Jij 8​:​1-35

  • Mesye Efrayim yo fè gwo diskisyon ak Jedeyon (1-3)

  • Yo kouri dèyè wa Madyan yo e yo touye yo (4-21)

  • Jedeyon pa aksepte pou l vin wa (22-27)

  • Kèk moman nan lavi Jedeyon (28-35)

8  Lè sa a, mesye Efrayim yo di Jedeyon: “Ki sa w fè nou konsa a? Poukisa w pa t rele nou lè w t apral batay ak moun Madyan yo+?” E yo pete yon sèl lobo avè l+.  Men, li di yo: “Ki sa m fè ki ka parèt devan sa nou fè? Èske rezen ki rete apre moun Efrayim yo+ fin rekòlte yo pa pi bon pase rekòt rezen desandan Abyezè yo fè a+?  Èske se pa nan men nou Bondye te lage Orèb ak Zeyèb, prens Madyan yo+? Mwen pa fè anyen ki ka parèt devan sa nou fè yo.” Lè l pale avèk yo konsa*, yo vin kalme*.  Apre sa, Jedeyon rive bò Rivyè Jouden an epi li travèse l. Ni li menm, ni 300 gason ki te avèk li yo te fatige, men yo te kontinye pousuiv lame a.  Se sa k fè, li di mesye Soukòt yo: “Tanpri bay moun k ap suiv mwen yo kèk pen paske yo fatige. M ap pousuiv Zeba ak Salmouna, wa Madyan yo.”  Men, prens Soukòt yo di l: “Èske pla men Zeba ak Salmouna nan men w deja ki fè w ap mande pou nou bay lame w la pen pou l manje a?”  Lè sa a, Jedeyon di yo: “Poutèt sa, lè Jewova fin lage Zeba ak Salmouna nan men m, m ap tounen vin kale nou ak fwèt pikan ki nan dezè a+.”  Apre sa, li kite yo l al Pénwèl, li mande moun Pénwèl yo menm bagay la, men yo ba l menm repons ak moun Soukòt yo.  Li di yo: “Lè m tounen sennesòf, m ap vide fòtrès sa a atè+.” 10  Zeba ak Salmouna te nan zòn Kakò e yo chak te gen lame yo avèk yo. Te gen anviwon 15 000 sòlda nan lame sa yo. Se kantite sòlda sa yo ki te rete nan lame moun ki te sot nan zòn Lès yo+, paske te gen 120 000 sòlda ki te gen epe nan men yo ki te mouri. 11  Jedeyon te kontinye avanse, li te pase nan wout moun ki viv nan tant yo pase a ki alès Noba ak Jogbeya+, e li atake kan an san moun ki ladan l yo pa t atann. 12  Lè Zeba ak Salmouna, de wa Madyan yo, te chape poul yo, Jedeyon te kouri dèyè yo e li te met men sou yo. Sa te fè tout moun nan kan an panike. 13  Apre sa, Jedeyon, pitit gason Jowas la, tounen sot nan lagè a. Li pase nan ti wout ki monte al Erès la. 14  Pandan l sou wout ap retounen, li met men sou yon jennonm ki te sot Soukòt e li poze l kesyon. Jennonm nan te ekri non tout prens ak ansyen ki nan vil Soukòt yo ba li. Antou yo te 77 gason. 15  Apre sa, Jedeyon al kot mesye nan vil Soukòt yo, e li di yo: “Men Zeba ak Salmouna, de mesye nou te pase m nan rizib poutèt yo a. Nou te di: ‘Èske pla men Zeba ak Salmouna nan men w deja ki fè w ap mande pou nou bay mesye ki avè w ki fatige yo pen pou yo manje a+?’” 16  Apre l fin di sa, li pran ansyen nan vil Soukòt yo e li bat yo ak fwèt pikan li te pran nan dezè a+. 17  Apre sa, li kraze fòtrès ki te Pénwèl la+ e li touye mesye yo ki te nan vil la. 18  Annapre, li mande Zeba ak Salmouna: “Mesye nou te touye nan Tabò yo, ak kiyès yo te sanble?” Mesye yo reponn li: “Yo te sanble avè w, yo chak te sanble pitit gason wa.” 19  Lè sa a, li di yo: “Se frè m yo te ye, pitit manman m. Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman si nou pa t touye yo, mwen pa t ap touye nou.” 20  Epi li di Jetè, premye pitit gason l lan: “Touye yo.” Men, Jetè pa t rale epe l pou l fè sa. Li te pè paske li te yon jèn tigason toujou. 21  Lè sa a, Zeba ak Salmouna di l: “Si w gen gason sou ou*, se ou ki pou vin touye nou.” Se sa k fè Jedeyon ale li touye Zeba ak Salmouna+ e li pran bijou ki gen fòm lalin* ki te nan kou chamo yo te genyen yo. 22  Annapre, mesye yo nan pèp Izrayèl la di Jedeyon: “Se pou ou menm, pitit gason w ak pitit pitit gason w vin chèf sou nou. Paske, ou sove nou anba men moun Madyan yo+.” 23  Men, Jedeyon di yo: “Ni mwen menm, ni pitit mwen pap vin chèf sou nou. Se Jewova k ap chèf sou nou+.” 24  Epi Jedeyon di yo: “Men sèl sa m ap mande nou: Pami tout bagay nou pran yo, se pou nou chak ban mwen yon zanno yo konn met nan nen.” (Moun yo te dechèpiye yo te gen zanno lò yo konn met nan nen, paske se desandan Izmayèl yo te ye+.) 25  Men sa yo te di: “N ap ba ou bagay sa yo san mank.” Apre sa, yo ouvri yon wòb epi yo chak voye yon zanno yo konn met nan nen sou wòb la. Zanno sa yo te soti nan bagay yo te pran yo. 26  Tout zanno annò Jedeyon te mande yo te peze 1 700 chekèl* antou, san konte bijou li te jwenn ki gen fòm lalin yo, meday yo, rad ki fèt ak lenn vyolèt wa nan peyi Madyan yo te konn met sou yo ak chèn yo te konn mete nan kou chamo yo+. 27  Jedeyon te fè yon efòd*+ e li te mete l nan vil Ofra+. Tout Izrayelit yo te adore* efòd sa a+ e li te tounen yon pyèj pou Jedeyon ak moun lakay li+. 28  Se konsa Madyan+ te tonbe devan Izrayelit yo nan epòk Jedeyon an. Yo pa t eseye ba yo pwoblèm* ankò e te gen lapè nan peyi a pandan 40 an+. 29  Jewoubaal+, pitit gason Jowas la, te retounen lakay li e li te rete la. 30  Jedeyon te vin gen 70 pitit gason*, paske, li te gen anpil madanm. 31  Madanm sou kote li te genyen nan vil Sichèm nan te fè yon pitit gason pou li tou. Jedeyon te rele l Abimelèk+. 32  Jedeyon, pitit gason Jowas la, te mouri lè l te gen yon bon ti laj. Yo te antere l nan tonm Jowas, papa l, nan Ofra, vil desandan Abyezè yo+. 33  Kou Jedeyon mouri, Izrayelit yo te kòmanse adore* Baal yo ankò+. Yo te pran Baalberit kòm dye pa yo+. 34  Yo te bliye Jewova, Bondye yo a+, ki te sove yo anba men ènmi yo te gen ozalantou yo+, 35  e yo pa t montre yo gen yon lanmou ki fidèl pou fanmi Jewoubaal, anpalan de Jedeyon, pou tout bon bagay li te fè pou pèp Izrayèl la+.

Nòt anba paj

Lit.: “Lè l fin di yo pawòl sa a”.
Lit.: “lespri yo ki te opoze avèk li vin kalme”.
Oswa: “Jan yon gason ye, se konsa fòs li ye”.
Sa vle di lè lalin nan gen fòm yon sèpèt.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Oswa: “te aji tankou pwostitye ak”.
Lit.: “pa t leve tèt yo”.
Lit.: “70 pitit gason ki sot nan kuis li”.
Oswa: “te aji tankou pwostitye ak”.