Jij 20​:​1-48

  • Lagè ak moun nan tribi Benjamen yo (1-48)

20  Konsa, tout Izrayelit yo, depi Dann+ rive Beyècheba pase Galaad+, te fè yon sèl*, yo rasanble ansanm devan Jewova nan Mispa+.  Moun ki te chèf nan pèp Bondye a ak moun nan tout tribi Izrayèl yo te pran plas yo nan mitan asanble a. Te gen 400 000 sòlda apye ki te gen epe nan men yo+.  Moun Benjamen yo aprann mesye Izrayèl yo monte al Mispa. Mesye nan tribi Izrayèl yo di: “Di nou ki jan bagay terib sa a te rive+?”  Lè sa a, Levit la+, mari fi yo te touye a, di: “Mwen t al Gibeya+, nan tribi Benjamen an, ansanm ak madanm mwen pou nou pase nuit lan.  Pandan nuit lan, moun* Gibeya yo te leve kont mwen e yo ansèkle kay kote m te ye a. Yo te vle touye m, men finalman yo vyole madanm mwen ki mouri annapre+.  Konsa, mwen pran kadav madanm mwen, mwen fè l fè plizyè moso epi m voye yon moso nan chak tèritwa Izrayèl te resevwa kòm eritaj la+, paske moun Gibeya yo te fè yon bagay ki chokan nan peyi Izrayèl.  Kounye a, nou tout ki nan pèp Izrayèl la nou dwe deside+ ki sa n ap fè.”  Lè sa a, tout moun yo mete tèt yo ansanm*, yo leve epi yo di: “Pa gen youn nan nou k ap tounen nan tant li oswa k ap tounen lakay li.  Men sa n ap fè: N ap monte Gibeya, n ap fè tiraj osò pou nou konnen kiyès k ap monte+. 10  N ap pran 10 gason sou 100 nan tout tribi Izrayèl yo, 100 sou 1 000, 1 000 sou 10 000 pou yo ka fè pwovizyon pou moun ki nan lame a, pou sòlda yo ka al regle ak moun Gibeya yo, nan tribi Benjamen an, akoz vye bagay chokan moun Gibeya yo te fè nan peyi Izrayèl la.” 11  Se konsa tout mesye Izrayèl yo te fè yon sèl*, yo rasanble ansanm kont vil Gibeya. 12  Annapre, tribi Izrayèl yo voye moun al pale ak moun tribi Benjamen yo. Yo di yo: “Ki kalite bagay sal sa a ki fèt nan mitan nou an? 13  Kounye a, se pou nou ban nou voryen nan Gibeya yo+ pou nou ka touye yo, pou nou ka retire sa ki pa bon nan mitan pèp Izrayèl la+.” Men, moun Benjamen yo te refize koute lòt Izrayelit yo, ki se frè yo. 14  Epi, moun Benjamen yo soti nan lòt vil e yo rasanble Gibeya pou yo fè lagè ak mesye Izrayèl yo. 15  Jou sa a, moun Benjamen yo te rasanble 26 000 gason ak epe nan men yo ki te soti nan lòt vil yo mete sou 700 gason moun Gibeya yo te chwazi nan vil yo a. 16  Nan lame sa a, te gen 700 gason ki te goche. Yo chak te ka voye yon wòch dèyè yon branch cheve san yo pa rate l. 17  Mesye Izrayèl yo yo menm rasanble 400 000 gason ak epe nan men yo+ e pa t gen moun Benjamen nan mitan yo. Chak mesye sa yo se te sòlda ki gen anpil eksperyans. 18  Yo monte Betèl pou y al mande Bondye sa pou yo fè+. Yo mande l: “Kiyès nan nou ki dwe pran devan pou n al goumen ak moun tribi Benjamen yo?” Lè sa a, Jewova di: “Se Jida ki dwe pran devan.” 19  Nan maten, mesye Izrayèl yo leve e y al tabli kan yo pou yo atake Gibeya. 20  Mesye Izrayèl yo te soti pou y al goumen ak moun Benjamen yo. Yo te ranje lame yo a pou yo goumen ak yo toupre Gibeya. 21  Jou sa a, moun Benjamen yo soti Gibeya e yo touye 22 000 sòlda pami mesye Izrayèl yo. 22  Men, mesye Izrayèl yo te montre yo gen kouraj. Yo te ranje lame yo a yon lòt fwa ankò nan menm zòn nan, jan yo te fè sa premye jou a. 23  Anvan sa, yo te monte Betèl e yo te kriye devan Jewova jiskaske l te vin aswè. Yo te mande Jewova: “Èske nou ta dwe soti yon lòt fwa ankò pou n al goumen ak frè nou yo, moun tribi Benjamen yo+?” Lè sa a, Jewova te di: “Nou mèt monte al goumen ak yo.” 24  Vrèmanvre, mesye Izrayèl yo monte al goumen ak moun Benjamen yo nan dezyèm jou a. 25  Moun Benjamen yo soti Gibeya e y al rankontre yo nan dezyèm jou a. Fwa sa a, yo touye 18 000 sòlda ki te gen epe nan men yo pami mesye Izrayèl yo+. 26  Lè sa a, tout mesye Izrayèl yo monte Betèl. Yo kriye e yo ret chita la devan Jewova+. Yo fè jèn*+ jou sa a jiskaske li aswè e yo ofri Jewova bèt kòm sakrifis yo boule nèt+ ak bèt kòm sakrifis kominyon*+. 27  Apre sa, yo mande Jewova sa yo dwe fè+, paske nan epòk sa a, lach alyans vrè Dye a te Betèl. 28  Se Fineyas+, pitit gason Eleyaza ki pitit gason Arawon, ki t ap sèvi* devan Lach la nan jou sa yo. Mesye Izrayèl yo mande: “Èske nou ta dwe soti yon lòt fwa ankò pou n al goumen ak frè nou yo, moun Benjamen yo, oubyen nou pa ta dwe ale+?” Jewova reponn: “Nou mèt monte paske demen m ap lage yo nan men nou.” 29  Apre sa, mesye Izrayèl yo pare yon anbiskad+ toutotou Gibeya. 30  Mesye Izrayèl yo monte al goumen ak moun Benjamen yo nan twazyèm jou a. Yo ranje lame yo a pou yo goumen ak yo toupre Gibeya menm jan yo te fè sa lòt fwa yo+. 31  Lè moun Benjamen yo soti pou y al rankontre lame mesye Izrayèl yo, mesye Izrayèl yo rale yo lwen vil la+. Lè sa a, menm jan sa te ye lòt fwa yo, moun Benjamen yo kòmanse atake yo sou wout prensipal yo e yo touye kèk nan yo. Youn nan wout prensipal yo te monte al Betèl e lòt la t al Gibeya. Anviwon 30 sòlda pami mesye Izrayèl yo te pèdi lavi yo nan savann nan+. 32  Moun Benjamen yo di: “Nou kòmanse bat yo menm jan nou te bat yo anvan an+.” Men, mesye Izrayèl yo di: “N ap kouri devan yo, n ap rale yo lwen vil la e n ap mennen yo sou wout prensipal yo.” 33  Konsa, tout mesye Izrayèl yo kite kote yo te ye yo e y al rasanble Baaltama, pandan lòt mesye Izrayèl ki te nan anbiskad yo soti kote yo te ye yo toupre Gibeya a pou yo atake vil la. 34  Se konsa 10 000 gason nan tout Izrayèl te vin devan Gibeya. Batay la te rèd anpil. Men, moun Benjamen yo pa t konnen te gen yon malè ki t ap tann yo. 35  Jewova te fè mesye Izrayèl yo bat moun Benjamen yo+. Jou sa a, mesye Izrayèl yo te touye 25 100 sòlda ki te gen epe nan men yo pami moun Benjamen yo+. 36  Moun Benjamen yo te panse yo t ap bat mesye Izrayèl yo lè yo wè yo kouri devan yo+. Men, mesye Izrayèl yo te kouri devan yo paske yo te met konfyans yo nan anbiskad ki te toutotou Gibeya a+. 37  Mesye ki te nan anbiskad yo te atake Gibeya byen rapid. Epitou, yo gaye kò yo nan vil la e yo touye tout moun ki nan vil la ak kout epe. 38  Mesye Izrayèl yo te antann yo ak mesye ki te nan anbiskad yo ki te dwe limen dife nan vil la pou lafimen an ka avèti yo. 39  Lè mesye Izrayèl yo te kouri a, moun Benjamen yo te atake yo, yo te touye anviwon 30 gason pami yo+ e yo te di: “Fwa sa a tou, pa gen dout n ap bat yo menm jan nou te fè sa nan batay anvan an+.” 40  Men, lafimen te kòmanse monte anlè sot nan vil la e sa te avèti mesye Izrayèl yo. Lè mesye Benjamen yo vire pou yo gade, yo wè tout vil la pran dife e yo wè lafimen k ap monte nan syèl la. 41  Lè sa a, mesye Izrayèl yo kase tèt tounen, e mesye Benjamen yo panike, paske yo wè bagay la vire mal pou yo. 42  Se sa k fè yo kouri nan direksyon dezè a pou y al lwen mesye Izrayèl yo. Men, sòlda Izrayèl yo kouri dèyè yo e yo kontinye goumen avè yo pandan lòt mesye yo, ki te nan vil la, soti vin ede yo touye yo. 43  Yo ansèkle mesye Benjamen yo e yo pousuiv yo san pran souf. Yo kraze yo nèt anfas Gibeya, nan direksyon lès. 44  Se konsa, 18 000 moun Benjamen mouri. Yo tout se te sòlda vanyan+. 45  Mesye Benjamen yo vire e yo kouri nan dezè a nan direksyon gwo wòch ki Rimon an+. Men, mesye Izrayèl yo touye 5 000 moun Benjamen sou wout prensipal yo, yo kontinye pousuiv yo rive jis Gidòm e yo touye 2 000 gason ankò. 46  Jou sa a, te gen 25 000 moun Benjamen antou ki mouri, e yo tout te yon bann sòlda vanyan ki te gen epe nan men yo+. 47  Men, gen 600 moun Benjamen k al nan dezè a, sou gwo mas wòch ki Rimon an, e yo rete la pandan kat mwa. 48  Mesye Izrayèl yo tounen pou y al goumen ak moun Benjamen yo ki nan vil la e yo touye tout sa k te rete yo ak kout epe, ni moun, ni bèt. Mete sou sa, yo boule tout vil yo jwenn sou wout yo.

Nòt anba paj

Lit.: “te tankou yon sèl moun”.
Se kapab tou: “moun ki gen tè”.
Lit.: “tout moun yo te tankou yon sèl moun”.
Lit.: “te tankou yon sèl moun”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “ki te kanpe”.