Jij 15​:​1-20

  • Samson tire revanj sou moun Filisti yo (1-20)

15  Kèk tan apre, pandan rekòt ble a, Samson soti al vizite madanm li. Li te pote yon jenn kabrit pou li. Li te di: “M anvi al wè madanm mwen nan chanm li*.” Men, papa fi a pa t kite l antre.  Papa a te di l: “Mwen te di tèt mwen siman w dwe rayi l+. Se sa k fè mwen te bay youn nan jèn gason ki te akonpaye w yo li kòm madanm+. Èske ti sè l la pa pi bèl pase l? Tanpri, pran l nan plas li.”  Men, Samson di l: “Fwa sa a, moun Filisti yo pap ka di anyen lè m malmennen yo.”  Apre sa, Samson ale, li pran 300 rena, li mare ke rena yo ansanm, de pa de, epi li mete yon tòch nan mitan ke yo.  Apre sa, li limen tòch yo epi li lage rena yo nan jaden moun Filisti yo. Konsa, li te met dife ni nan pake danre yo te deja rekòlte yo, ni nan danre ki potko rekòlte yo. Li te menm boule jaden rezen yo ak pye oliv yo.  Moun Filisti yo te mande: “Kiyès ki fè sa?” Yo te di yo: “Se Samson, bofis mesye ki ret Timna a, ki fè sa. Paske, bòpè Samson te bay youn nan jèn gason ki te akonpaye Samson yo madanm Samson+.” Lè sa a, moun Filisti yo ale, yo boule ni fi a, ni papa l+.  Lè Samson aprann sa, li di yo: “Se sa nou fè? Enben, toutotan m pa fin tire revanj sou nou, mwen pap kite nou an repo+.”  Apre sa, li touye yo youn apre lòt*. Se te yon gwo masak. Epi, li desann al rete nan yon gwòt* ki nan mas wòch ki Etam nan.  Annapre, moun Filisti yo monte, y al tabli kan yo nan Jida e yo t ap monte desann nan Leyi+. 10  Mesye Jida yo te di yo: “Poukisa nou vin atake nou?” Men sa yo te di: “Nou vini pou nou pran* Samson, pou nou fè l menm sa li te fè nou an.” 11  Konsa, 3 000 gason nan Jida te desann nan gwòt* ki nan mas wòch ki Etam nan e yo di Samson: “Èske w pa konnen se moun Filisti yo ki chèf sou nou+? Poukisa w fè nou sa?” Lè sa a, li di yo: “Mwen fè yo menm sa yo te fè m nan.” 12  Men, yo di l: “Nou vin pran* w pou nou mennen w bay moun Filisti yo.” Samson di yo: “Pwomèt mwen nou pap fè m anyen.” 13  Yo di l: “N ap annik mare w mennen bay moun Filisti yo. Nou pap touye w.” Vrèmanvre, yo mare l ak de kòd tounèf epi yo kite gwòt la, y ale avè l. 14  Lè l rive Leyi epi moun Filisti yo wè l, yo pran rele tèlman yo kontan. Lè sa a, lespri Jewova ba l fòs+, e kòd ki te mare bra l yo vin tankou fil len ki fonn lè yo pran dife epi yo tonbe atè+. 15  Apre sa, li jwenn zo machwè yon bourik ki tou fre, li pran l epi li touye 1 000 gason avè l+. 16  Epi, Samson di: “Avèk zo machwè yon bourik, mwen fè yon pil, de pil.Avèk zo machwè yon bourik, mwen touye 1 000 gason+.” 17  Lè l fin di sa, li voye zo machwè a jete epi li rele kote a Ramatleyi*+. 18  Apre sa, li vin swaf anpil e li rele Jewova, li di l: “Se ou menm ki te fè sèvitè w la bay gwo delivrans sa a. Men kounye a, èske w ap kite swaf fin touye m e w ap kite m tonbe anba men moun sa yo ki pa menm sikonsi?” 19  Se sa k fè, Bondye te fè dlo soti nan yon twou ki te nan Leyi+. Lè Samson fin bwè dlo, li repran fòs. Se poutèt sa, li te rele sous sa a Ennakore*, e jis jodi a sous sa a nan Leyi. 20  Li te jij ann Izrayèl pandan 20 an, nan epòk moun Filisti yo t ap domine sou peyi a+.

Nòt anba paj

Oswa: “nan chanm ki pi anndan an”.
Lit.: “touye yo janm sou kuis”.
Oswa: “fant”.
Oswa: “mare”.
Oswa: “fant”.
Oswa: “mare”.
Sa vle di: “Kote ki wo ki pou zo machwè a”.
Sa vle di: “Sous moun k ap rele a”.