Jij 17​:​1-13

  • Zidòl Mika yo ak prèt li a (1-13)

17  Te gen yon mesye ki te rele Mika ki t ap viv nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+.  Li te di manman l: “Ou sonje 1 100 pyès ann ajan ou te genyen yo te pran yo? Mwen te tande lè w te mande pou malediksyon tonbe sou moun ki te pran yo a. Tande, se nan men m pyès ann ajan yo ye. Se mwen menm ki te pran yo.” Lè sa a, manman an di: “Se pou Jewova beni pitit gason m nan.”  Apre sa, li remèt manman l 1 100 pyès ann ajan yo. Men, manman an di: “M ap met ajan ki nan men m nan apa pou Jewova san mank pou pitit gason m nan ka fè yon zidòl ak yon estati an metal*+. Konsa, l ap retounen vin jwenn ou.”  Apre l fin remèt manman l ajan an, manman l pran 200 pyès ann ajan epi li bay yon òfèv li. Epi, òfèv la fè yon zidòl ak yon estati an metal* e yo mete yo lakay Mika.  Mika te gen yon kay ki chaje ak fo dye, epitou li te fè yon efòd*+ ak kèk estati terafim*+ e li te chwazi* youn nan pitit gason l yo pou l sèvi l kòm prèt+.  Nan epòk sa a, pa t gen wa ann Izrayèl+. Chak moun te konn fè sa ki dwat nan je l*+.  Te gen yon jèn gason ki te rete Betleyèm+, nan Jida, ki te fè pati tribi Jida a. Se te yon Levit+ e li t ap viv nan vil sa a pandan yon tan.  Li te kite vil Betleyèm, nan Jida, e li t ap chèche yon kote pou l rete. Pandan li te sou wout li, li te rive lakay Mika, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+.  Mika di l: “Moun ki bò w ye?” Li reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Betleyèm, nan Jida, e m ap vwayaje paske m ap chèche yon kote pou m rete.” 10  Konsa, Mika di l: “Rete avèk mwen pou w ka vin yon papa* ak yon prèt pou mwen. M ap ba w dis pyès ann ajan chak ane, e m ap ba w yon abiman konplè ak manje.” Epi, Levit la antre lakay Mika. 11  Levit la te dakò rete lakay Mika e jèn gason sa a te vin tankou youn nan pitit Mika yo. 12  Mete sou sa, Mika te fè Levit la* sèvi l kòm prèt+ e Levit la te viv lakay Mika. 13  Annapre, Mika di: “Kounye a, mwen konnen Jewova ap beni m paske Levit la se prèt mwen.”

Nòt anba paj

Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Lit.: “plen men”.
Oswa: “kèk dye fanmi; kèk zidòl”.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Oswa: “sa li panse ki dwat”.
Oswa: “konseye”.
Lit.: “te plen men Levit la pou l”.