Jeremi 5​:​1-31

  • Pèp la rejte disiplin Jewova (1-13)

  • Y ap detwi pèp la men yo pap elimine l nèt (14-19)

  • Jewova mande pèp la kont (20-31)

5  Mache nan lari Jerizalèm yo.Voye je n gade tout kote pou nou wè.Al gade sou plas piblik li yo pou n wèSi n ap jwenn yon moun k ap fè sa ki jis+,Yon moun k ap fè efò pou l fidèl.Si n jwenn youn, m ap padone vil la.   Menmsi yo ta di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman”,Yo t ap bay manti kanmenm+.   O Jewova, èske se pa fidelite w ap chèche+?Ou te frape yo, men sa pa t gen okenn efè sou yo*.Ou te elimine anpil nan yo, men malgre sa yo pa t pran leson+.Yo fè figi yo pi di pase wòch+,E yo refize kase tèt tounen+.   Men, mwen te di tèt mwen: “Se sèten moun sa yo se yon bann malere ki pa konprann anyen.Yo aji tankou moun sòt akoz yo pa konnen chemen Jewova yo,Yo pa konnen kòmandman Bondye yo a.   Mwen pral kot gwo potanta yo pou m pale avèk yo,Paske se sèten yo konnen chemen Jewova yo,Se sèten yo konnen kòmandman l yo+.Men, yo tout yo te kase jouk Bondye a sou yo,E yo te kase tout bagay ki te mare yo a*.”   Se sa k fè yon lyon nan forè a atake yo,Yon lou ki nan dezè a kontinye ap dechire yo,E yon leyopa ret ap tann yo nan vil yo.Li dechire tout moun k ap sot nan vil sa yo, li fè yo fè ti moso.Paske, peche yo fè yo anpil,Aksyon yo fè ki montre yo pa fidèl yo anpil+.   Ki jan pou m ta fè padone nou pou sa?Pitit nou yo vire do ban mwen,E y ap fè sèman nan non fo dye+.Mwen te ba yo tout sa yo bezwen,Men yo te kontinye fè adiltè,Yo te kontinye al lakay pwostitye an foul.   Yo tankou cheval ki pa ka tann pou yo kwaze e k ap ranni,Yo tout cho dèyè madanm lòt gason+.   “Èske m pa dwe mande yo kont pou bagay sa yo?” Se sa Jewova di.“Èske m* pa dwe fè vanjans sou yon nasyon konsa+?” 10  “Vini nan plantasyon rezen l yo epi detwi yo,Men, pa fin detwi yo nèt+.Koupe ti branch yo,Paske, se pa pou Jewova yo ye. 11  Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yoTrayi m nèt.” Se sa Jewova di+. 12  “Yo kite Jewova, e y ap plede di:‘Li pap fè anyen*+,Pa gen okenn malè k ap vin sou nou.Ni epe, ni grangou, pap frape nou+.’ 13  Pwofèt yo ap di pawòl ki san valè,Pawòl la* pa nan yo.Se pou yo vin menm jan ak pawòl y ap di yo, ki san valè. 14  Kidonk, men sa Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, di:“Poutèt mesye sa yo ap di pawòl sa yo,M ap fè pawòl mwen yo tounen yon dife nan bouch ou+.Pèp sa a se bwa,E dife a ap boule yo+.” 15  “M ap fè yon nasyon ki sot byen lwen vin atake nou, o Izrayèl+.” Se sa Jewova di.“Se yon nasyon ki la lontan.Wi, li gen lontan depi l egziste.Se yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen,E nou pa ka konprann sa moun ki nan nasyon sa a ap di+. 16  Sak kote yo met flèch yo a tankou yon kavo ki ouvri.Yo tout se sòlda. 17  Y ap devore ni rekòt ou yo, ni pen w yo+.Y ap touye ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo.Y ap devore twoupo bèt ou yo.Y ap devore ni pye rezen w yo, ni pye fig frans ou yo.Y ap sèvi ak zam yo pou yo detwi vil ki byen pwoteje yo, vil nou met konfyans nou nan yo a.” 18  “Sepandan, nan epòk sa a tou, mwen pap fin detwi nou nèt.” Se sa Jewova di+. 19  “Lè yo mande: ‘Poukisa Jewova, Bondye nou an, fè nou tout bagay sa yo?’ Se pou w di yo: ‘Menm jan nou te vire do bay Bondye pou nou sèvi yon lòt dye nan peyi nou an, se konsa tou n ap gen pou n sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou+.’” 20  Men sa pou w di desandan Jakòb yo,E men sa pou w fè moun Jida yo konnen: 21  “O nou menm moun sòt e ki pa gen bonsans*, tande sa+:Nou gen je, men nou pa ka wè+,Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande+.” 22  ‘Kòman, nou pa gen lakrentif pou mwen?’ Se sa Jewova di.‘Èske n pa ta dwe ap tranble devan m?Se mwen menm ki mete sab kòm limit pou lanmè a.Se yon lwa k ap la pou toutan, yon limit lanmè a pa ka depase.Menmsi lanm lanmè a move, yo pa ka genyen batay la.Menmsi lanm lanmè a ap gwonde, l ap toujou pa ka depase limit sa a+. 23  Men, pèp sa a gen tèt di e li rebèl.Yo vire do ban mwen e yo pran wout pa yo+. 24  Yo pa janm di tèt yo:“Kounye a, annou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an,Sila a ki ban nou lapli lè sezon an rive a,Ni premye sezon lapli a, ni dezyèm sezon lapli a,Sila a ki veye pou nou jwenn semèn pou nou rekòlte yo+.” 25  Se peche nou fè yo ki fè nou pa jwenn bagay sa yo ankò.Se pwòp peche nou ki anpeche nou jwenn sa ki bon+. 26  Paske, gen yon bann mechan nan mitan pèp mwen an.Yo kontinye ap veye tankou moun ki akoupi k ap chèche kenbe zwazo.Yo tann yon pyèj ki ka lakòz lanmò,Men se moun yo pran ladan l. 27  Menm jan ak yon kalòj ki chaje ak zwazo,Se konsa kay yo chaje ak bagay yo vin genyen nan twonpe moun+.Se sa k fè yo vin gen pouvwa e yo vin rich. 28  Yo vin gra, po yo vin klere.Yo donnen nan fè sa ki mal.Yo pa plede kòz timoun ki san papa yo+,Yon fason pou yo ka fè afè pa yo mache,E yo pa fè moun ki pòv yo jwenn jistis+.’” 29  “Èske m pa dwe mande yo kont pou bagay sa yo?” Se sa Jewova di.“Èske m* pa dwe fè vanjans sou yon nasyon konsa? 30  Gen yon bagay chokan ki rive nan peyi a, wi, yon bagay ki bay degoutans: 31  Pwofesi pwofèt yo ap bay yo se manti+,Prèt yo ap sèvi ak otorite yo pou yo domine sou lòt moun.E pèp mwen an byen renmen sa+.Ki sa n ap fè lè lafen an rive?”

Nòt anba paj

Lit.: “men yo pa t febli”.
Lit.: “yo te kase kòd yo”.
Oswa: “Èske nanm mwen”.
Se kapab tou: “Li pa egziste”.
Anpalan de pawòl Bondye.
Lit.: “moun sòt ki pa gen kè”.
Oswa: “Èske nanm mwen”.