Jij 18​:​1-31

  • Moun nan tribi Dann yo ap chèche tèritwa (1-31)

    • Yo pran zidòl Mika yo ak prèt li a (14-20)

    • Yo pran vil Layis e yo vin rele l Dann (27-29)

    • Adorasyon zidòl nan Dann (30, 31)

18  Nan epòk sa a, pa t gen wa ann Izrayèl+ e moun nan tribi Dann yo+ t ap bat pou yo jwenn yon kote* pou yo rete, paske yo potko fin resevwa eritaj pa yo a nan mitan tribi Izrayèl yo+.  Moun nan tribi Dann yo te voye senk gason nan tribi yo a al gade peyi a pou yo wè ki jan l ye. Mesye yo te voye yo se te senk gason vanyan ki soti Sora ak Echtawòl+. Yo te di mesye yo: “Al gade ki jan peyi a ye.” Lè mesye yo rive lakay Mika, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+, yo pase nuit lan la.  Pandan yo toupre kay Mika a, yo rekonèt vwa* jèn gason ki Levit la. Konsa, y al kote l e yo mande l: “Kiyès ki mennen w bò isit la? Ki sa w ap fè la a? Ki sa k kenbe w isit la?”  Li di yo: “Mika fè yon aranjman avè m, li peye m pou m sèvi l kòm prèt+.”  Lè yo tande sa, yo di l: “Tanpri, mande Bondye si tout bagay ap byen pase nan vwayaj nou an.”  Prèt la di yo: “Nou mèt ale anpè. Jewova avèk nou nan vwayaj nou an.”  Vrèmanvre, senk mesye yo ale e yo rive nan vil Layis+. Yo te wè jan moun nan vil la pa t depann de lòt moun, menm jan ak moun Sidon yo. Yo te gen kè poze e yo t ap viv san yo pa pè anyen+. Yo pa t gen ènmi k ap deranje yo. Yo t ap viv byen lwen moun Sidon yo e yo pa t mele ak okenn lòt moun.  Lè yo retounen kot lòt moun nan tribi Dann nan, nan Sora ak nan Echtawòl+, moun yo te di yo: “Ki jan sa te pase?”  Yo di yo: “Nou wè peyi a e li bon anpil. Ann monte al pran l nan men yo. Nou pa bezwen pè. Annou pa pèdi tan, ann monte al pran peyi a. 10  Lè nou rive, n ap jwenn yon pèp k ap viv san yo pa pè anyen+ e n ap wè se yon gwo peyi. Bondye lage peyi a nan men nou, yon peyi ki pa manke anyen+.” 11  Annapre, 600 gason nan tribi Dann nan ki te pare pou yo fè lagè soti Sora ak Echtawòl+, 12  yo monte e yo tabli kan yo toupre Kiriyatjeyarim+, nan Jida. Se sa k fè yo rele kote sa a ki alwès Kiriyatjeyarim nan Maanedann*+ jis jodi a. 13  Annapre, yo kite zòn sa a, y al nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan e yo rive lakay Mika+. 14  Lè sa a, senk mesye ki t al gade vil Layis yo+ di lòt moun nan tribi Dann nan: “Èske nou konnen gen yon efòd*, kèk estati terafim*, yon zidòl ak yon estati ki fèt an metal* anndan kay sa yo+? Reflechi sou sa nou dwe fè.” 15  Konsa, yo fè yon ti rete nan zòn nan, y al lakay jèn gason ki te Levit la+, lakay Mika, epi yo mande l kòman li ye. 16  Pandan tan sa a, 600 gason nan tribi Dann yo+ ki te pare pou yo fè lagè yo te kanpe devan pòtay vil la. 17  Senk mesye ki t al gade peyi a+ antre pou yo pran zidòl la, efòd la+, estati terafim yo*+ ak estati ki fèt an metal la*+. (Prèt la+ te kanpe devan pòtay vil la ak 600 gason ki te pare pou yo fè lagè yo.) 18  Vrèmanvre, yo antre lakay Mika e yo pran zidòl la, efòd la, estati terafim yo* ak estati ki fèt an metal la*. Prèt la di yo: “Ki sa n ap fè la a?” 19  Yo reponn li: “Ou mèt pe, pa di anyen! Vin avèk nou pou w kapab vin yon papa* ak yon prèt pou nou. Sa w pi pito: sèvi kòm prèt lakay yon sèl moun+ oubyen sèvi kòm prèt pou tout yon fanmi oswa menm pou tout yon tribi ann Izrayèl+?” 20  Lè prèt la tande sa, li kontan e li pran efòd la, estati terafim yo* ak zidòl la+ epi l ale ak moun yo. 21  Lè yo pran wout pou y ale, yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak bagay ki gen valè yo. 22  Apre moun nan tribi Dann yo fin kite kay Mika a e yo rive nan yon bon distans, vwazen Mika yo rasanble ansanm, yo pati dèyè yo jis yo jwenn yo. 23  Yo rele moun nan tribi Dann yo, moun nan tribi Dann yo vire e yo di Mika: “Sa k genyen? Poukisa w rasanble tout moun sa yo?” 24  Mika di yo: “Nou pran dye m te fè yo, nou ale ak prèt la e nou pa kite anyen pou mwen. Epi kounye a, n ap mande m: ‘Ki sa m genyen?’” 25  Moun nan tribi Dann yo di: “Pa pale fò ak nou konsa. Si w fè sa, gen gason la a ki fache* ki ka met men sou ou e ki ka lakòz ni ou menm ni moun lakay ou pèdi lavi* nou tande.” 26  Apre sa, moun nan tribi Dann yo vire y ale, e kòm Mika wè yo gen plis fòs pase l, li tounen lakay li. 27  Apre yo fin pran dye Mika te fè yo ansanm ak prèt la, y al Layis+, kote moun yo t ap viv ak kè poze, san yo pa pè anyen an+. Yo touye moun yo ak kout epe e yo boule vil la. 28  Pa t gen pèsonn pou sove vil la, paske li te lwen Sidon e moun nan vil la pa t mele ak lòt moun. Layis te nan yon vale ki te pou Bètreyòb*+. Apre sa, yo rebati vil la e yo rete ladan l. 29  Mete sou sa, yo rele vil la Dann+, menm non ak zansèt yo a ki te pitit Izrayèl+. Men anvan sa, vil la te rele Layis+. 30  Apre sa, moun nan tribi Dann yo met zidòl la+ nan vil la. Epi, Jonatan+, pitit gason Gèchòm+ ki te pitit Moyiz, ak pitit gason l yo vin prèt pou moun tribi Dann yo jiskaske moun yo nan peyi a al ann egzil. 31  Yo met zidòl Mika te fè a nan vil la e li rete la pandan tout tan kay vrè Dye a te nan Silo+.

Nòt anba paj

Lit.: “eritaj”.
Oswa: “aksan”.
Sa vle di: “Kan moun Dann yo”.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Oswa: “kèk dye fanmi; kèk zidòl”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn nan”.
Oswa: “dye fanmi yo; zidòl yo”.
Oswa: “dye fanmi yo; zidòl yo”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn nan”.
Oswa: “konseye”.
Oswa: “dye fanmi yo; zidòl yo”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “ki gen nanm yo anmè”.
Sanble se non yon ti wayòm arameyen, e petèt okòmansman se te non vil prensipal nan wayòm sa a.