Jeremi 20​:​1-18

  • Pachou fè yo bat Jeremi (1-6)

  • Jeremi pa ka sispann preche (7-13)

    • Mesaj Bondye tankou yon dife (9)

    • Jewova tankou yon sòlda ki fè moun pè (11)

  • Jeremi ap plenn sò l (14-18)

20  Pachou, yon desandan Imè, ki te prèt e ki te responsab an chèf nan kay Jewova a t ap koute pandan Jeremi t ap pwofetize bagay sa yo.  Annapre, li bat pwofèt Jeremi e li mete l nan sèp*+ ki te nan Pòtay Benjamen an, pòtay ki te pi wo a e ki toupre kay Jewova a.  Men, nan demen, lè Pachou retire Jeremi nan sèp la, Jeremi di l: “Jewova ba w yon lòt non. Li pa rele w Pachou. Li rele w: Laperèz toupatou+.  Paske, men sa Jewova di: ‘M ap fè laperèz anvayi ni ou menm ni tout zanmi w yo. Ènmi yo ap touye yo ak kout epe devan je w+. M ap lage tout moun Jida yo nan men wa Babilòn nan, gen nan yo l ap mennen ann egzil Babilòn e gen lòt l ap touye ak kout epe+.  M ap bay ènmi yo tout richès ki gen nan vil sa a, tout sa ki ladan l ki gen valè ak tout trezò wa Jida yo genyen+. Ènmi yo ap pran tout bagay sa yo e yo pral Babilòn ak yo+.  Men kanta pou ou menm Pachou ak tout moun lakay ou, nou prale ann egzil kòm prizonye. Ou pral Babilòn e se la w ap mouri. Se la y ap antere ni ou menm ni tout zanmi w yo akoz ou te konn ba yo manti lè w ap pwofetize+.’”   Ou twonpe m, o Jewova, wi, ou twonpe m.Ou sèvi ak fòs ou kont mwen e w pote laviktwa sou mwen+.Tout lajounen y ap ri m,Tout moun ap pase m nan rizib+.   Paske, chak fwa pou m pale, m oblije rele pou m di:“Vyolans, destriksyon!”Akoz pawòl Jewova a, tout lajounen y ap joure m e y ap pase m nan rizib+.   Se sa k fè mwen te di: “Mwen pap pale de li ankò,Mwen pap pale nan non l ankò+.”Men, pawòl la te tankou yon dife nan kè m, li te tankou yon dife ki fèmen nan zo m.Mwen te bouke kenbe lE mwen pa t ka rete an silans ankò+. 10  Paske, mwen te tande y ap di anpil move pawòl.Toupatou te gen bagay ki te fè m pè+.“Akize l. Annou akize l!”Tout moun ki t ap swete lapè pou mwen yo t ap tann mwen tonbe+.Yo t ap di: “Petèt l a fè yon vye erè.Konsa, n a kapab pote laviktwa sou li e n a kapab tire revanj sou li.” 11  Men, Jewova te avè m tankou yon sòlda ki fè moun pè+.Se poutèt sa, moun k ap pèsekite m yo ap tonbe e yo pap pot laviktwa sou mwen+.Y ap wont anpil paske yo pap reyisi.Yo pap janm bliye imilyasyon y ap pran pou toutan an+. 12  Men, ou menm, o Jewova, Chèf lame yo, ou egzamine moun ki jis yo,Ou wè panse ki pi pwofon* yon moun genyen e w wè sa k nan kè a+.Kite m wè jan w ap tire revanj sou yo+,Paske, se ou menm mwen bay plede kòz mwen+. 13  Chante pou Jewova! Fè louwanj pou Jewova!Paske, li delivre pòv yo* anba men moun k ap fè sa k mal yo. 14  Malediksyon pou jou mwen te fèt la!Wi, pa dwe gen okenn benediksyon pou jou manman m te fè m nan+! 15  Malediksyon pou moun ki t al bay papa m bon nouvèlKi te fè l kontan anpil la, moun ki te di l:“Pitit la fèt, se yon tigason.” 16  Se pou moun sa a vin tankou vil Jewova te kraze san l pa regrèt yo.Nan maten, se pou l tande yon rèl, e a midi, se pou l tande siyal pou lagè a. 17  Poukisa l pa t tou touye m nan vant manman m?Konsa, vant manman m t ap tou tounen yon kavo pou mwen,E manman m t ap ret ansent nèt+. 18  Poukisa m te oblije soti nan vant manman mPou m wè malè ak soufransE pou m mouri nan lawont+?

Nòt anba paj

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.
Oswa: “li delivre nanm moun ki pòv yo”.