Jonas 2​:​1-10

  • Priyè Jonas fè pandan l nan vant pwason an (1-9)

  • Pwason an vomi Jonas sou tè (10)

2  Apre sa, Jonas priye Jewova, Bondye l la, pandan l nan vant pwason an+.  Li di: “Pandan mwen nan malè, mwen rele Jewova, epi li reponn mwen+.Pandan m nan fon* Tonm nan*, mwen rele w pou m mande w sekou+.Ou tande vwa m.   Lè w te lage m nan fon lanmè a, nan mitan lanmè a,Kouran dlo yo te kouvri m+.Tout gwo vag lanmè w yo te pase sou mwen+.   Epi m te di: ‘Ou fè m ale lwen pou w pa wè m.Èske m ap janm wè tanp sakre w la ankò?’   Dlo te kouvri m nèt, e lavi m te an danje*+.Pòtay nan fon lanmè yo te fèmen sou mwen.Zèb anba lanmè yo te vlope tout tèt mwen.   Mwen te plonje desann jis nan pye mòn yo.Pòtay latè yo te fèmen sou mwen pou toutan.Men, ou fè m sot nan twou a vivan, o Jewova, Bondye m nan+.   Lè lavi m* t ap fini tikras pa tikras, se Jewova mwen te sonje+.Lè sa a, priyè m te rive kote w, nan tanp ou an ki sakre+.   Moun ki lage kò yo nan adore zidòl ki san valè yo bliye Sila a ki demontre lanmou ki fidèl pou yo a*.   Mwen menm, se pou ou m ap fè louwanj e se pou ou m ap fè sakrifis.M ap respekte ve mwen te fè a+.Se Jewova ki bay delivrans+.” 10  Rive yon lè, Jewova te bay pwason an lòd, e pwason an t al vomi Jonas sou tè.

Nòt anba paj

Lit.: “nan vant”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Dlo te antoure m rive jis nan nanm mwen”.
Oswa: “nanm mwen”.
Se kapab tou: “yo bliye montre yo fidèl”.