Jij 12​:​1-15

  • Gwo diskisyon ak mesye Efrayim yo (1-7)

    • Tès sou mo Chibolèt (6)

  • Jij Ibzan, Elon ak Abdon (8-15)

12  Apre sa, mesye Efrayim yo rasanble e yo travèse Rivyè Jouden an al Zafon*. Yo di Jefte: “Poukisa ou pa t voye rele nou al avè w lè w te travèse rivyè a pou w al goumen ak desandan Amon yo+? Poutèt sa, n ap boule kay ou a ak tout ou menm ladan l.”  Men, Jefte di yo: “Mwen menm ak moun ki avè m yo te nan yon gwo batay ak desandan Amon yo. Mwen te voye rele nou vin ede m, men nou pa t vin sove m anba men yo.  Lè m te wè se toutbonvre nou pa t ap pote m sekou, mwen te deside riske lavi m* e m t al goumen ak desandan Amon yo+. Epi, Jewova te lage yo nan men m. Donk, poukisa nou vin pou n goumen avè m jodi a?”  Apre sa, Jefte rasanble tout mesye ki nan Galaad yo+ e yo goumen ak mesye Efrayim yo. Mesye Galaad yo bat mesye Efrayim yo, yo menm ki te di: “Nou menm moun Galaad sa yo ki nan tèritwa tribi Efrayim ak tribi Manase, se yon bann moun Efrayim ki nan mawon nou ye.”  Mesye Galaad yo te pran pas dlo ki devan tèritwa moun Efrayim yo, kote moun te konn janbe Rivyè Jouden an+. Konsa, lè yon moun Efrayim t ap eseye chape e l te di: “Kite m travèse”, moun Galaad yo te mande l: “Èske w se moun Efrayim?” Lè moun nan te reponn: “Non”,  yo te di l: “Di Chibolèt.” Men, yo te konn di: “Sibolèt”, paske yo pa t ka di mo a byen. Lè sa a, yo te met men sou moun nan e yo te touye l bò pas dlo Rivyè Jouden yo. Antou, te gen 42 000 moun Efrayim ki te mouri lè sa a.  Jefte te jij ann Izrayèl pandan sizan. Apre sa, Jefte, moun Galaad la, mouri e yo antere l nan vil li te fèt la, nan Galaad.  Apre Jefte, Ibzan, moun Betleyèm, te vin jij ann Izrayèl+.  Li te gen 30 pitit gason ak 30 pitit fi. Li te voye pitit fi l yo al marye ak moun ki pa t fanmi l e li te fè 30 medam vin marye ak pitit gason l yo. Li te jij ann Izrayèl pandan setan. 10  Apre sa, Ibzan mouri e yo antere l Betleyèm. 11  Apre Ibzan, Elon, moun Zabilon, te vin jij ann Izrayèl. Li te jij ann Izrayèl pandan dizan. 12  Apre sa, Elon, moun Zabilon an, mouri e yo antere l Ayalon, nan tèritwa Zabilon. 13  Apre Elon, Abdon, pitit gason Ilèl, moun vil Piraton, te vin jij ann Izrayèl. 14  Li te gen 40 pitit gason ak 30 pitit pitit gason. Yo te konn monte sou 70 bourik. Abdon te jij ann Izrayèl pandan uitan. 15  Apre sa, Abdon, pitit gason Ilèl la, moun vil Piraton an, mouri e yo antere l Piraton, nan tèritwa Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo+.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “yo travèse al nan direksyon nò”.
Oswa: “mwen te mete nanm mwen nan pla men m”.