Jeremi 34​:​1-22

  • Mesaj jijman pou Sedesyas (1-7)

  • Yo pa respekte alyans ki pèmèt esklav yo jwenn libète (8-22)

34  Lè Nebikadneza*, wa Babilòn nan, tout lame l la ak tout wayòm l ap dirije toupatou sou tè a ansanm ak tout moun yo t ap goumen ak Jerizalèm ansanm ak tout vil ki ozalantou l yo, Jewova te pale ak Jeremi, li te di l+:  “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘Al pale ak Sedesyas, wa Jida a+, e se pou w di l: “Men sa Jewova di: ‘M ap lage vil sa a nan men wa Babilòn nan e l ap boule l+.  Ou pap chape anba men l, paske y ap met men sou ou kanmenm e y ap lage w nan men l+. W ap gen pou w wè wa Babilòn nan, l ap pale avè w fasafas, je nan je, e ou prale Babilòn+.’  Men, tande sa Jewova di, o Sedesyas, wa Jida a: ‘Jewova di: “Ou pap mouri anba kout epe.  W ap mouri anpè+ e y ap gen pou yo boule lansan pou ou, menm jan yo te fè sa pou zansèt ou yo ki te wa anvan w. Moun ap nan lapenn pou ou, y ap di: ‘Elas, mèt nou an!’ Paske, ‘se mwen menm ki di sa’. Se sa Jewova di.”’”’”  Pwofèt Jeremi te fè Sedesyas, wa Jida a, konnen tout pawòl sa yo nan Jerizalèm,  lè lame wa Babilòn nan t ap goumen ak Jerizalèm ansanm ak tout vil Jida ki te rete yo+, anpalan de Lakis+ ak Azeka+, paske, se sèl gwo vil ki byen pwoteje sa yo ki te rete nan vil Jida yo.  Jewova te pale ak Jeremi apre wa Sedesyas te fin fè yon alyans ak tout moun Jerizalèm yo pou yo libere esklav yo+,  pou tout moun libere esklav ebre yo genyen yo, kit se gason kit se fi, pou pèsonn pa t kenbe yon Juif parèy li kòm esklav li. 10  Vrèmanvre, tout chèf yo ak tout moun yo te fè sa Sedesyas te di a. Yo tout te aksepte alyans lan ki te mande pou tout moun libere gason ak fi yo te genyen kòm esklav, pou yo pa t kenbe yo kòm esklav ankò. Yo te obeyi e yo te libere esklav yo. 11  Men, annapre, yo te fè gason ak fi yo te libere yo retounen, yo te fòse yo tounen esklav ankò. 12  Se sa k fè Jewova te pale ak Jeremi, Jewova te di: 13  “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘Mwen te fè yon alyans ak zansèt nou yo+ lè m te fè yo soti nan peyi Ejip kote yo te esklav la+. Mwen te di yo: 14  “Nan setyèm ane a, nou chak ta dwe libere Ebre parèy nou ki te vann tèt li ban nou kòm esklav e ki te sèvi nou pandan sizan. Se pou nou libere l+.” Men, zansèt nou yo pa t koute m, yo pa t obeyi m. 15  Sa pa fè twò lontan*, nou menm nou te kase tèt tounen e nou te fè sa ki bon nan je m lè nou te libere Juif parèy nou yo e nou te fè yon alyans devan m nan kay ki pote non m nan. 16  Men, apre sa, nou vire do ban mwen e nou derespekte non m+ lè nou te fè gason ak fi ki te esklav nou yo retounen, e nou te fòse yo travay kòm esklav pou nou ankò apre nou te fin libere yo jan yo* te vle sa a.’ 17  “Kidonk, men sa Jewova di: ‘Kòm nou pa t obeyi m, nou pa t libere frè nou yo, Juif parèy nou yo+, sèl lè n ap jwenn libète’, se sa Jewova di, ‘se lè nou mouri anba kout epe, anba maladi e akoz grangou+. M ap fè tout wayòm ki sou tè a pè lè yo wè sa k rive nou+. 18  Men sa k ap rive moun ki pa t respekte alyans mwen an, moun ki pa t obeyi pawòl ki nan alyans yo te fè devan m lè yo te koupe yon ti bèf fè de moso e yo te pase nan mitan moso yo+, 19  wi, men sa k ap rive chèf ki nan Jida yo, chèf Jerizalèm yo, moun k ap travay ak wa a, prèt yo ak tout moun nan peyi a ki te pase nan mitan de moso ti bèf yo te koupe a: 20  M ap lage yo nan men ènmi yo ak nan men moun k ap chèche touye yo*. Kadav yo ap tounen manje pou zwazo nan syèl la e pou bèt ki sou tè a+. 21  M ap lage Sedesyas, wa Jida a, ansanm ak chèf li yo nan men ènmi yo, nan men moun k ap chèche touye yo* e nan men lame wa Babilòn nan+ ki kòmanse al fè wout li+.’ 22  “‘M ap ba yo lòd. M ap fè yo tounen vin atake vil sa a, y ap pran l e y ap boule l+. E m ap fè vil Jida yo tounen yon dezè ki pa gen moun abite ladan l+.’ Se sa Jewova di.”

Nòt anba paj

Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.
Lit.: “Jodi a”.
Oswa: “jan nanm yo”.
Oswa: “k ap chèche nanm yo”.
Oswa: “k ap chèche nanm yo”.