Jij 7​:​1-25

  • Jedeyon ak 300 sòlda l yo (1-8)

  • Lame Jedeyon an pot laviktwa sou moun Madyan yo (9-25)

    • “Epe Jewova a ak epe Jedeyon an!” (20)

    • Latwoublay nan kan moun Madyan yo (21, 22)

7  Apre sa, Jewoubaal, anpalan de Jedeyon+, ansanm ak tout moun ki te avè l yo leve bonè e y al tabli kan yo bò kot sous Awòd. Kan moun Madyan yo te nan vale a, toupre Mòn More, nan direksyon nò parapò ak kan Jedeyon an.  Pandan yo la, Jewova di Jedeyon: “Ou gen twòp moun avè w pou m ta lage moun Madyan yo nan men w+. Si m fè sa, pèp Izrayèl la gendwa vante tèt li, li gendwa di: ‘Se nou menm ki sove tèt nou+.’  Tanpri, men sa pou w di moun ki avè w yo: ‘Si gen yon moun la a ki pè e k ap tranble, pito l retounen lakay li+.’” Vrèmanvre, Jedeyon te teste moun ki te avè l yo. Te gen 22 000 moun ki te retounen lakay yo, men, te gen 10 000 ki te rete.  Malgre sa, men sa Jewova te di Jedeyon: “Gen twòp moun avè w toujou. Fè yo desann bò dlo a pou m teste yo pou ou. Si m di w: ‘Moun sa a pral avè w’, li pral avè w. Men, si m di w: ‘Moun sa a pa pral avè w’, li pa pral avè w.”  Vrèmanvre, Jedeyon desann ak moun yo bò dlo a. Apre sa, Jewova di Jedeyon: “Tout moun ki lape dlo ak lang yo tankou yon chen, w ap mete yo yon bò. Tout moun ki met ajenou pou yo bwè dlo, w ap mete yo yon lòt bò.”  Te gen 300 gason ki te pran dlo nan men yo e ki te lape dlo a. Lòt mesye yo te met ajenou pou yo bwè dlo.  Epi, Jewova di Jedeyon: “M ap sove pèp nou an ak 300 gason ki te lape dlo yo te pran nan men yo a e m ap lage Madyan nan men w+. Kite tout lòt mesye yo retounen lakay yo.”  Apre yo fin pran pwovizyon ak kòn lòt mesye yo te gen nan men yo, Jedeyon voye tout lòt mesye yo lakay yo. Se 300 gason yo sèlman ki te rete avèk li. Kan moun Madyan yo te anba nan vale a+.  Pandan nuit sa a, Jewova di Jedeyon: “Prepare w pou w al atake kan an. Mwen lage l nan men w+. 10  Men, si w pè al atake l, desann nan kan an avèk Poura, sèvitè w la. 11  Lè w tande pawòl ou pral tande yo, sa ap ba w kouraj* pou w atake kan an.” Lè sa a, li menm ak Poura, sèvitè l la, desann epi y al toupre kote lame a te tabli kan l lan. 12  Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun ki te soti nan zòn Lès yo+ te toupatou nan vale a, tankou yon bann krikèt. Moun pa t ka konte kantite chamo yo te genyen+. Yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè. 13  Lè Jedeyon rive, te gen yon mesye ki t ap rakonte yon zanmi l yon rèv li te fè. Men sa l te di: “Men rèv mwen te fè a. Te gen yon pen won ki fèt ak farin lòj* ki t ap woule e ki antre nan kan moun Madyan yo. Li te rive bò yon tant e li frape tant lan tèlman fò, tant lan vide atè+. Wi, li te chavire tant lan tèt anba. Tant lan te tonbe plat atè.” 14  Lè sa a, zanmi l lan di l: “Siman sa gen rapò ak epe Jedeyon an+, yon Izrayelit ki se pitit gason Jowas. Bondye lage Madyan ak tout moun ki nan kan an nan men l+.” 15  Kou Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon rèv la+, li pwostène byen ba pou l adore Bondye. Apre sa, li tounen nan kan Izrayelit yo epi li di: “Ann ale, Jewova lage kan moun Madyan yo nan men nou.” 16  Apre sa, li separe 300 mesye yo fè twa gwoup e li bay yo chak yon kòn+ ak yon gwo krich ki te gen yon tòch ladan l. 17  Epi, li di yo: “Gade sa m fè epi fè egzakteman menm jan avè m. Lè mwen rive toupre kan an, nou dwe fè menm jan avè m. 18  Lè mwen menm ak moun ki avè m yo sonnen kòn nou yo, nou menm tou nou dwe sonnen kòn pa nou yo toutotou kan an, e nou dwe di byen fò: ‘Pou Jewova ak Jedeyon!’” 19  Jedeyon ak 100 sòlda ki te avè l yo te rive toupre kan an anvan minui*, yon ti tan apre santinèl yo te fin pran plas yo. Yo te sonnen kòn yo+ e yo te kraze gwo krich yo te gen nan men yo a+. 20  Toule twa gwoup yo te pran sonnen kòn yo e yo te kraze krich yo. Yo te kenbe tòch yo ak men goch yo e yo te sonnen kòn ki te nan men dwat yo a e yo te di byen fò: “Epe Jewova a ak epe Jedeyon an!” 21  Pandan yo t ap fè sa, yo chak te ret kanpe nan plas yo toutotou kan an. Tout sòlda ki te nan kan an te pran kouri e yo t ap rele byen fò toutpandan yo t ap kouri a+. 22  Tout 300 mesye yo te kontinye sonnen kòn yo e Jewova te fè tout moun ki nan kan an rale epe yo pou yo goumen youn ak lòt+. Tout sòlda yo te kouri jis Bètchita, nan direksyon Serera, rive jis bò Abèlmewola+ ki toupre Tabat. 23  Lè sa a, yo rele tout gason ki nan tribi Neftali, nan tribi Achè ak nan tribi Manase+ pou yo pousuiv moun Madyan yo. 24  Jedeyon voye moun pote mesaj nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan. Yo te di: “Desann vin goumen ak moun Madyan yo. Pran devan, al bare yo bò Rivyè Jouden an rive jis Bètbara pou n anpeche yo travèse rivyè a.” Konsa, tout mesye Efrayim yo met ansanm e yo ale bò Rivyè Jouden an rive jis Bètbara. 25  Yo pran Orèb ak Zeyèb, de prens Madyan yo. Yo touye Orèb sou yon gwo wòch yo vin rele wòch Orèb la+ e yo touye Zeyèb nan yon près diven yo vin rele près Zeyèb la. Yo kontinye pousuiv moun Madyan yo+ e yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon nan zòn Rivyè Jouden an.

Nòt anba paj

Lit.: “men w ap vin gen fòs”.
Se yon kalite manje angren.
Lit.: “nan kòmansman vèy ki nan mitan nuit lan”. Soti vè dizè diswa pou rive vè dezè dimaten.