Jonas 1​:​1-17

  • Jonas eseye kouri pou Jewova (1-3)

  • Jewova fè yon gwo tanpèt fèt (4-6)

  • Se akoz Jonas ki fè malè a rive (7-13)

  • Yo lage Jonas nan lanmè a ki byen move (14-16)

  • Yon gwo pwason vale Jonas (17)

1  Men pawòl Jewova te di Jonas*+, pitit gason Amitayi:  “Leve, monte Niniv+, gwo vil la, epi fè moun yo konnen mwen pral jije yo, paske mwen wè move bagay y ap fè yo.”  Men, Jonas leve pou l al Tasis pou l ka kouri pou Jewova. Li desann Jope e li jwenn yon bato ki pral Tasis. Konsa, li peye vwayaj la e li monte bato a pou l al Tasis avèk moun yo pou l ka kouri pou Jewova.  Apre sa, Jewova voye yon gwo van sou lanmè a, e te vin gen yon gwo tanpèt sou lanmè a, sa te fè bato a prèske koule.  Maren yo te tèlman pè, yo chak te kòmanse ap rele dye pa yo pou ede yo. Epi, yo kòmanse voye bagay ki te nan bato a jete nan lanmè pou bato a ka vin pi lejè+. Men, Jonas te desann nan kal bato a, li te kouche la, epi yon gwo dòmi te pran l.  Kapitèn bato a vin kot Jonas, epi li di l: “Apa se dòmi w ap dòmi! Leve, rele dye pa w la. Petèt vrè Dye a ap ede nou, e nou pap peri+.”  Apre sa, youn di lòt: “Vini, ann fè yon tiraj osò+ pou nou ka wè kiyès ki lakòz malè sa a rive nou.” Konsa, yo fè yon tiraj osò, e se sou Jonas li tonbe+.  Se poutèt sa yo di l: “Tanpri, di nou kiyès ki lakòz malè sa a rive nou? Ki travay ou konn fè e ki kote w soti? Moun ki peyi w ye e nan ki pèp ou soti?”  Li reponn yo: “Mwen se yon Ebre e mwen gen lakrentif pou* Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, Sila a ki fè lanmè a ak tè a.” 10  Lè sa a, mesye yo vin pi pè toujou, e yo mande l: “Ki sa w te fè?” (Mesye yo te aprann li t ap kouri pou Jewova, piske li te di yo sa.) 11  Se sa k fè yo di l: “Ki sa pou n fè avè w pou lanmè a kalme?” Paske lanmè a t ap vin pi move toujou. 12  Li reponn yo: “Leve m, voye m nan lanmè a, epi lanmè a ap kalme, paske mwen konnen se mwen menm ki lakòz gwo tanpèt sa a vin sou nou.” 13  Men, mesye yo t ap rame ak tout fòs yo* pou yo te mennen bato a atè. Malgre sa, yo pa t kapab, paske lanmè a t ap vin pi move toujou. 14  Konsa, yo rele Jewova e yo di l: “O Jewova, kounye a, tanpri, pa kite nou peri akoz nonm sa a*! Pa ban nou responsab san moun ki inosan, piske ou fè sa w vle, o Jewova.” 15  Epi, yo leve Jonas, yo voye l nan lanmè a, e lanmè a vin kalme. 16  Konsa, mesye yo vin gen anpil lakrentif pou Jewova+, yo fè yon sakrifis pou Jewova e yo fè ve ba li. 17  Epi, Jewova fè yon gwo pwason vale Jonas. Konsa, Jonas te fè twa jou ak twa nuit nan vant pwason an+.

Nòt anba paj

Sa vle di: “Pijon”.
Oswa: “e m ap adore”.
Oswa: “mesye yo te eseye chèche wout pou yo pase”.
Oswa: “akoz nanm nonm sa a”.