Jeremi 47​:​1-7

  • Pwofesi kont moun Filisti yo (1-7)

47  Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi konsènan moun Filisti yo+, anvan Farawon te frape Gaza.  Men sa Jewova di: “Tande sa! Gen dlo k ap soti nan nò.Y ap tounen gwo dlo k ap desann e k ap anvayi yon zòn.Y ap anvayi peyi a ak tout sa ki ladan l.Y ap anvayi vil la ak moun ki abite ladan l yo.Mesye yo ap rele byen fò,Tout moun ki abite nan peyi a ap rele byen fò.   Lè papa yo va tande bri zago cheval li yo,Lè yo va tande charyo l yo k ap woule,Lè yo va tande bri wou charyo l yo,Yo pap menm vire pou yo ede pitit gason yo,Paske, y ap san fòs.   Paske, nan jou sa a ki gen pou vini an, tout moun Filisti yo ap peri+E tout rès moun ki t ap ede Ti+ ak Sidon yo+ ap peri.Paske, Jewova ap detwi moun Filisti ki rete yo,Yo menm ki te soti zile Kaftò*+.   Moun Gaza yo ap vin chòv*.Yo fè Achkelon pe bouch li+.O nou menm rès moun ki rete nan plèn yo,Pandan konbyen tan n ap kontinye filange kò nou+?   Ayayay! Epe Jewova a+!Ki lè w ap sispann fè ravaj?Tounen nan fouwo w.Fè yon ti poze, epi ret an silans.   Men, poukisa pou l ta fè yon ti poze a,Alòske se Jewova ki ba l lòd?Li ba l misyon pou l frapeAchkelon ak bò lanmè a+.”

Nòt anba paj

Anpalan de Krèt.
Sa vle di moun Gaza yo ap kale tèt yo poutèt y ap nan lapenn e y ap wont.