Neyemi 3​:​1-32

  • Y ap rekonstwi miray yo (1-32)

3  Elyachib+, gran prèt la, ansanm ak frè l yo, prèt yo, te kòmanse bati pòtay ki rele Pòtay Mouton an+. Yo te dedye l+ e yo te monte pòt li yo. Yo te dedye pati sa a rive jis nan Fò Meya+ e rive jis nan Fò Ananèl+.  Toupre yo, te gen mesye Jeriko yo+ ki t ap travay nan konstriksyon an, e bò kote yo, te gen Zakou, pitit gason Imri, ki t ap travay nan konstriksyon an tou.  Desandan Asenaya yo te bati pòtay ki rele Pòtay Pwason+ an. Yo te mete poto bwa yo+, yo te monte pòt yo e yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo.  Toupre yo a, te gen Meremòt+, pitit gason Ouriya ki pitit gason Akòz, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Bò kote yo, te gen Mechoulam+, pitit gason Berekya ki pitit gason Mechezabèl, ki t ap fè reparasyon nan miray la tou. Epi, toupre yo a, te gen Zadòk, pitit gason Bana, ki t ap fè reparasyon nan miray la.  Bò kote mesye sa yo, te gen moun Tekowa yo+ ki t ap fè reparasyon nan miray la, men mesye enpòtan pami mesye sa yo pa t vle desann tèt yo pou yo patisipe nan* travay moun ki te alatèt yo te bay fè a.  Se Jadon, pitit gason Paseya, ak Mechoulam, pitit gason Besodeya, ki te repare Pòtay Ansyen Vil la+. Yo te mete poto bwa yo, yo te monte pòt yo e yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo.  Toupre yo a, te gen Melatya, moun Gabawon+, ak Jadon, moun Mewonòt, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Mesye sa yo se moun Gabawon ak Mispa+, e yo t ap travay anba otorite* gouvènè ki nan zòn pa lòtbò Rivyè a*+.  Bò kote yo a, te gen Ouzyèl, pitit gason Araya, youn nan òfèv yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la, e toupre l, te gen Anànya, youn nan moun ki te konn fè luil santi bon* yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la. Toule de mesye sa yo te fè* wout Jerizalèm yo rive jis bò Gwo Miray la+.  Toupre yo a, te gen Refaya, pitit gason Ou, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Jerizalèm yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 10  Pa twò lwen yo, te gen Jedaya, pitit gason Awoumaf, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas lakay li. Toupre l, te gen Atouch, pitit gason Achabnya, ki t ap fè reparasyon nan miray la tou. 11  Malkija, pitit gason Arim+, ak Achoub, pitit gason Paratmowab+, t ap repare yon lòt pati* nan miray la e yo te repare fò yo rele Fò Founo Pen+ an. 12  Toupre yo a, te gen Chaloum, pitit gason Alowèch, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Jerizalèm nan, ki t ap fè reparasyon nan miray la ansanm ak pitit fi l yo. 13  Se Anoun ansanm ak moun ki abite Zanowa+ yo ki te repare Pòtay Vale+. Yo te repare l, yo te monte pòt yo, yo te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo e yo te repare yon pati nan miray la ki te gen yon longè anviwon 1 000 koude* ki te rive jis nan zòn Pòtay Pil Sann+. 14  Malkija, pitit gason Rekab, yon prens nan zòn Bètakerèm+, te repare Pòtay Pil Sann. Li te fini l, li monte pòt yo e li te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo. 15  Chaloun, pitit gason Kòloze, yon prens nan tèritwa Mispa+, te repare Pòtay Sous+. Li te fini l e li te fè do kay la, li te monte pòt yo e li te mete kwòk ak ba pou fèmen pòt yo, e se li ki te repare pati miray ki sot nan zòn Basen+ Chela* al nan zòn Jaden Wa a+, rive jis nan zòn Mach Eskalye+ ki desann sot nan Vil David+. 16  Bò kote l, te gen Neyemi, pitit gason Azbouk, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Bètsou a+, ki t ap fè reparasyon nan miray la soti anfas Simityè David+ al nan basen+ yo te fè a, rive jis nan zòn Kay Gason Vanyan yo. 17  Bò kote l, te gen Levit ki t ap fè reparasyon nan miray la. Pa egzanp, te gen Reyoum, pitit gason Bani. Toupre l, te gen Achabya, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Keyila a+, ki t ap fè reparasyon nan miray la nan tèritwa l la. 18  Bò kote l, te gen frè mesye yo ki t ap fè reparasyon nan miray la. Pa egzanp, te gen Bavayi, pitit gason Enadad, yon prens ki t ap dirije mwatye nan tèritwa Keyila a. 19  Epi, toupre l, te gen Ezè, pitit gason Jechwa+, yon prens nan Mispa, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la ki anfas pant ki mennen nan Depo Zam ki nan zòn yo rele Poto Sipò a+. 20  Bò kote l, te gen Bawouk, pitit gason Zabayi+, ki te chofe nan travay la. Li te repare yon lòt pati nan miray la ki soti bò Poto Sipò rive jis nan antre kay Elyachib+, gran prèt la. 21  Bò kote l, te gen Meremòt+, pitit gason Ouriya ki pitit gason Akòz, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti nan antre kay Elyachib la rive jis nan dènye bout kay la. 22  Epi, bò kote l, te gen prèt yo, mesye ki moun zòn Jouden+ yo*, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 23  Bò kote mesye sa yo, te gen Benjamen ak Achoub ki t ap repare pati nan miray la ki anfas kay pa yo. Bò kote yo, te gen Azarya, pitit gason Maraseya ki pitit gason Anànya, ki t ap fè reparasyon nan miray la toupre kay pa l. 24  Bò kote l, te gen Binouwi, pitit gason Enadad, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti bò kay Azarya al jis bò Poto Sipò+, rive nan kafou a. 25  Bò kote l, te gen Palal, pitit gason Ouzayi, ki t ap repare pati miray la ki anfas Poto Sipò a ak fò ki kole ak Kay Wa a*+, fò ki pi wo a ki bò kot Lakou Gad yo+. Pedaya, pitit gason Pawòch+, te ansanm avè l. 26  Moun ki t ap travay nan tanp lan*+ ki te abite Ofèl+ yo te fè reparasyon nan miray la rive jis anfas Pòtay Dlo+, ki nan pati lès ak nan pati miray la ki kole ak fò a. 27  Bò kote yo, te gen moun Tekowa yo+ ki t ap repare yon lòt pati nan miray la, soti devan pati miray ki kole ak fò a rive nan pati miray ki nan Ofèl la. 28  Prèt yo te repare pati miray ki pa anlè Pòtay Cheval la+, yo chak te travay devan kay pa yo. 29  Bò kote yo, te gen Zadòk+, pitit gason Imè, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas kay pa l. Bò kote l, te gen Chemaya, pitit gason Chekànya, gadyen Pòtay Lès la+, ki t ap fè reparasyon nan miray la. 30  Bò kote l, te gen Anànya, pitit gason Chelemya, ak Anoun, sizyèm pitit gason Zalaf, ki t ap repare yon lòt pati nan miray la. Bò kote l, te gen Mechoulam+, pitit gason Berekya, ki t ap fè reparasyon nan miray la anfas gwo pyès kay li a. 31  Bò kote l, te gen Malkija, youn nan moun ki nan gwoup òfèv yo, ki t ap fè reparasyon nan miray la rive jis lakay gwoup moun ki t ap travay nan tanp lan*+ ak lakay komèsan yo, anfas Pòtay Enspeksyon an, e yo te kontinye fè reparasyon nan miray la rive jis nan pyès ki anlè nan kwen miray la. 32  Epi, òfèv yo ak komèsan yo te fè reparasyon nan miray la nan pati ki ant pyès ki anlè nan kwen miray la ak Pòtay Mouton an+.

Nòt anba paj

Lit.: “yo pa t pote kou yo met nan”.
Lit.: “yo te pou twòn”.
Oswa: “pa lòtbò Rivyè Efrat”.
Oswa: “ki te konn fè pafen”.
Oswa: “yo te met wòch plat sou”.
Oswa: “yon pati yo te mezire”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
“Chela” vle di “Kanal”. Se yon basen kote dlo te konn soti nan yon kanal pou vin ladan l.
Se kapab tou: “moun tèritwa ki toupre yo”.
Oswa: “Palè a”
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “Moun yo bay yo”.
Oswa: “Netinim yo”. Lit.: “moun yo bay yo”.