Jij 19​:​1-30

  • Mesye nan tribi Benjamen yo vyole yon fi nan Gibeya, e fi a mouri (1-30)

19  Nan epòk sa a kote pa t gen wa ann Izrayèl+, gen yon Levit ki t ap viv yon kote ki byen lwen nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+ ki te pran yon fi* ki te moun Betleyèm+, nan Jida, kòm madanm.  Men, fi a pa t fidèl e li te kite Levit la l al lakay papa l Betleyèm, nan Jida. Li pase kat mwa la.  Mari a al dèyè l pou l konvenk li retounen avè l. Misye te gen yon sèvitè avè l ansanm ak de bourik. Lè l rive, fi a fè l antre lakay papa l. Lè papa a wè l, li kontan resevwa l lakay li.  Bòpè l la, papa fi a, konvenk li pou l rete avè l pandan twa jou. Li fè l konnen l ap manje avèk yo, l ap bwè e l ap pase nuit lan nan kay la.  Nan katriyèm jou a, yo leve bonè pou y ale, men, papa fi a di bofis li: “Manje yon ti bagay anvan pou w ka gen fòs*, apre sa w a ale.”  Konsa, yo chita, yo manje e yo bwè ansanm. Apre sa, papa fi a di misye: “Tanpri, pase nuit lan isit la epi pran plezi w*.”  Lè misye leve pou l ale, bòpè a pran sipliye l pou l rete. Vrèmanvre, li rete e li pase nuit lan la ankò.  Nan senkyèm jou a, li leve bonè pou l ale e papa fi a di l: “Tanpri, manje yon ti bagay anvan pou w ka gen fòs*.” Yo te rete la jis byen ta nan aprèmidi e yo toule de te kontinye manje ansanm.  Lè misye leve pou l ale ansanm ak madanm li ak sèvitè l la, bòpè a, papa fi a, di l: “Gade, li prèske aswè. Tanpri, ret pase nuit lan isit la. Jounen an prèske fini. Pase nuit lan isit la epi pran plezi w. Demen, w a leve bonè pou vwayaj la e w a retounen lakay* ou.” 10  Men, misye pa t vle ret pase yon lòt nuit. Se sa k fè li ale, li vwayaje jiskaske li rive Jebis, sa vle di Jerizalèm+. De bourik yo te avè l tou sele ansanm ak madanm li ak sèvitè l la. 11  Lè yo rive toupre Jebis, li te byen ta nan jounen an. Se sa k fè sèvitè l la di l: “Èske nou pa ta dwe rete nan vil sa a, vil moun Jebis yo, pou nou pase nuit lan?” 12  Men, mèt li di l: “Nou pa dwe ret nan yon vil ki pa gen Izrayelit, kote yon bann etranje ap viv. N ap kontinye jis nou rive Gibeya+.” 13  Apre sa, li di sèvitè l la: “Ann ale, ann eseye rive Gibeya oswa Rama+ pou nou pase nuit lan.” 14  Vrèmanvre, y ale. Solèy la te kòmanse kouche lè yo te rive toupre Gibeya, ki nan tèritwa tribi Benjamen an. 15  Lè yo rive Gibeya, yo antre nan vil la pou yo pase nuit lan. Kou yo fin antre nan vil la, y al chita sou plas piblik la, men pèsonn pa t envite yo antre lakay yo pou yo pase nuit lan+. 16  Finalman, nan aswè, gen yon granmoun ki te sot nan jaden ki t ap pase. Se yon mesye ki te sot nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+, e ki t ap viv Gibeya depi kèk tan. Men, moun ki t ap viv nan vil la se te moun tribi Benjamen+. 17  Lè granmoun nan gade, li wè mesye a sou plas piblik vil la, li di l: “Kote w soti e ki kote w prale?” 18  Lè sa a, mesye a di l: “Nou sot Betleyèm, nan Jida, e nou pral yon kote ki byen lwen nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan. Se moun la mwen ye. Mwen t al Betleyèm, nan Jida+, e mwen pral nan kay Jewova a*, men pa gen pèsonn ki resevwa m lakay yo. 19  Nou gen ase pay ak manje pou bourik yo+ e gen pen+ ak diven ni pou mwen, ni pou fi a, ni pou sèvitè nou an. Nou pa manke anyen.” 20  Men, granmoun nan di: “Lapè avè w! Se mwen k ap ba w kèlkeswa sa w bezwen. Sèl bagay, pa ret pase nuit lan sou plas la.” 21  Epi, li mennen l lakay li e li bay bourik yo manje*. Apre sa, moun yo lave pye yo, yo manje e yo bwè. 22  Pandan yo t ap pase yon bon ti moman ansanm, gen kèk voryen nan vil la ki ansèkle kay la e ki pran frape pòt la. Yo t ap plede di granmoun ki mèt kay la: “Fè mesye ki vin lakay ou a soti deyò pou nou ka kouche avè l+.” 23  Lè sa a, mèt kay la soti deyò e li di yo: “Non frè m yo, tanpri, pinga nou fè move zak sa a, paske mesye sa a se ladesant li fè lakay mwen. Pinga nou fè vye bagay sal sa a. 24  Men m gen pitit fi m nan la a ki vyèj ak madanm mesye a. Kite m fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt imilye yo si nou vle*+. Men, pa fè mesye a vye bagay sal sa a.” 25  Men, mesye yo pa t vle koute l, se sa k fè Levit la te pran madanm li an+ e li fè l soti al jwenn yo deyò a. Yo vyole l e yo maltrete l pandan tout nuit lan rive jis nan maten. Apre sa, yo voye l ale lè l kòmanse jou. 26  Nan maten, byen bonè, fi a rive devan kay granmoun nan, kote mèt li ye a, e li tonbe atè a devan kay la. Li ret kouche la jis solèy la leve. 27  Lè mèt li a leve nan maten e li ouvri pòt kay la pou l soti e pou l kontinye vwayaj li a, li wè fi a, madanm li an, ki kouche atè a devan kay la ak de men l devan papòt la. 28  Li di fi a: “Leve, ann ale.” Men, fi a pa reponn paske li te gentan mouri. Lè sa a, misye pran kadav la, li mete l sou bourik li e li pran wout pou l al lakay li. 29  Lè l rive lakay li, li pran yon gwo kouto, li koupe kadav la, li fè l fè 12 moso e li voye yon moso nan tèritwa chak tribi Izrayèl yo. 30  Tout moun ki te wè moso kadav la te di: “Se premye fwa nou wè yon bagay konsa. Bagay konsa pa t janm fèt nan mitan Izrayelit yo depi lè yo te kite peyi Ejip rive jis jodi a. Se pou nou reflechi sou sa*, pou n debat kesyon an+, pou n konn sa pou n fè.”

Nòt anba paj

Lit.: “yon madanm sou kote”.
Oswa: “pou w soutni kè w”.
Oswa: “epi fè kè w kontan”.
Oswa: “pou w soutni kè w”.
Lit.: “nan tant”.
Se kapab tou: “e m ap travay nan kay Jewova a”.
Oswa: “fouray ki melanje”.
Oswa: “maltrete yo epi fè yo sa nou wè ki bon nan je nou”.
Oswa: “fikse kè nou sou sa”.