Jij 9​:​1-57

  • Abimelèk vin wa nan Sichèm (1-6)

  • Parabòl Jotam nan (7-21)

  • Abimelèk dirije avèk vyolans (22-33)

  • Abimelèk atake vil Sichèm (34-49)

  • Yon fi blese Abimelèk; Abimelèk mouri (50-57)

9  Rive yon lè, Abimelèk+, pitit gason Jewoubaal la, al pale ak frè manman l yo nan Sichèm e men sa li di ni yo menm, ni tout moun ki te nan fanmi granpapa l yo*:  “Silvouplè, men sa pou nou mande tout chèf* nan Sichèm yo: ‘Ki sa nou pi pito? Èske nou pi pito pou tout 70 pitit gason Jewoubaal yo+ dirije nou, oubyen nou pi pito pou yon sèl moun dirije nou? Pa bliye mwen se san nou*.’”  Vrèmanvre, frè manman l yo te di chèf nan Sichèm yo sa pou li e sa te fè yo vle suiv Abimelèk ak tout kè yo, paske yo te di: “Se frè nou li ye.”  Annapre, yo bay Abimelèk 70 pyès monnen ann ajan yo te pran nan kay* Baalberit la+. Abimelèk te sèvi ak lajan sa a pou l peye kèk aryennafè ki pa gen okenn respè pou moun pou yo akonpaye l.  Apre sa, l al Ofra+, lakay papa l, e li touye frè l yo+, pitit Jewoubaal yo, sou yon gwo wòch. Antou yo te 70 gason. Pami pitit gason Jewoubaal yo, se Jotam sèlman ki te chape paske li t al kache. Se li menm ki te pi piti.  Annapre, tout chèf ki nan Sichèm yo ak tout moun Bètmilo yo rasanble ansanm epi yo mete Abimelèk wa sou tèt yo+, toupre gwo pyebwa a, bò kote poto an wòch ki te nan Sichèm nan.  Lè yo te fè Jotam konn sa, lapoula, l al kanpe sou tèt Mòn Gerizim+ epi li di byen fò: “Koute sa m ap di nou, nou menm chèf ki nan Sichèm yo e apre sa Bondye ap koute nou.  “Yon lè, te gen plizyè pyebwa ki te vle mete yon wa sou tèt yo. Yo te di pye oliv la: ‘Dirije nou+.’  Men, pye oliv la di yo: ‘Èske se pou m sispann bay luil mwen an* yo itilize pou yo bay Bondye ak lèzòm glwa a pou m al balanse sou tèt lòt pyebwa yo antanke wa?’ 10  Apre sa, pyebwa yo di pye fig frans lan: ‘Vin dirije nou.’ 11  Men, pye fig frans lan di yo: ‘Èske se pou m sispann bay bon ti fwi dous mwen yo pou m al balanse sou tèt lòt pyebwa yo antanke wa?’ 12  Apre sa, pyebwa yo di pye rezen an: ‘Vin dirije nou.’ 13  Pye rezen an di yo: ‘Èske se pou m sispann fè diven ki fè Bondye ak lèzòm kontan pou m al balanse sou tèt lòt pyebwa yo antanke wa?’ 14  Finalman, tout pyebwa yo di pye pikan an: ‘Vin dirije nou+.’ 15  Lè sa a, pye pikan an di lòt pyebwa yo: ‘Si se pou toutbon n ap mete m wa sou tèt nou, se pou nou vin pran refij nan lonbray mwen. Men, si se pa sa, se pou dife sot nan mwen epi l boule pye sèd Liban yo.’ 16  “Èske se ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa sou nou+? Èske se yon bon aksyon nou fè? Èske nou montre nou aji byen ak Jewoubaal ansanm ak moun lakay li yo? Èske nou trete Jewoubaal jan li merite pou n trete l la? 17  Lè papa m te goumen pou nou an+, li te met vi l* an danje pou l te ka sove nou anba men moun Madyan yo+. 18  Men, jodi a, nou menm nou mal aji ak moun lakay papa m yo e nou touye 70 pitit gason l yo sou yon wòch+. Apre sa, nou mete Abimelèk, pitit gason yon fi ki te esklav papa m+, wa sou chèf ki nan Sichèm yo tou senpleman paske li se frè nou. 19  Si se ak tout kè nou nou te aji e si nou panse nou te montre nou gen respè pou Jewoubaal ansanm ak moun lakay li yo jodi a, se pou Abimelèk fè kè nou kontan e se pou nou fè kè Abimelèk kontan tou. 20  Men, si se pa sa, se pou dife soti nan Abimelèk pou l boule chèf ki nan Sichèm yo ak moun Bètmilo yo+ e se pou dife soti nan chèf ki nan Sichèm yo ak moun Bètmilo yo pou l boule Abimelèk+.” 21  Apre sa, Jotam+ sove e l al rete Beyè paske li te pè Abimelèk, frè l la. 22  Abimelèk te dirije* pèp Izrayèl la pandan twazan. 23  Apre sa, Bondye kite Abimelèk ak chèf nan Sichèm yo vin gen pwoblèm youn ak lòt*, se sa k fè chèf nan Sichèm yo te trayi Abimelèk. 24  Sa te fèt pou Bondye ka vanje 70 pitit gason Jewoubaal yo, pou Abimelèk, frè yo a, te ka peye poutèt li te touye yo+ e pou chèf nan Sichèm yo te ka peye tou poutèt yo te ede Abimelèk touye frè l yo. 25  Chèf nan Sichèm yo te pare yon anbiskad pou Abimelèk sou tèt mòn yo. Moun yo te met sou tèt mòn yo te vòlè afè tout moun ki te pase bò kote yo sou wout la e Abimelèk te vin aprann tout sa. 26  Annapre, Gaal, pitit Ebèd, ansanm ak frè l yo te travèse al Sichèm+ e chèf nan Sichèm yo te fè l konfyans. 27  Yo te soti al nan jaden rezen yo pou yo rekòlte rezen, apre sa yo mache sou rezen yo pou yo fè diven, yo fè yon fèt epi y al nan tanp dye yo t ap sèvi yo+, yo manje, yo bwè epi yo bay Abimelèk madichon. 28  Epi, Gaal, pitit gason Ebèd la, di: “Kiyès Abimelèk ye? Èske se pa pitit gason Jewoubaal+? Kiyès Zeboul, moun li mete chèf sou Sichèm nan ye? Poukisa pou n sèvi yo? Se pou nou sèvi pitit gason Amò yo, Amò, papa Sichèm. Poukisa pou nou sèvi Abimèlèk? 29  Si se mwen ki t ap dirije pèp sa a, mwen t ap fè Abimelèk sispann dirije nou.” Apre sa, li bay Abimelèk defi, li di: “Mete plis moun nan lame w la epi vin fè lagè avè m.” 30  Lè Zeboul, prens ki nan vil la, te tande pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li te vin fache anpil. 31  Se sa k fè li te voye moun an kachèt al di Abimelèk: “Tande! Gaal, pitit gason Ebèd la, ansanm ak frè l yo nan Sichèm kounye a e y ap pale w mal nan vil la. 32  Se pou w monte lannuit, ou menm ak mesye w yo e se pou w kache nan savann nan. 33  Demen maten, se pou w leve bonè pou w atake vil la kou solèy la leve. Lè li menm ak mesye l yo soti pou yo vin goumen avè w, fè kou w konnen pou w bat li*.” 34  Vrèmanvre, Abimelèk ansanm ak tout moun ki te avè l yo ale nan nuit, yo fè kat gwoup, epi yo kache nan savann nan toupre Sichèm. 35  Lè Gaal, pitit gason Ebèd la, soti e li kanpe nan antre vil la, Abimelèk ansanm ak moun ki te avè l yo soti kote yo te kache a. 36  Kou Gaal wè yo, li di Zeboul: “Gade, men gen moun k ap desann sot sou tèt mòn nan!” Men Zeboul di l: “Se lonbray ou wè sou mòn nan e ou panse se moun yo ye.” 37  Annapre, Gaal di ankò: “Gade, gen moun ki sot anlè a k ap desann. Epi gen yon gwoup k ap vini sou wout ki pase bò gwo pyebwa Meyonim* yo.” 38  Zeboul di l: “Ou bliye ou t ap fè grandizè e w te di: ‘Kiyès Abimelèk ye? E poukisa pou n sèvi l+?’ Èske se pa moun sa yo ou t ap pale mal la? Kounye a, se pou w soti al goumen avèk yo.” 39  Konsa, Gaal pran latèt chèf nan Sichèm yo e l al goumen ak Abimelèk. 40  Men, Abimelèk pati dèyè Gaal e Gaal kouri pou li. Te gen anpil moun ki te mouri rive jis nan pòtay vil la. 41  Apre sa, Abimelèk te kontinye viv Awouma e Zeboul+ te mete Gaal ak frè l yo deyò nan Sichèm. 42  Nan demen, moun ki te nan vil la ale nan savann nan, e gen moun ki te fè Abimelèk konn sa. 43  Epi, Abimelèk pran moun ki te avè l yo, li fè yo fè twa gwoup e yo te rete kache nan savann nan. Kou l wè moun yo ap soti nan vil la, li atake yo e li touye yo. 44  Apre sa, Abimelèk ak gwoup ki te avè l la kouri pou yo atake vil la e yo te ret kanpe nan pòtay vil la pandan de lòt gwoup yo t ap atake tout moun ki te nan savann nan e yo t ap touye yo. 45  Abimelèk te goumen ak moun ki nan vil la pandan tout jounen an e li te rive pran vil la. Li te touye tout moun nan vil la, li kraze vil la+ e li simen sèl nan tout vil la. 46  Lè tout chèf nan Sichèm yo ki t ap viv nan fòtrès Sichèm nan tande sa, lapoula, yo kouri nan chanm ki nan kay* Èlberit la kote moun ka kache a+. 47  Kou yo fè Abimelèk konnen tout chèf nan Sichèm yo te reyini ansanm, 48  Abimelèk ak tout mesye ki te avèk li yo monte nan Mòn Zalmon. Abimelèk pran yon rach, li koupe branch yon pyebwa, li mete l sou zepòl li epi li di moun ki avèk li yo: “Tout sa nou wè m fè, pa pèdi tan pou nou fè l tou.” 49  Tout moun yo te koupe branch bwa e yo te suiv Abimelèk. Apre sa, yo mete branch bwa yo toutotou chanm kote moun yo te kache a epi yo met dife ladan l. Se konsa tout moun ki te nan fòtrès Sichèm nan te mouri tou. Yo te anviwon 1 000 moun, gason ak fi. 50  Apre sa, Abimelèk al Tebèz, li ansèkle Tebèz epi li pran vil la. 51  Te gen yon fòtrès byen solid nan mitan vil la. Tout gason, tout fi ak tout chèf ki nan vil la te kouri al ladan l. Yo te fèmen kò yo ladan l epi yo monte sou tèt li. 52  Lè Abimelèk rive nan fòtrès la, li atake l. Li pwoche devan pòtay fòtrès la pou l met dife ladan l. 53  Lè sa a, gen youn nan fi yo ki lage yon wòch moulen sou tèt Abimelèk e wòch la fann zo tèt li+. 54  Lapoula, Abimelèk rele moun ki t ap pote zam li yo epi li di l: “Tanpri, rale epe w epi touye m pou moun pa di se yon fi ki te touye m.” Vrèmanvre, sèvitè l la ba l yon kout epe e li touye l. 55  Lè mesye yo nan pèp Izrayèl la wè Abimelèk mouri, yo tout kouri tounen lakay yo. 56  Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou mechanste li te fè papa l lè l te touye 70 frè l yo+. 57  Anmenmtan tou, Bondye te fè mesye Sichèm yo peye pou tout mechanste yo te fè yo. Konsa, malediksyon Jotam+, pitit gason Jewoubaal la+, te reyalize sou yo.

Nòt anba paj

Lit.: “ni fanmi papa manman l yo”.
Se kapab tou: “tout moun ki gen tè”.
Lit.: “zo nou ak chè nou”.
Oswa: “tanp”.
Oswa: “fwi mwen yo”.
Oswa: “met nanm li”.
Oswa: “te aji tankou yon prens sou”.
Lit.: “Bondye voye yon move espri nan mitan Abimelèk ak chèf nan Sichèm yo”.
Oswa: “fè l tout sa men w ka fè l”.
Sa vle di: “Moun k ap fè maji”. Gade Dt 18:14.
Oswa: “tanp”.