Jeremi 42​:​1-22

  • Pèp la mande Jeremi pou l priye pou l mande direksyon (1-6)

  • Jewova reponn: “Pinga n al ann Ejip” (7-22)

42  Apre sa, tout chèf nan lame a ansanm ak Jowanan+, pitit gason Kareya a, Jezànya, pitit gason Ochaya a, ak tout pèp la nèt, ni moun enpòtan ni moun òdinè, al kot  pwofèt Jeremi, yo di l: “Tanpri, koute sa n ap di w la, fè nou favè, priye Jewova, Bondye w la, pou tout moun ki rete yo, paske, jan w ka wè sa, pami tout moun ki te genyen yo+, se yon tikras moun ki rete.  Se pou Jewova, Bondye w la, di nou ki chemen pou nou pran, se pou l di nou sa pou nou fè.”  Pwofèt Jeremi reponn yo: “Mwen tande sa nou di yo e m ap priye Jewova, Bondye nou an, pou nou. M ap mande l sa nou di m nan. Epi m ap di nou tout sa Jewova di. Mwen pap kache nou anyen.”  Yo di Jeremi: “Si nou pa fè egzakteman sa Jewova, Bondye w la, di w nou dwe fè a, se pou Jewova aji kont nou tankou yon temwen ki di laverite e ki fidèl.  Nou voye w kot Jewova, Bondye nou an. Kit sa Jewova, Bondye nou an, di a bon pou nou, kit li pa bon pou nou, se sa l di a n ap fè yon fason pou sa ka ale byen pou nou poutèt nou fè sa l di nou.”  Apre dis jou, Jewova te pale ak Jeremi.  Se sa k fè, Jeremi te voye rele Jowanan, pitit gason Kareya a, ansanm ak tout moun ki te avè l ki te chèf nan lame a ak tout pèp la nèt, ni moun enpòtan ni moun òdinè+.  Li te di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di, li menm nou te voye m kote l pou m mande l fè nou favè a: 10  ‘Si nou rete nan peyi a toutbonvre, lè sa a, m ap bati nou, mwen pap kraze nou, m ap plante nou e mwen pap derasinen nou. Paske, m ap regrèt* malè mwen te lage sou nou an+. 11  Pinga nou kite laperèz anvayi nou akoz wa Babilòn nan, li menm nou pè a+.’ “‘Pinga nou pè l,’ se sa Jewova di, ‘paske mwen avèk nou pou m ka sove nou, pou m ka delivre nou anba men l. 12  M ap fè nou mizèrikòd+. L ap gen pitye pou nou e l ap fè nou tounen nan peyi nou. 13  “‘Men, si nou ta di: “Non, nou pap rete nan peyi sa a!”, si nou pa ta koute Jewova, Bondye nou an, 14  e n ta di: “Non, olye nou rete nan peyi sa a, nou pito al ann Ejip+, kote nou pap wè lagè, nou pap tande son kòn k ap rasanble sòlda pou y al nan lagè, e nou pap nan grangou. Se ann Ejip nou pral viv.” 15  Si se konsa, tande sa Jewova di, nou menm rès moun ki rete nan Jida yo. Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Si nou detèmine pou n al ann Ejip toutbonvre, si n al abite la*, 16  ènmi nou pè a ap vin atake nou ak epe pandan nou ann Ejip la, grangou n ap kouri pou li a ap suiv nou jis ann Ejip, e se la n ap mouri+. 17  Tout moun ki detèmine pou y al rete ann Ejip yo ap mouri anba kout epe, akoz grangou ak maladi. Pa gen youn nan yo k ap sove oswa k ap chape anba malè m ap lage sou yo a.”’ 18  “Paske, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Menm jan mwen te vide kòlè m sou moun ki abite Jerizalèm yo+, se konsa tou m ap vide kòlè m sou nou si n al ann Ejip. Moun ap lage madichon sou nou, y ap pè lè yo wè sa ki rive nou an, yo pap gen respè pou nou, y ap pale nou mal+, e nou pap janm wè isit la ankò.’ 19  “Nou menm rès moun Jida yo, Jewova pale nou. Pinga n al ann Ejip. Se pou nou sonje mwen avèti nou jodi a, 20  si nou fè erè sa a, n ap pèdi lavi* nou. Nou te voye m kote Jewova, Bondye nou an, e nou te di m: ‘Priye Jewova, Bondye nou an, pou nou, apre sa w a di nou tout sa Jewova, Bondye nou an, di e n ap fè sa l di a+.’ 21  Jodi a, mwen di nou sa Jewova, Bondye nou an, te di, men nou pap obeyi sa l di a, ni nou pap fè anyen nan sa l voye m di nou yo+. 22  Kidonk, se pou nou konnen nou pap manke pa mouri anba kout epe, anba grangou ak maladi, kote nou vle al abite a+.”

Nòt anba paj

Oswa: “m ap nan lapenn poutèt”.
Oswa: “si n al abite la pou yon ti tan”.
Oswa: “nanm”.