Neyemi 4​:​1-23

  • Travay la ap avanse malgre opozisyon (1-14)

  • Moun yo ap konstwi ak zam nan men (15-23)

4  Twouve, kou Sanbala+ te fin tande n ap rebati miray la, li te vin fache e li te move* anpil, epi li te kontinye pase Juif yo nan rizib.  Devan tout frè l yo ak lame Samari a, li te di: “Ki sa bann Juif san fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap ka fè travay sa a poukont yo? Èske y ap ka ofri sakrifis? Èske y ap fini nan yon jou? Èske y ap fè wòch tou boule yo pran nan pil dekonm plen pousyè sa yo vin bon ankò+?”  Epi, Tobya+, desandan Amon an+, ki te kanpe bò kote l, te di: “Si menm yon rena ta monte sou miray an wòch y ap bati a, sa kont pou vide l atè.”  Lè sa a, Neyemi di: “O Bondye nou an, gade ki jan yo pa gen respè pou nou+! Fè sa yo di a retounen kont yo+ epi fè yo pran yo pou yo mennen yo ann egzil!  Pa fèmen je sou bagay mal yo fè e pa efase peche yo fè devan w lan+, paske yo te manke mesye k ap travay nan miray yo dega.”  Se konsa, nou te kontinye bati miray la, tout miray la te vin fè yon sèl e li te fini rive nan mwatye wotè l. Moun yo te kontinye travay ak tout kè yo.  Kounye a, kou Sanbala, Tobya+, moun Arabi yo+, desandan Amon yo ak moun Achdòd yo+ tande travay reparasyon miray Jerizalèm yo ap avanse e twou yo te fin bouche, yo te vin move anpil.  Yo te fè plan pou yo monte vin batay kont Jerizalèm e pou yo vin simen latwoublay nan vil la.  Men, nou te priye Bondye nou an e nou te met moun veye yo lajounen kou lannuit. 10  Men, moun Jida yo t ap di: “Moun k ap travay yo vin pèdi fòs e gen anpil dekonm pou nou retire. Nou pap janm ka bati miray la.” 11  Epi, ènmi nou yo pa t sispann di: “N ap rive sou yo san yo pa atann e san yo pa wè nou, n ap touye yo e n ap kanpe travay la.” 12  Chak fwa Juif ki te abite toupre tèritwa ènmi nou yo te vin kote nou, yo t ap di nou san rete*: “Ènmi yo ap sot nan tout direksyon pou vin atake nou.” 13  Se sa k fè mwen te met gason fè pòs nan zòn ki pi ba dèyè miray la, nan zòn ki pa bare yo, e mwen te mete yo la ak fanmi yo. Yo te gen epe yo, lans yo ak banza* yo nan men yo. 14  Lè m wè jan yo pè, menm kote a, mwen leve epi m di gwo potanta yo+, lòt chèf yo ak rès moun nan pèp la: “Pinga nou pè yo+! Sonje Jewova gran e li merite pou moun gen lakrentif pou li+. Goumen pou frè nou yo, pou pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo, pou madanm nou yo, epi defann kay nou.” 15  Lè ènmi nou yo vin aprann nou konnen sa yo te anvi fè a e vrè Dye a te gate plan yo a, nou tout te retounen al travay nan miray la. 16  Depi jou sa a, mwatye nan mesye m yo t ap travay nan miray la+ e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye yo ak banza yo nan men yo, epi yo te gen jile sou yo ki te gen ti plak an metal. Prens yo+ te kanpe dèyè moun Jida yo 17  ki t ap bati miray la. Moun ki t ap travay yo te travay ak yon sèl men e yo te kenbe zam yo ak lòt men an. 18  Epi, tout moun ki t ap bati miray la te gen epe mare nan senti yo pandan yo t ap travay. Moun ki la pou sonnen kòn+ nan te kanpe bò kote m. 19  Lè sa a, mwen te di gwo potanta yo ak lòt chèf yo ansanm ak rès moun pami pèp la: “Travay la anpil e gen travay tout kote. N ap travay nan tout miray la e youn byen lwen lòt. 20  Kou nou tande yo sonnen kòn nan, se pou nou rasanble kote nou ye a. Bondye nou an ap konbat pou nou+.” 21  Se konsa, nou te kontinye travay. Mwatye nan nou t ap travay, pandan lòt mwatye a te kenbe lans yo nan men yo depi anvan l fè jou pou jis zetwal yo kòmanse parèt. 22  Lè sa a, mwen te di moun yo: “Se pou chak gason ansanm ak moun k ap travay avè l la pase nuit lan anndan vil Jerizalèm, y ap veye nou lannuit e y ap travay lajounen.” 23  Se sa k fè, ni mwen menm, ni frè m yo, ni sèvitè m yo+ ak gad k ap mache dèyè m yo pa t janm ret san rad sou nou e nou chak te kenbe zam nou nan men dwat nou.

Nòt anba paj

Oswa: “vekse”.
Lit.: “dis fwa”.