Jeremi 27​:​1-22

  • Jouk Babilòn nan (1-11)

  • Jeremi di Sedesyas pou l soumèt devan Babilòn (12-22)

27  Lè Jewoyakim, pitit gason Jozyas, wa Jida a, te kòmanse dirije, Jewova te pale avèk mwen menm, Jeremi.  “Men sa Jewova te di m: ‘Fè kòd epi fè jouk, mete yo sou kou w.  Apre sa, remèt yo bay moun ki te vin Jerizalèm pou yo pot mesaj bay Sedesyas, wa Jida a, pou yo ka pote yo bay wa Edòm nan+, wa Mowab la+, wa desandan Amon yo+, wa Ti a+ ak wa Sidon an+.  Men lòd pou w ba yo pou yo chak bay wa ki te voye yo a: “‘“Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di pou nou di mèt nou yo:  ‘Se mwen menm ki fè tè a e ki fè lòm ak bèt ki sou tout tè a grasa kokenn pisans mwen, grasa fòs ponyèt mwen, e se moun mwen vle a* mwen bay li+.  Kounye a, mwen bay Nebikadneza, sèvitè m nan, wa Babilòn nan, tout peyi sa yo+. Mwen ba l menm bèt ki nan rakbwa yo pou yo soumèt devan l.  Tout nasyon yo ap sèvi l. Y ap sèvi pitit li ak pitit pitit li jiskaske lè a rive pou peyi pa l la+ soumèt devan yon pakèt nasyon ak yon seri gwo wa k ap fè l tounen esklav yo+.’  “‘“‘Si yon nasyon oswa yon wayòm refize sèvi Nebikadneza, wa Babilòn nan, e si l refize kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou l, m ap sèvi ak epe+, grangou ak maladi pou m pini nasyon sa a’, se sa Jewova di, ‘jiskaske mwen fè Nebikadneza fini ak nasyon sa a nèt.’  “‘“‘Se sa k fè pinga nou koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun k ap fè rèv yo, ak moun k ap fè maji yo k ap di nou: “Nou pap gen pou n sèvi wa Babilòn nan.” 10  Paske, pwofesi y ap bay yo se manti, e sa ap lakòz nou ale lwen peyi nou an. M ap gaye nou e n ap mouri. 11  “‘“‘Men, nasyon ki kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou l e ki sèvi l, m ap kite l rete* nan peyi l pou l fè jaden ladan l e pou l abite ladan l.’ Se sa Jewova di.”’” 12  Mwen te di Sedesyas+, wa Jida a, menm bagay la tou. Men sa m te di l: “Kite wa Babilòn nan mete jouk sou kou nou, e sèvi ni li menm ni pèp li a pou n ka kontinye viv+. 13  Poukisa pou ou menm ak pèp ou a ta mouri anba kout epe+, akoz grangou+ ak maladi+, jan Jewova fè konnen sa ap rive nenpòt nasyon ki pa sèvi wa Babilòn nan? 14  Pa koute pwofèt yo k ap di nou: ‘Nou pap gen pou n sèvi wa Babilòn nan+.’ Paske, pwofesi y ap bay yo se manti+. 15  “‘Paske, se pa mwen ki voye yo,’ se sa Jewova di, ‘men, y ap bay manti nan non m. Si nou koute yo, m ap gaye nou e n ap peri, ni nou menm, ni pwofèt k ap pwofetize devan nou yo+.’” 16  Epi mwen di prèt yo ak tout moun yo: “Men sa Jewova di: ‘Pa koute pwofèt nou yo k ap di nou: “Gade! Sa pap pran anpil tan ankò pou yo pote veso ki pou kay Jewova a retounen sot Babilòn+.” Paske, pwofesi y ap bay yo se manti+. 17  Pa koute yo. Sèvi wa Babilòn nan e n ap kontinye viv+. Poukisa pou vil sa a ta tounen yon mazi? 18  Si se pwofèt yo ye vre, e si se pawòl Jewova y ap di toutbonvre, se pou yo sipliye Jewova, Chèf lame yo, pou pèsonn pa ale Babilòn ak veso ki rete nan kay Jewova a, nan kay* wa Jida a ak nan Jerizalèm yo.’ 19  “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan poto yo+, gwo basen an*+, charyo yo+, ak veso ki rete nan vil sa a, 20  veso Nebikadneza, wa Babilòn nan, pa t pran lè l te sot Jerizalèm ak Jekónyas, pitit gason Jewoyakim, wa Jida a, e li te mennen l ann egzil nan peyi Babilòn ansanm ak gwo potanta ki nan Jida ak nan Jerizalèm yo+, 21  wi, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di konsènan veso ki rete nan kay Jewova a, nan kay* wa Jida a ak nan Jerizalèm yo: 22  ‘“Yo prale avèk yo Babilòn+ e se la y ap rete jiskaske jou a rive pou m al chèche yo.” Se sa Jewova di. “Lè sa a, m ap tounen avèk yo e m ap mete yo nan plas yo isit la+.”’”

Nòt anba paj

Lit.: “moun mwen wè ki bon nan je pa m”.
Lit.: “repoze”.
Oswa: “palè”.
Anpalan de gwo basen an kuiv ki nan lakou tanp lan.
Oswa: “palè”.