Jij 1​:​1-36

  • Tèritwa tribi Jida ak tribi Simeyon pran (1-20)

  • Moun Jebis yo kontinye abite Jerizalèm (21)

  • Desandan Jozèf yo pran Betèl (22-26)

  • Yo pa met moun Kanaran yo deyò nèt (27-36)

1  Apre lanmò Jozye+, Izrayelit yo* te mande Jewova+: “Kiyès nan nou k ap monte anvan pou y al goumen ak moun Kanaran yo?”  Men ki repons Jewova te bay: “Se moun tribi Jida yo k ap monte anvan+. Gade, m ap lage* peyi a nan men yo.”  Annapre, moun tribi Jida yo di frè yo, moun tribi Simeyon yo: “Monte avèk nou nan tèritwa yo ban nou an+ pou n al goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm nou pral ansanm avèk nou nan tèritwa pa nou an.” Vrèmanvre, moun tribi Simeyon yo t ale avèk yo.  Lè moun tribi Jida yo te monte, Jewova te lage moun Kanaran yo ak Perizit yo nan men yo+. Yo te bat yon lame ki te gen 10 000 gason nan Bezèk.  Yo te jwenn Adonibezèk nan Bezèk, yo te goumen avè l e yo te bat moun Kanaran yo+ ak Perizit yo+.  Adonibezèk te kouri, yo te kouri dèyè l jiskaske yo kenbe l. Apre sa, yo te koupe toule de pous li ak toule de gwo zòtèy li.  Lè sa a, Adonibezèk di: “Gen 70 wa mwen te koupe pous yo ak gwo zòtèy yo k ap ranmase manje anba tab mwen. Bondye fè m menm sa mwen te fè yo a.” Annapre, yo mennen l Jerizalèm+ e se la li mouri.  Mete sou sa, mesye ki nan tribi Jida yo atake Jerizalèm+ e yo pran l. Yo touye tout moun ak kout epe epi yo met dife nan vil la.  Apre sa, mesye ki nan tribi Jida yo desann pou y al goumen ak moun Kanaran ki t ap viv nan zòn ki gen mòn nan, nan Negèb ak nan Chefela+. 10  Konsa, Jida te mache pran moun Kanaran ki t ap viv Ebwon yo (anvan sa, se Kiriyataba yo te rele Ebwon), e yo te detwi Chechayi, Ayiman ak Talmayi+. 11  Apre sa, yo mache al atake moun ki abite Debi yo+. (Anvan sa, se Kiriyatsefè+ yo te rele Debi.) 12  Epi, Kalèb+ di: “Gason k al atake Kiriyatsefè e ki pran vil sa a, m ap ba l Aksa, pitit fi m nan, pou vin madanm li+.” 13  Otnyèl+, pitit gason Kenaz+ ki ti frè Kalèb, pran vil la. Konsa, Kalèb ba l Aksa, pitit fi l la, pou vin madanm li. 14  Pandan Aksa t apral kay mari l, li te fè mari l mande papa l yon tè. Epi, li desann bourik li te chita sou li a*. Lè sa a, Kalèb mande l: “Sa w vle?” 15  Li reponn li: “Tanpri, fè m yon kado. Piske w ban m yon moso tè nan zòn sid*, ban m Goulòtmayim* tou.” Se konsa, Kalèb te ba li Goulòt Anwo ak Goulòt Anba. 16  Bòpè Moyiz la se te yon Kenit+. Desandan bòpè Moyiz yo+ te monte sot nan vil pye palmye yo+ ansanm ak pèp Jida a pou y al nan dezè Jida a, nan sid Arad+. Lè yo rive la, yo abite pami moun ki nan zòn nan+. 17  Men, moun tribi Jida yo ansanm ak frè yo, moun tribi Simeyon yo, te kontinye avanse e yo te atake moun Kanaran ki t ap viv Sefat yo e yo detwi vil la+. Se sa k fè yo te rele vil la Òma*+. 18  Apre sa, Jida te pran Gaza+ ak tèritwa ki ozalantou l yo, Achkelon+ ak tèritwa ki ozalantou l yo, ansanm ak Ekwon+ ak tèritwa ki ozalantou l yo. 19  Jewova te avèk Jida. Se sa k fè yo te pran zòn ki nan mòn yo. Men, yo pa t rive mete moun ki t ap viv nan plèn yo deyò paske moun sa yo te gen charyo pou fè lagè ki te gen epe nan wou yo*+. 20  Jan Moyiz te pwomèt Kalèb sa a+, yo te bay Kalèb Ebwon. E Kalèb te mete twa pitit Anak yo deyò nan vil la+. 21  Men, moun tribi Benjamen yo pa t mete moun Jebis ki te abite Jerizalèm yo deyò. Se sa k fè, jis kounye a, moun Jebis yo kontinye abite Jerizalèm ansanm ak moun tribi Benjamen yo+. 22  Pandan tan sa a, desandan Jozèf yo+ t al atake Betèl. Jewova te avèk yo+. 23  Desandan Jozèf yo t al espyone Betèl. (Anvan sa, vil la te rele Louz+.) 24  Espyon yo te tonbe sou yon mesye ki t ap soti nan vil la. Yo di l: “Tanpri, fè nou konnen ki jan pou nou antre nan vil la e n ap aji byen avè w.” 25  Konsa, mesye a montre yo wout pou yo antre nan vil la. Yo touye moun nan vil la ak kout epe, men yo kite mesye a ak tout fanmi l ale+. 26  Mesye a ale nan peyi desandan Èt yo, li bati yon vil e li rele l Louz. Se konsa vil sa a rele jis jodi a. 27  Moun tribi Manase yo pa t pran Bètcheyan ak ti vil ki sou kont* li yo. Yo pa t pran Tanak+ ak ti vil ki sou kont li yo. Yo pa t pran moun Dò yo ak ti vil ki sou kont Dò yo, ni moun Ibleyam yo ak ti vil ki sou kont Ibleyam yo, ni moun Megido yo ak ti vil ki sou kont Megido+ yo. Moun Kanaran yo te kontinye viv nan peyi sa a. 28  Lè pèp Izrayèl la te vin gen plis fòs, yo te fè moun Kanaran yo travay di kòm esklav+, yo pa t mete yo deyò nèt nan peyi a+. 29  Moun tribi Efrayim yo tou pa t mete moun Kanaran ki t ap viv Gezè yo deyò. Moun Kanaran yo te kontinye viv nan mitan yo nan Gezè+. 30  Moun tribi Zabilon yo pa t mete moun ki t ap viv Kitwon yo ak moun ki t ap viv Naalòl+ yo deyò. Moun Kanaran yo te kontinye viv nan mitan yo. Yo te fè moun Kanaran yo travay di kòm esklav+. 31  Moun tribi Achè yo pa t mete moun ki t ap viv Ako yo deyò, ni yo pa t mete moun ki t ap viv Sidon+, Alab, Akzib+, Èlba, Afik+ ak Reyòb+ yo deyò. 32  Konsa, moun tribi Achè yo te abite ak moun Kanaran yo nan peyi a paske yo pa t mete yo deyò. 33  Moun tribi Neftali yo pa t mete moun ki t ap viv Bètchemèch yo ak moun ki t ap viv Bètanat+ yo deyò. Men, yo te abite nan mitan moun Kanaran ki t ap viv nan peyi a+. Yo te fè moun ki t ap viv Bètchemèch yo ak moun ki t ap viv Bètanat yo travay di kòm esklav. 34  Amorit yo te fòse moun tribi Dann yo rete nan zòn ki gen mòn nan. Yo pa t kite yo desann nan plèn nan+. 35  Konsa, Amorit yo te kontinye viv nan Mòn Erès, nan Ayalon+ ak nan Chaalbim+. Men, lè desandan Jozèf yo te vin gen plis fòs*, yo te fè Amorit yo travay di kòm esklav. 36  Tèritwa Amorit yo te kòmanse nan pant Akrabim nan+, e li te soti Sela tou pou l monte al nan zòn ki gen mòn nan.

Nòt anba paj

Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Oswa: “mwen lage”.
Se kapab tou: “li te bat men l pandan l sou bourik la”.
Oswa: “nan Negèb”.
Sa vle di: “Basen (Bòl) dlo”.
Sa vle di: “Lage yo pou yo detwi yo”.
Lit.: “charyo an fè”.
Oswa: “ki ozalantou”.
Lit.: “lè men desandan Jozèf yo te vin lou”.