Jeremi 26​:​1-24

  • Yo menase Jeremi pou yo touye l (1-15)

  • Yo pa touye Jeremi (16-19)

    • Yo site pwofesi Miche a (18)

  • Pwofèt Ouriya (20-24)

26  Lè Jewoyakim, wa Jida a, pitit gason Jozyas la, te fèk kòmanse dirije kòm wa+, men sa Jewova te voye di Jeremi:  “Jewova di: ‘Kanpe nan lakou kay Jewova a epi pale konsènan* tout moun ki soti nan vil Jida yo ki vin adore* Jewova nan kay li a. Se pou w di tout sa m ba w lòd di yo san w pa retire yon mo.  Petèt y ap koute w, y ap kase tèt tounen kite move chemen yo te pran an e m ap chanje lide konsènan* malè mwen te prevwa lage sou yo akoz move bagay y ap fè yo+.  Se pou w di yo: “Men sa Jewova di: ‘Si nou pa koute m, si nou pa obeyi lwa* mwen ban nou an,  si nou pa koute pwofèt yo, sèvitè m yo, yo menm mwen kontinye voye* bò kote nou, yo menm nou refize koute+,  m ap fè kay sa a vin menm jan ak Silo+ e m ap fè vil sa a sèvi kòm yon egzanp pou tout nasyon ki sou tè a, yon egzanp vil malediksyon tonbe sou li+.’”’”  Prèt yo, pwofèt yo ak tout rès moun yo te tande Jeremi k ap di pawòl sa yo nan kay Jewova a+.  Se sa k fè lè Jeremi te fin di pèp la tout pawòl sa yo Jewova te ba l lòd di yo, prèt yo, pwofèt yo ak tout rès moun yo te met men sou li e yo te di: “Pa gen pa mouri pou ou.  Poukisa w pale nan non Jewova epi w di: ‘Kay sa a ap vin menm jan ak Silo e vil sa a ap detwi san pa gen yon sèl moun ki rete ladan l’?” Tout pèp la te reyini bò kot Jeremi nan kay Jewova a. 10  Lè chèf ki nan Jida yo tande pawòl sa yo, yo sot lakay* wa a, yo monte al nan kay Jewova a e yo chita devan nouvo pòtay kay Jewova a+. 11  Prèt yo ak pwofèt yo di chèf yo ak tout pèp la: “Nonm sa a merite lanmò+ paske li pwofetize kont vil sa a, jan nou sot tande sa ak pwòp zòrèy nou+.” 12  Lè sa a, Jeremi di tout chèf yo ak tout pèp la: “Se Jewova ki te voye m di tout pawòl nou sot tande m ap di kont kay sa a e kont vil sa a+. 13  Kounye a, se pou nou chanje fason n ap aji, e se pou nou fè sa Jewova, Bondye nou an, di nou. Konsa, Jewova ap chanje lide konsènan* malè l te di l ap lage sou nou an+. 14  Kanta pou mwen, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou vle avè m. 15  Sèlman, se pou nou konnen si nou touye m, ni nou menm ni vil sa a ak tout moun ki abite ladan l yo ap koupab paske se yon moun inosan n ap touye. Paske, anverite se Jewova ki te voye m di nou tout pawòl nou sot tande m di yo.” 16  Lè sa a, chèf yo ak tout pèp la di prèt yo ak pwofèt yo: “Nonm sa a pa merite lanmò, paske se nan non Jewova, Bondye nou an, li te pale avèk nou.” 17  Mete sou sa, gen kèk ansyen nan peyi a ki leve e ki di tout moun ki te la yo: 18  “Miche+, moun Morechèt, te pwofetize nan epòk Ezekyas+, wa Jida a, li te di tout moun Jida yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Y ap vire Siyon tèt anba tankou yon tè yo vire,Jerizalèm ap tounen yon pil dekonm+E mòn kote Kay la ye a* ap tounen yon rakbwa+.”’ 19  “Èske Ezekyas, wa Jida a, ak tout moun Jida yo te touye Miche lè sa a? Èske wa a pa t montre li gen lakrentif pou Jewova? Èske li pa t chèche favè Jewova*, sa ki te fè Jewova chanje lide konsènan* malè li te di li t ap lage sou yo a+? Nou sanlè rale yon gwo malè sou nou* nan bagay sa a. 20  “Te gen yon lòt gason ki te pwofetize nan non Jewova tou. Se te Ouriya, pitit gason Chemaya, moun Kiriyatjeyarim+. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a. Li te di yon seri pawòl ki sanble ak pawòl Jeremi yo. 21  Wa Jewoyakim+ ansanm ak tout gason vanyan l yo ak tout chèf li yo te tande pawòl Ouriya yo e wa a t ap chèche yon jan pou l touye l+. Lè Ouriya te aprann sa, li te vin pè menm kote a e li te sove al ann Ejip.  22  Annapre, wa Jewoyakim te voye Èlnatan+, pitit gason Akbò, ann Ejip ansanm ak kèk lòt mesye. 23  Yo te pran Ouriya nan peyi Ejip e yo te mennen l bay wa Jewoyakim ki te touye l ak kout epe+ e ki te voye kadav la nan simityè ki te la pou pitit pèp la.” 24  Men, Ayikam+, pitit gason Chafan+, te ede Jeremi, se sa k fè yo pa t lage l nan men pèp la pou yo touye l+.

Nòt anba paj

Oswa: “ak”.
Oswa: “vin pwostène devan”.
Oswa: “m ap regrèt”.
Oswa: “enstriksyon”.
Lit.: “mwen leve bonè pou m voye yo”.
Oswa: “sot nan palè”.
Oswa: “ap regrèt”.
Oswa: “mòn kote tanp lan ye a”.
Oswa: “sou nanm nou”.
Oswa: “Jewova regrèt”.
Oswa: “chèche adousi fas Jewova”.