Jij 14​:​1-20

  • Jij Samson chèche yon madanm ki moun Filisti (1-4)

  • Samson touye yon lyon grasa lespri Jewova (5-9)

  • Samson bay yon devinèt nan maryaj la (10-19)

  • Yo bay yon lòt gason madanm Samson an (20)

14  Apre sa, Samson desann Timna. Lè l rive Timna, li wè yon fi ki moun Filisti*.  Lè l tounen lakay li, li di papa l ak manman l: “Pandan m te Timna, je m tonbe sou yon fi ki moun Filisti. Mwen ta renmen nou fè sa n kapab pou l vin madanm mwen.”  Men, papa l ak manman l di l: “Poukisa w pa chèche yon fi pami fanmi w yo, nan pèp nou an+? Èske w oblije al pran yon madanm nan mitan moun Filisti yo ki pa menm sikonsi?” Men, Samson di papa l: “Fè sa nou kapab pou l vin madanm mwen, paske se fi pa m nan sa*.”  Papa l ak manman l pa t rann yo kont se Jewova ki te pouse l pran desizyon sa a. Se yon mwayen Li t ap chèche pou L tire revanj sou moun Filisti yo, paske nan moman sa a se moun Filisti yo ki te chèf sou moun Izrayèl yo+.  Se konsa Samson desann Timna ansanm ak papa l ak manman l. Lè l rive toupre jaden rezen ki Timna yo, gen yon lyon ki t ap gwonde ki t ap avanse sou li.  Lè sa a, lespri Jewova ba l fòs+, epi li chire lyon an an de ak men l tankou se te yon ti kabrit. Men, li pa t di papa l ak manman l sa l te fè a.  Apre sa, li desann e li pale ak fi a. Li te toujou santi se fi pa l la sa+.  Annapre, lè l tounen pou l al pran fi a kòm madanm li pou l mennen lakay li+, li fè yon detou pou l al gad kadav lyon an. Te gen yon nich myèl nan kadav lyon an ak siwo myèl ladan l.  Li pran siwo myèl la met nan men l e li bwè ladan l toutpandan l ap mache. Lè l rive kot papa l ak manman l, li ba yo ladan l. Men, li pa t di yo se nan kadav lyon an li te pran l. 10  Annapre, papa l desann kot fi a, e Samson fè yon gwo fèt, paske se sa mesye k ap marye yo te konn fè. 11  Lè moun Filisti yo wè l, yo vin ak 30 jèn gason pou akonpaye l. 12  Samson di yo: “Kite m ban nou yon devinèt. Si nou jwenn repons lan e nou ban mwen l nan espas sèt jou fèt la ap dire a, m ap ban nou 30 rad ki fèt an len ak 30 abiman konplè. 13  Men, si nou pa ka jwenn repons lan, se nou menm k ap ban m 30 rad ki fèt an len ak 30 abiman konplè.” Yo di l: “Ou mèt ban nou devinèt la, nou ta renmen tande l.” 14  Li di yo: “Gen yon manje ki soti nan sa ki konn manje,E gen yon bagay dous ki soti nan sa ki gen fòs+.” Twa jou te pase e yo pa t ka jwenn repons devinèt la. 15  Sou katriyèm jou a, y al kot madanm Samson an, yo di l: “Pran mari w nan plan+ pou l ba w repons devinèt la, apre sa w a fè nou konnen l. Si w pa fè sa, n ap boule ni ou, ni kay papa w la. Genlè se pou w te ka pran byen nou ki fè w te envite nou la a.” 16  Madanm Samson te ret la ap kriye nan kò l e li te di l: “Ou genlè rayi m. Ou pa renmen m vre+. Ou bay moun nan pèp mwen an yon devinèt epi w pa menm ban m repons lan.” Lè sa a, li di l: “Bon, menm papa m ak manman m mwen pa bay repons lan, poukisa pou m ta ba ou l?” 17  Men, li rete la nan kò Samson, li kriye pandan tout jou ki te rete nan fèt ki t ap dire sèt jou a. Finalman, nan setyèm jou a, Samson ba l repons lan paske manmzèl t ap nui l anpil. Apre sa, fi a fè moun nan pèp li a konnen repons devinèt la+. 18  Se konsa, nan setyèm jou a, anvan solèy kouche*, mesye yo nan vil la di l: “Ki sa ki pi dous pase siwo myèl?E ki sa ki gen plis fòs pase yon lyon+?”Li reponn yo:“Si nou pa t pase pa madanm mwen*+,Nou pa t ap jwenn repons devinèt mwen an.” 19  Lè sa a, lespri Jewova bay Samson fòs+, epi Samson al Achkelon+ li touye 30 moun Filisti, li pran rad yo e li pote abiman konplè yo bay moun yo ki te reponn devinèt la+. Apre sa, li tounen lakay papa l tou fache. 20  Annapre, yo bay youn nan jèn gason ki te akonpaye Samson yo madanm Samson an+, e fi a te vin madanm li+.

Nòt anba paj

Lit.: “yon fi pami pitit fi moun Filisti yo”.
Lit.: “se li ki bon nan je m”.
Se kapab tou: “anvan li antre nan chanm fi a”.
Lit.: “Si nou pa t vire tè ak jenn gazèl bèf mwen an”.