Jij 3​:​1-31

  • Jewova teste pèp Izrayèl la (1-6)

  • Otnyèl se premye jij la (7-11)

  • Jij Ewoud touye wa Eglon ki te byen gra (12-30)

  • Jij Chanmga (31)

3  Jewova te kite kèk nasyon nan peyi a pou l te ka teste moun nan pèp Izrayèl la ki pa t patisipe nan okenn gè ki te fèt lè pèp la t ap antre nan peyi Kanaran an+.  Li te fè sa pou Izrayelit ki te nan jenerasyon apre yo ki pa t janm fè lagè te ka al nan lagè.  Men moun li te kite yo: senk chèf ki t ap dirije moun Filisti yo+, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo+, Ivit+ ki t ap viv nan mòn Liban yo+, soti nan Mòn Baalèmon rive Lebowamat*+.  Jewova te sèvi ak nasyon sa yo pou l te ka wè si pèp Izrayèl la t ap obeyi kòmandman l yo, kòmandman li te bay zansèt yo pa mwayen Moyiz+.  Konsa, pèp Izrayèl la te viv nan mitan moun Kanaran yo+, nan mitan desandan Èt yo, Amorit yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo.  Izrayelit yo te pran pitit fi moun sa yo pou madanm e yo te bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm. Yo te kòmanse sèvi dye moun sa yo t ap sèvi yo+.  Konsa, Izrayelit yo te fè sa ki mal nan je Jewova, yo te bliye Jewova, Bondye yo a, e yo t al sèvi Baal yo+ ak poto sakre ki fèt an bwa yo*+.  Lè sa a, Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp Izrayèl la. Se sa k fè li te lage yo nan men Kouchanrichatayim, wa Mezopotami an*. Izrayelit yo te sèvi Kouchanrichatayim pandan uitan.  Lè Izrayelit yo te mande Jewova èd li+, Jewova te ba yo yon moun pou sove yo+. Li te ba yo Otnyèl+, pitit gason Kenaz, ki li menm te ti frè Kalèb. 10  Lespri Jewova te vin sou Otnyèl+ e Otnyèl te vin jij ann Izrayèl. Lè li t al fè lagè ak Kouchanrichatayim, wa Mezopotami an*, Jewova te lage Kouchanrichatayim nan men l. 11  Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan 40 an. Finalman, Otnyèl, pitit gason Kenaz la, mouri. 12  Men, yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te kòmanse fè sa ki mal nan je Jewova+. Kòm Izrayelit yo t ap fè sa ki mal nan je Jewova, Jewova te lage yo nan men Eglon, wa peyi Mowab la+. 13  Mete sou sa, li te fè desandan Amon yo+ ak moun Amalèk yo+ atake yo. Yo te atake pèp Izrayèl la e yo te pran vil pye palmye yo+. 14  Izrayelit yo te sèvi Eglon, wa peyi Mowab la, pandan 18 an+. 15  Apre sa, Izrayelit yo te mande Jewova èd li+ e Jewova te ba yo yon moun pou sove yo+. Li te ba yo Ewoud+, pitit gason Gera. Ewoud se te yon moun tribi Benjamen+ ki te goche+. Rive yon lè, Izrayelit yo te bay Ewoud pote yon taks bay Eglon, wa peyi Mowab la. 16  Ewoud te fè yon epe ki file de bò, ki te mezire yon koude* longè, e li te mare l sou kuis dwat li pa anba rad li. 17  Apre sa, li pote taks la bay Eglon, wa peyi Mowab la. Eglon te yon moun ki gra anpil. 18  Apre Ewoud fin ba l taks la, li fè moun ki te pote taks la ansanm avèk li yo ale e li menm tou li ale. 19  Men, lè li rive bò zidòl* ki Gilgal yo+, li kase tèt tounen pou l al pale ak wa a. Li di l: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ou, o monwa.” Lè sa a, wa a di: “Silans!” Epi, tout moun ki te kote l yo ale. 20  Ewoud pwoche kote wa a. Wa a te chita poukont li nan chanm byen fre li te gen sou tèt kay kote l te ye a. Ewoud di l: “Bondye ban m yon mesaj pou ou.” Lè sa a, wa a leve sou twòn li an*. 21  Epi, Ewoud rale epe a sou kuis dwat li ak men goch li, li foure l nan vant wa a. 22  Epe a antre nan vant li ak tout manch lan, e grès ki nan vant li refèmen sou epe a paske Ewoud pa t rale epe a soti nan vant li, epi, poupou soti. 23  Ewoud soti pa balkon an*. Apre l fin soti, li fèmen pòt yo e li klete yo. 24  Lè l fin ale, sèvitè wa yo tounen e yo wè pòt chanm ki sou tèt kay la klete. Donk, yo di: “Petèt l ap fè bezwen l* nan chanm ki byen fre a.” 25  Yo tann, yo tann jiskaske yo santi yo jennen. Men, lè yo wè li pa janm ouvri pòt chanm ki sou tèt kay la, yo pran kle a epi yo ouvri pòt yo. Se konsa yo wè wa yo a blayi atè a tou mouri. 26  Pandan yo t ap tann nan, Ewoud li menm chape poul li. Li pase bò zidòl* yo+ e li rive Seyira sennesòf. 27  Lè li rive Seyira, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan+, li pran sonnen kòn+ e Izrayelit yo kòmanse desann mòn nan ansanm avèk li. Li menm li pran latèt. 28  Li di yo: “Suiv mwen, paske Jewova lage moun Mowab yo, ènmi nou yo, nan men nou.” Konsa, yo suiv li e yo pran pas dlo kote moun janbe Rivyè Jouden an pou moun Mowab yo pa chape. Yo pa t kite pèsonn janbe dlo a. 29  Lè sa a, yo te touye anviwon 10 000 moun Mowab+, yon pakèt gason vanyan, ki te gen anpil fòs. Menm youn pa t chape+. 30  Jou sa a, Mowab te tonbe nan men Izrayelit yo. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan 80 an+. 31  Apre Ewoud, te vin gen Chanmga+, pitit gason Anat la. Li te touye 600 moun Filisti+ ak yon digèt bèf+. Li menm tou li te sove pèp Izrayèl la.

Nòt anba paj

Oswa: “nan antre Amat”.
Lit.: “wa Aramnaharayim nan”.
Lit.: “wa Aram nan”.
Petèt se yon koude ki kout ki mezire anviwon 38 sm (15 pous). Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “rive bò min wòch”.
Oswa: “leve kote l te chita a”.
Se kapab tou: “soti nan twou kote lè pase a”.
Lit.: “l ap kouvri pye l”.
Se kapab tou: “min wòch”.