An reyalite, petèt se pou sa li te sove pou yon ti moman, dekwa pou w ka rejwenn li pou toutan. 16  Ou pap rejwenn li antanke esklav ankò+, men, li vin plis pase yon esklav. Li vin yon frè byenneme+, sitou pou mwen, men plis ankò pou ou, ni nan lachè, ni nan Seyè a. 17  Kidonk, si w konsidere m kòm yon zanmi*, se pou w byen resevwa l, menm jan w t ap fè pou mwen. 18  Anplis de sa, si l te fè w yon bagay mal oswa si l dwe w yon bagay, sa sou kont mwen. 19  Mwen menm, Pòl, men sa m ap ekri w ak pwòp men m: M ap remèt sa l dwe a. Dayè, mwen pa menm bezwen di w si w dwe m pwòp tèt pa w. 20  Wi, frè m, pèmèt mwen resevwa èd sa a nan men w anrapò ak Seyè a. Soulaje kè m anrapò ak Kris. 21  Mwen gen konfyans w ap obeyi, se poutèt sa mwen ekri w, piske mwen konnen w ap menm fè plis pase sa mwen di yo. 22  Men anmenmtan, prepare yon kote pou mwen pou m rete, paske mwen espere grasa priyè nou, y ap fè m retounen vin jwenn nou*+. 23  Epafras, ki nan prizon ansanm avè m, ann inyon avèk Kris Jezi, voye salye w+. 24  Mak, Aristak+, Demas+ ak Lik+, konpayon travay mwen yo, voye salye w tou. 25  Mwen swete pou nou resevwa favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, pou bon dispozisyon nou montre nou genyen an.

Nòt anba paj

Lit.: “pandan mwen nan chenn nan”.
Oswa: “kòm yon konpayon”.
Oswa: “y ap libere m pou nou”.