Jeremi 44​:​1-30

  • Jeremi anonse malè k ap rive Juif yo ann Ejip (1-14)

  • Pèp la pa koute avètisman Bondye a (15-30)

    • Yo adore “Rèn syèl la” (17-19)

44  Men mesaj Bondye te voye bay Jeremi pou tout Juif ki t ap viv nan peyi Ejip yo+, sa ki t ap viv Migdòl+, Tapanès+, Nòf*+ ak nan zòn Patwòs yo+:  “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Nou te wè tout malè mwen te lage sou Jerizalèm+ ak vil Jida yo. E jodi a, nou wè jan yo depafini e pa gen moun ki abite ladan yo+.  Se akoz move bagay moun yo te fè pou yo fè m fache yo, akoz yo t ap fè sakrifis pou lòt dye+ e yo t ap sèvi yo, yon seri dye ni yo menm, ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen+.  Mwen te kontinye voye tout pwofèt mwen yo, sèvitè m yo, bò kote nou. Mwen te voye yo san rete* pou yo di nou: “Tanpri, pa fè bagay sa a ki bay degoutans lan, yon bagay mwen rayi+.”  Men, nou pa t panche zòrèy nou pou nou koute m, nou pa t sispann fè move bagay nou t ap fè yo, nou pa t sispann fè sakrifis pou lòt dye+.  Se sa k fè mwen te an kòlè anpil e mwen te vide kòlè m nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo, e se sa k fè yo depafini jodi a, yo vin tankou yon dezè+.’  “Kounye a, men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Poukisa nou fè gwo malè sa a tonbe sou nou*? Poukisa pou tout gason Jida yo, tout fi yo, tout timoun yo, tout tibebe yo ta peri e pou pa ta gen okenn nan nou ki rete?  Poukisa pou nou fè m fache akoz bagay n ap fè yo, akoz n ap fè sakrifis pou lòt dye nan peyi Ejip kote n al abite a? N ap peri, moun yo ap lage malediksyon sou nou e y ap pale nou mal nan mitan tout nasyon ki sou tè a+.  Èske nou bliye mechanste ni zansèt nou yo, ni wa Jida yo, ni madanm wa yo, ni nou menm, ni madanm nou yo t ap fè+ nan Jida ak nan lari Jerizalèm yo? 10  Jis jodi a, nou pa imilye tèt nou, nou pa montre nou gen okenn lakrentif pou mwen+, nou pa mache nan lwa ak kòmandman mwen mete devan nou e m te mete devan zansèt nou yo+.’ 11  “Kidonk, men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen deside lage yon malè sou nou pou m detwi tout Jida. 12  Rès moun Jida ki deside al abite ann Ejip yo ap peri nan peyi Ejip+. Yo tout ap mouri anba kout epe e anba grangou, ni moun ki enpòtan, ni moun òdinè. Wi, y ap mouri anba kout epe e anba grangou. Moun ap pè lè yo wè sa k rive yo, yo pap gen respè pou yo, y ap lage malediksyon sou yo e y ap pale yo mal+. 13  M ap sèvi ak epe, grangou ak maladi pou m pini moun ki abite nan peyi Ejip yo, menm jan mwen te pini moun Jerizalèm yo+. 14  Rès moun Jida ki al abite nan peyi Ejip yo pap chape, ni yo pap rete vivan pou yo retounen nan tèritwa tribi Jida a. Y ap anvi* retounen al abite Jida, men yo pap kapab. Se sèlman kèk nan yo k ap kapab retounen.’” 15  Tout mesye ki te konnen madanm yo te nan fè sakrifis pou lòt dye ansanm ak tout madanm ki te kanpe la yo te fòme yon gwo foul. Yo menm ansanm ak tout moun ki abite Patwòs yo+, nan peyi Ejip+, te di Jeremi: 16  “Nou pap koute sa w di nou nan non Jewova a. 17  Men, nou pap manke pa fè tout sa nou te di ak bouch nou n ap fè yo. N ap fè sakrifis pou Rèn syèl la* e n ap vide bwason pou li kòm ofrann+, menm jan nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè sa nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen pen pou n manje pou jis vant nou plen, nou te alèz e okenn malè pa t tonbe sou nou. 18  Kou nou te sispann fè sakrifis pou Rèn syèl la* e nou te sispann vide bwason pou li kòm ofrann, nou te manke tout bagay e nou te peri anba kout epe e anba grangou.” 19  Medam yo yo menm te di: “Lè n te konn fè sakrifis pou Rèn syèl la* e nou te konn vide bwason pou li kòm ofrann, mari nou te dakò e se sa k fè nou te konn fè gato ki gen menm fòm avè l pou nou ba li kòm ofrann e nou te konn vide bwason pou li kòm ofrann.” 20  Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, ak mesye yo, ak madanm yo ansanm ak tout lòt moun ki t ap pale avèk li yo, li di yo: 21  “Jewova sonje sakrifis ni nou menm, ni zansèt nou yo, ni wa nou yo, ni chèf nou yo, ni moun nan peyi a te konn fè nan vil Jida yo ak nan lari Jerizalèm yo+. Wi, li sonje yo byen! 22  Jewova pa t ka tolere move bagay nou t ap fè yo ankò, bagay ki bay degoutans yo. Se sa k fè jodi a tèritwa nou an tounen yon kote ki depafini, yon kote ki fè moun pè, yon kote malediksyon tonbe sou li, yon kote ki pa gen moun ladan l+. 23  Se akoz sakrifis sa yo nou te konn fè yo, akoz nou te peche kont Jewova, nou pa t obeyi sa Jewova te di nou, e nou pa t suiv lwa l yo, kòmandman l yo ak rapèl li yo ki fè malè sa a tonbe sou nou jodi a+.” 24  Mete sou sa, Jeremi te di tout moun yo ak tout medam yo: “Nou tout moun Jida ki nan peyi Ejip yo, tande sa Jewova di. 25  Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘Sa nou menm ak madanm nou te di ak bouch nou n ap fè yo, nou te fè yo vre ak men nou. Nou te di: “Nou pap manke pa kenbe pwomès nou te fè pou nou fè sakrifis pou Rèn syèl la* e pou nou vide bwason pou li kòm ofrann+.” Se sèten, nou menm medam yo, n ap kenbe pwomès nou te fè yo. Nou pap manke pa fè sa n te pwomèt yo.’ 26  “Kidonk, tande sa Jewova di, nou tout moun Jida k ap viv nan peyi Ejip yo: ‘Men sa Jewova di: “Mwen fè sèman nan non m, yon non ki estrawòdinè, pa gen okenn nan moun Jida+ ki abite nan tout peyi Ejip yo k ap sèvi ak non m ankò lè y ap sèmante. Y ap sispann di: ‘Menm jan li klè Jewova, Seyè ki Souvren an, vivan, mwen fè sèman+!’ 27  Kounye a, m ap veye yo pou m fè malè tonbe sou yo. Mwen pap fè anyen ki bon pou yo+. Tout moun Jida ki nan peyi Ejip yo ap mouri anba kout epe e anba grangou jiskaske yo fin disparèt nèt+. 28  Se sèlman kèk nan yo k ap chape anba kout epe e k ap kite peyi Ejip pou yo tounen Jida+. Lè sa a, tout moun Jida ki te vin abite ann Ejip ki rete yo ap konnen toutbonvre si se pawòl pa m oswa si se pawòl pa yo ki reyalize!”’” 29  “‘Men ki siy mwen ban nou k ap montre mwen pral pini nou kote sa a,’ se sa Jewova di, ‘yon fason pou nou ka konnen malè mwen te pwomèt m ap lage sou nou an ap tonbe sou nou kanmenm. 30  Men sa Jewova di: “M ap lage Ofra, Farawon an, wa Ejip la, nan men ènmi l yo, nan men moun k ap chèche detwi lavi l* yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa Jida a, nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, ènmi l ki t ap chèche detwi lavi l la*+.”’”

Nòt anba paj

Oswa: “Menmfis”.
Lit.: “te leve bonè e m te voye yo”.
Oswa: “sou nanm nou”.
Oswa: “Y ap leve nanm yo pou yo”.
Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.
Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.
Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.
Se non yon deyès. Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore l. Sanble se yon deyès moun te panse ki ka fè fi fè pitit.
Oswa: “k ap chèche nanm li”.
Lit.: “Nebikadreza”. Se yon lòt fason yo ekri l.
Oswa: “ki t ap chèche nanm li an”.