Jij 16​:​1-31

  • Samson nan Gaza (1-3)

  • Samson ak Dalila (4-22)

  • Vanjans Samson ak lanmò l (23-31)

16  Yon lè, Samson al Gaza, li wè yon pwostitye epi li antre lakay pwostitye a.  Yo di moun Gaza yo: “Samson nan zòn nan.” Konsa, yo ansèkle zòn nan e pandan tout nuit lan, yo tann yon anbiskad pou Samson nan pòtay vil la. Yo pa t fè okenn bri pandan tout nuit lan e yo te di tèt yo: “Lè solèy la leve, n ap touye l.”  Men, Samson te rete kouche kote l te ye a jiska minui. A minui, li leve, li rache pòtay vil la ak poto ki te kenbe pòtay la ansanm ak bwa travès yo te itilize pou yo fèmen pòtay la, li mete yo sou zepòl li e li pote yo al sou tèt mòn ki anfas Ebwon an.  Annapre, li vin damou yon fi ki rele Dalila+ ki t ap viv nan Vale Sorèk.  Chèf moun Filisti yo al kot Dalila e yo di l: “Pran misye nan plan+ pou w ka konn* ki bò l jwenn tout fòs sa a, pou w ka fè nou konnen ki jan nou ka pote laviktwa sou li, pou nou mare l e pou nou metrize l. Si w fè sa, nou chak ap ba w 1 100 pyès ann ajan.”  Apre sa, Dalila di Samson: “Tanpri, di m ki bò w jwenn tout fòs sa a e ak ki sa yo ka mare w pou yo metrize w.”  Samson di l: “Si yo mare m ak sèt kòd banza* ki fèk fèt*, ki poko seche, m ap vin fèb tankou nenpòt gason.”  Vrèmanvre, chèf moun Filisti yo pote sèt kòd banza ki fèk fèt e ki poko seche bay Dalila. Epi, li mare Samson avèk yo.  Yo te pare yon anbiskad pou Samson nan yon lòt chanm e Dalila te rele byen fò: “Samson, moun Filisti yo sou ou!” Lè l tande sa, li kase kòd banza yo byen fasil, menm jan yon fil len kase lè l pran chalè dife+. Konsa, yo pa t rive konn sekrè ki fè l gen tout fòs li genyen an. 10  Annapre, Dalila di Samson: “Gade jan w pase m nan jwèt e ou ban m manti! Kounye a, tanpri, di m ak ki sa yo ka mare w.” 11  Li di l: “Si yo mare m ak kòd ki fèk fèt, ki poko sèvi pou fè okenn travay, m ap vin fèb tankou nenpòt gason.” 12  Se konsa, Dalila pran kòd ki fèk fèt, li mare Samson avèk yo epi li rele byen fò: “Samson, moun Filisti yo sou ou!” (Pandan tan sa a, te gen yon anbiskad ki te pare pou Samson nan yon lòt chanm.) Lè l tande sa, li kase kòd ki mare bra l yo tankou se te fil+. 13  Apre sa, Dalila di Samson: “Ou kontinye ap pase m nan jwèt jis jodi a e w kontinye ap ban m manti+. Di m ak ki sa pou yo mare w non.” Li di l: “Si w tise sèt très cheve ki nan tèt mwen yo ak fil yo tise a, m ap pèdi fòs mwen.” 14  Vrèmanvre, li fè sa epi li itilize yon pikèt pou li sere yo byen sere. Apre sa, li rele byen fò: “Samson, moun Filisti yo sou ou!” Samson reveye nan dòmi an epi li rache pikèt la ak tout fil yo. 15  Apre sa, Dalila di l: “Kòman w fè di m ou renmen m+ alòske ou pa ouvri kè w ban mwen? An twa fwa ou pase m nan jwèt e w pa di m ki bò w jwenn tout fòs sa a+.” 16  Jou apre jou, Dalila t ap plede nui l, li t ap plede fè presyon sou li, jiskaske Samson* vin bouke avè l. Se mouri ase ki te rete pou l mouri+. 17  Se sa k fè, finalman, Samson ouvri kè l ba li, li di l: “Razwa pa janm pase sou tèt mwen paske mwen se yon Nazireyen* pou Bondye depi lè m fèt*+. Si yo koupe cheve m, m ap pèdi fòs mwen e m ap vin fèb tankou nenpòt gason.” 18  Lè Dalila wè Samson ouvri kè l ba li, menm moman an, li voye chèche chèf moun Filisti yo+, li di yo: “Kounye a, nou mèt vini paske li ouvri kè l ban mwen.” Konsa, chèf moun Filisti yo vin jwenn li e yo pote kòb la pou li. 19  Li fè Samson dòmi sou janm li epi li rele yon moun vin koupe sèt très cheve Samson te gen nan tèt li yo. Apre sa, Dalila kòmanse gen kontwòl sou li paske li te kòmanse pèdi fòs li te genyen an. 20  Lè sa a, li rele byen fò: “Samson, moun Filisti yo sou ou!” Samson reveye nan dòmi an epi li di: “M ap soti menm jan ak lòt fwa yo+ e m ap libere tèt mwen.” Men, li pa t konnen si Jewova te kite l. 21  Se sa k fè moun Filisti yo met men sou li e yo pete je l. Apre sa, yo desann avè l Gaza e yo mare l ak de chenn ki fèt an kuiv. Yo mete l vire wòch moulen pou l kraze manje angren nan prizon an. 22  Men, cheve nan tèt li te rekòmanse pouse+. 23  Annapre, tout chèf moun Filisti yo te rasanble ansanm pou yo fè yon gwo sakrifis pou Dagon+, dye yo t ap sèvi a, e pou yo fete, paske yo te di: “Dye nou an lage Samson, ènmi nou an, nan men nou.” 24  Lè pèp la wè Samson, yo fè lwanj pou dye y ap sèvi a, yo di: “Dye nou an lage ènmi nou an nan men nou, li menm ki te ravaje peyi nou an+ e ki te touye anpil moun nan pèp nou an+.” 25  Kè yo te kontan anpil e yo te di: “Mennen Samson ban nou pou nou ka bat plezi sou li.” Konsa, yo voye chèche Samson nan prizon an pou yo ka bat plezi sou li. Yo te mete l kanpe nan mitan poto yo. 26  Lè sa a, Samson di tigason ki te kenbe men l lan: “Kite m manyen poto ki kenbe kay la pou m ka apiye sou yo.” 27  (Kay la te chaje ak moun, gason kou fi. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen anviwon 3 000 gason ak fi ki te la ki t ap gade Samson pandan y ap bat plezi sou li.) 28  Epi, Samson+ rele Jewova, li di l: “Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs+ yon dènye fwa, o Bondye! Kite m tire revanj sou moun Filisti yo pou omwen youn nan de je m yo+.” 29  Apre sa, Samson mete men l sou de poto mitan ki te kenbe kay la, li apiye sou yo. Men dwat li te sou youn e men goch li te sou lòt la. 30  Epi, Samson rele byen fò: “Mwen* mèt mouri ak moun Filisti yo!” Apre sa, li pouse de poto yo ak tout fòs li e kay la tonbe sou chèf moun Filisti yo ak tout moun ki te ladan l yo+. Konsa, jou Samson mouri a, li touye plis moun pase kantite moun li te touye lè l te vivan an+. 31  Annapre, frè l yo ansanm ak tout fanmi papa l yo desann pou yo pran kò l pou yo tounen avè l. Yo monte avè l e yo antere l nan tonm Manowa+, papa l. Tonm nan te ant Sora+ ak Echtawòl. Samson te jij ann Izrayèl pandan 20 an+.

Nòt anba paj

Oswa: “Konvenk misye pou l di w”.
Oswa: “sèt tandon ki tou fre”.
Lit.: “nanm li”.
Lit.: “depi nan vant manman m”.
Sa vle di: “Moun yo mete apa; Moun ki vwe tèt li”.
Oswa: “Nanm mwen”.