Jij 6​:​1-40

  • Moun Madyan yo toupizi pèp Izrayèl la (1-10)

  • Yon zanj bay jij Jedeyon garanti l ap ede l (11-24)

  • Jedeyon kraze lotèl Baal la (25-32)

  • Lespri Bondye aji sou Jedeyon (33-35)

  • Tès lenn nan (36-40)

6  Men, Izrayelit yo te rekòmanse fè sa ki mal nan je Jewova+, se sa k fè Jewova te lage yo anba men moun Madyan yo pandan setan+.  Moun Madyan yo t ap toupizi pèp Izrayèl la+. Akoz moun Madyan yo, Izrayelit yo te fè kote pou yo kache* nan mòn yo, nan gwòt ak nan zòn ki difisil pou moun al ladan yo+.  Lè Izrayelit yo te plante jaden yo, moun Madyan yo, moun Amalèk yo+ ak moun ki sot nan zòn Lès yo+ te konn atake yo.  Yo te konn ansèkle yo, yo te konn detwi tout sa peyi a te pwodui yo rive jis Gaza. Yo pa t konn kite anyen pou Izrayelit yo manje, yo pa t kite okenn mouton, bèf oswa bourik+.  Yo te konn vini ak yon bann bèt ansanm ak tant. Yo te konn anpil tankou krikèt+. Moun pa t ka konte kantite yo te ye ak kantite chamo yo te genyen+. Yo te konn vini pou yo ravaje peyi a.  Konsa, moun Madyan yo te fè Izrayelit yo vin pòv anpil, se sa k fè Izrayelit yo te rele Jewova pou yo mande l sekou+.  Lè Izrayelit yo te mande Jewova ede yo akoz moun Madyan yo+,  Jewova te voye yon pwofèt al pale ak pèp Izrayèl la. Pwofèt la te di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen te fè nou kite peyi Ejip kote nou te esklav la+.  Mwen te delivre nou anba men Ejipsyen yo e anba men moun ki t ap toupizi nou yo. Mwen te retire moun sa yo devan nou e mwen te ban nou peyi yo+. 10  Mete sou sa, mwen te di nou: “Mwen se Jewova, Bondye nou an+. Nou pa dwe gen lakrentif pou dye Amorit yo kote nou rete a+.” Men, nou pa t obeyi m*+.’” 11  Apre sa, yon zanj Jewova te vin Ofra+ e li te chita anba yon gwo pyebwa nan zòn nan ki te pou Jowas, desandan Abyezè a+. Jedeyon, pitit gason+ Jowas la, t ap bat ble nan près diven an, pou moun Madyan yo pa t wè ble a. 12  Zanj Jewova a te pale avè l, li te di l: “Jewova avè w+, sòlda vanyan.” 13  Lè sa a, Jedeyon di l: “Eskize m, mèt mwen, si Jewova avèk nou, poukisa tout bagay sa yo rive nou+? Kote tout gwo aksyon papa nou te konn rakonte nou yo+? Yo te konn di nou: ‘Se Jewova ki te fè nou kite peyi Ejip+.’ Kounye a, Jewova abandone nou+ e li lage nou anba men moun Madyan yo.” 14  Jewova* vire fas li bay Jedeyon e li di: “Ale ak fòs ou genyen an e w ap sove pèp Izrayèl anba men Madyan+. Èske se pa mwen ki voye w?” 15  Jedeyon reponn li: “Eskize m, Jewova. Ki jan m ap rive sove Izrayèl? Gade, nan tribi Manase a se fanmi m* ki gen mwens enpòtans, e se mwen ki gen mwens enpòtans lakay papa m.” 16  Men, Jewova di l: “W ap kraze moun Madyan yo kòmsi yo te yon sèl gason, paske m ap avèk ou+.” 17  Apre sa, Jedeyon di l: “Si m jwenn favè nan je w toutbonvre, ban m yon siy k ap montre se ou menm k ap pale avè m. 18  Tanpri, rete isit la jiskaske mwen retounen ak kado m nan epi m mete l devan w+.” Se sa k fè li te di: “M ap rete la jiskaske w retounen.” 19  Epi, Jedeyon ale, li prepare yon ti kabrit e li fè pen san ledven ak yon efa* farin+. Apre sa, li mete vyann nan nan yon pànye, li mete sòs la nan yon chodyè, li pote yo ba li anba gwo pyebwa a epi li mete yo devan l. 20  Apre sa, zanj vrè Dye a di l: “Pran vyann nan ak pen san ledven yo, mete yo sou gwo wòch ki la a epi vide sòs la sou wòch la.” Li te fè egzakteman sa zanj lan te di l la. 21  Epi zanj Jewova a lonje baton ki nan men l lan, li touche vyann nan ak pen san ledven yo ak pwent baton l lan. Lè sa a, dife soti nan wòch la epi li boule vyann nan ak pen san ledven yo+. Apre sa, zanj Jewova a disparèt. 22  Lè sa a, Jedeyon vin kwè toutbonvre se te yon zanj Jewova+. Lapoula, Jedeyon di: “O Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen wè zanj Jewova a fasafas+!” 23  Men, Jewova di l: “Lapè avè w, ou pa bezwen pè+. Ou pap mouri.” 24  Annapre, Jedeyon bati yon lotèl la pou Jewova, e li rele l Jewova-chalòm*+. Jis kounye a non sa a rete pou lotèl la. Lotèl sa a Ofra toujou nan tèritwa kote desandan Abyezè yo abite a. 25  Pandan nuit sa a, Jewova di l: “Pran jenn towo bèf ki pou papa w la, dezyèm nan, sa ki gen setan an. Kraze lotèl Baal ki pou papa w la epi koupe poto sakre ki fèt an bwa* ki bò kot lotèl la+. 26  Apre w fin bati yon lotèl ak wòch ki byen ranje pou Jewova, Bondye w la, sou tèt kote sa a ki byen pwoteje a, w ap pran dezyèm jenn towo bèf la, w ap ofri l kòm yon sakrifis w ap boule nèt sou moso bwa w ap jwenn lè w fin koupe poto sakre ki fèt an bwa a*.” 27  Vrèmanvre, Jedeyon pran dis gason avè l pami sèvitè l yo e li fè egzakteman sa Jewova te mande l fè a. Men, kòm li te pè moun ki te abite lakay papa l yo anpil e li te pè moun nan vil la anpil, li fè sa lannuit olye l fè sa lajounen. 28  Lè mesye nan vil la leve byen bonè nan demen maten, yo wè lotèl Baal la kraze, yo wè yo koupe poto sakre ki fèt an bwa* ki te bò kote lotèl la e yo wè yo te ofri dezyèm jenn towo bèf la sou lotèl yo te bati a. 29  Youn pran mande lòt: “Kiyès ki fè sa?” Apre yo fin mennen ankèt, yo di: “Se Jedeyon, pitit gason Jowas la, ki fè sa.” 30  Se sa k fè mesye yo nan vil la di Jowas: “Fè pitit gason w lan sot deyò pou nou ka touye l, paske li kraze lotèl Baal la e li koupe poto sakre ki fèt an bwa* ki te bò kote l la met atè.” 31  Lè mesye yo al pale ak Jowas+ sou sa, men sa l di yo: “Èske se nou menm ki pou defann Baal? Èske se nou menm ki pou sove l? Kèlkeswa moun ki defann Baal la, se pou yo touye l maten an menm+. Si Baal se yon dye, se pou l defann tèt li+ poutèt yo kraze lotèl li a.” 32  Jou sa a, Jowas te kòmanse rele Jedeyon Jewoubaal*, li te di: “Se pou Baal defann tèt li paske gen yon moun ki kraze lotèl li a.” 33  Tout moun Madyan yo+, tout moun Amalèk yo+ ak tout moun ki sot nan zòn Lès yo mete tèt yo ansanm+, yo travèse* al nan Vale Jizreyèl e yo tabli kan yo la. 34  Lè sa a, lespri Jewova vin sou* Jedeyon+. Apre Jedeyon fin sonnen kòn nan+, desandan Abyezè yo+ vin jwenn li. 35  Li voye moun al kot moun ki nan tribi Manase a, e yo menm tou yo vin jwenn li. Mete sou sa, li voye moun al kot moun ki nan tribi Achè a, nan tribi Zabilon an ak nan tribi Neftali a, e yo monte vin jwenn li. 36  Apre sa, Jedeyon di vrè Dye a: “Si w ap sèvi avè m pou w sove pèp Izrayèl la jan w te pwomèt la+, 37  ban m yon siy pou w fè m wè sa: M ap mete enpe lenn sou kote yo bat manje angren an, si lawouze tonbe sou lenn nan sèlman e tè a rete sèk, lè sa a m ap konnen w ap sèvi avè m pou w sove pèp Izrayèl la jan w te pwomèt sa a.” 38  Se sa k te rive vre. Lè Jedeyon leve demen maten byen bonè, li tòde lenn nan. Dlo ki te soti ladan l lan te kont pou l plen yon gwo bòl. 39  Men, Jedeyon di vrè Dye a: “Tanpri, pa fache avè m. Kite m mande w yon sèl lòt bagay ankò. Tanpri, kite m fè yon sèl lòt tès ak lenn nan. Tanpri, fè lawouze tonbe toutotou lenn nan men fè lenn nan rete sèk.” 40  Vrèmanvre, se sa Bondye te fè jou swa sa a. Lenn nan te rete sèk, men, te gen lawouze tout kote.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “fè depo anba tè”.
Lit.: “nou pa t koute vwa m”.
Se zanj Jewova a, selon tradiksyon Septant lan.
Lit.: “se mil pa m nan”.
Oswa: “anviwon 7 gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Sa vle di: “Jewova se lapè”.
Sa vle di: “Se pou Baal defann tèt li (plede kòz li)”.
Oswa: “travèse rivyè a”.
Lit.: “vlope”.