Neyemi 9​:​1-38

  • Pèp la konfese peche l (1-38)

    • Jewova se yon Bondye ki konn padone (17)

9  Sou 24yèm jou nan menm mwa a, Izrayelit yo te rasanble, yo te ret san manje, yo te met rad ki fèt ak twal sak sou yo e yo te met pousyè sou tèt yo+.  Moun ki te desandan Izrayelit yo te retire kò yo pami tout moun lòt nasyon yo+, yo te leve kanpe e yo te konfese peche pa yo ak peche zansèt yo+.  Yo te ret kanpe nan plas yo e yo te pase twazèdtan nan jounen an* ap li byen fò nan liv Lalwa+ Jewova, Bondye yo a. Pandan yon lòt twazèdtan, yo t ap konfese peche yo e yo t ap bese byen ba devan Jewova, Bondye yo a.  Apre sa, Jechwa, Bani, Kadmyèl, Chebànya, Bouni, Cherebya+, Bani ak Kenani te kanpe sou estrad+ yo te fè pou Levit yo e yo t ap rele Jewova, Bondye yo a, ak tout fòs yo.  Epi, Levit yo, anpalan de Jechwa, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odya, Chebànya ak Petaya te di: “Annou kanpe e annou louwe Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan*+. O Bondye, se pou yo louwe non w ki gran e ki merite tout benediksyon ak tout louwanj.  “Se ou menm sèl ki Jewova+. Se ou ki fè syèl la, wi, kokennchenn syèl la ak tout sa ki ladan l*, tè a ak tout sa ki sou li e lanmè a ak tout sa ki ladan l. Epi, ou fè yo tout rete vivan e tout sa ki nan syèl la* bese byen ba devan w.  Ou se Jewova, vrè Dye a, ki te chwazi Abram+, ou te fè l kite vil Ou+, nan peyi moun Kalde yo, e w te vin rele l Abraram+.  Ou te wè l fidèl avè w+, ou te fè yon alyans avè l pou w ba l peyi moun Kanaran yo, peyi desandan Èt yo, peyi Amorit yo, peyi Perizit yo, peyi moun Jebis yo ak peyi Gigachit yo pou l bay desandan l yo*+. Epi ou te kenbe pwomès ou te fè yo, paske ou gen jistis lakay ou.  “Ou te wè tray zansèt nou yo ann Ejip+ e w te tande rèl yo bò Lanmè Wouj. 10  Se sa k fè ou te fè yon seri mèvèy ak mirak pou w konbat Farawon ak tout sèvitè l yo ansanm ak tout moun nan peyi l la+, paske ou te wè yo te fè zansèt nou yo pase mizè+. Ou fè pale de ou rive jis jodi a+. 11  Ou te fann lanmè a devan yo pou yo te ka pase ladan l sou tè sèk+ e ou te voye moun ki t ap kouri dèyè yo nan fon lanmè a menm jan yo voye yon wòch nan dlo ki move+. 12  Ou te dirije yo lajounen ak nyaj ki gen fòm yon poto, e lannuit, ou te dirije yo ak dife ki gen fòm yon poto pou w te ka klere chemen kote yo prale+. 13  Epi, ou te desann sou Mòn Sinayi+, e detan w nan syèl la+, ou pale avèk yo e w ba yo enstriksyon ki jis, lwa ki makònen ak laverite*, bonjan prensip ak bonjan kòmandman+. 14  Ou te fè yo konnen saba w la ki sakre+, ou te ba yo kòmandman ak prensip pou yo suiv e w te bay Moyiz, sèvitè w la, yon lwa pou l ba yo. 15  Ou te fè manje sot nan syèl la pou yo lè yo te grangou+, ou te fè dlo sot nan mas wòch la pou yo lè yo te swaf+ e ou te di yo pou yo antre al pran peyi ou te fè sèman* w ap ba yo a. 16  “Men yo menm, zansèt nou yo, yo te montre yo awogan+ nan fason yo aji e yo te fè tèt di*+, yo pa t obeyi kòmandman w yo. 17  Yo te refize koute+, yo pa t sonje gwo aksyon ou te fè nan mitan yo, yo te vin gen tèt di e yo te chwazi yon chèf pou yo retounen nan esklavaj ann Ejip+. Men, ou se yon Bondye ki dispoze padone*, ou gen pitye* ak mizèrikòd, ou pa fache fasil e ou gen anpil lanmou ki fidèl*+, se sa k fè ou pa t abandone yo+. 18  Menm lè yo te fè estati yon ti bèf an metal e yo t ap di: ‘Men Bondye nou an ki te fè nou soti nan peyi Ejip+’, e menm lè yo te fè gwo zak ki montre yo pa gen okenn respè pou ou, 19  ou menm, ou pa t abandone yo nan dezè a paske ou gen anpil mizèrikòd+. Lajounen, nyaj ki gen fòm poto a te ret anlè tèt yo pou montre yo kote pou y ale, e lannuit, dife ki gen fòm poto a te toujou la pou klere chemen kote yo prale+. 20  Epi, ou te ba yo lespri* w pou yo ka gen bon konprann+, ou pa t sispann ba yo lamàn pou yo manje+ e w te ba yo dlo lè yo te swaf+. 21  Pandan 40 an, ou te ba yo manje nan dezè a+. Yo pa t manke anyen. Rad yo pa t fini sou yo+ e pye yo pa t anfle. 22  “Ou te lage plizyè wayòm ak pèp nan men yo. Ou te ba yo chak pòsyon tè pa yo+, konsa yo te pran peyi Siyon+ an, sa vle di peyi wa Esbon an+ ansanm ak peyi Òg+, wa Bazan an. 23  Ou te fè yo gen anpil pitit tankou zetwal nan syèl la+. Epi, ou te mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t ap fè yo antre pou yo pran an+. 24  Se konsa, desandan yo te antre nan peyi sa a+ e yo te pran l. Ou te fè moun Kanaran yo+ ki te abite nan peyi a soumèt devan yo e ou te lage ni wa yo te genyen yo ni moun nan peyi a nan men yo pou yo fè sa yo vle avèk yo. 25  Epi, yo te pran vil ki byen pwoteje+ e yo te pran yon tè ki bay bon rannman*+. Yo te pran kay ki plen ak tout kalite bon bagay e ki te gen pi dlo moun yo te deja fouye, ki te gen jaden rezen, jaden oliv+ ak pyebwa ki bay anpil fwi. Konsa, yo te manje vant plen, yo te vin gra e yo te pran plezi yo paske w te bon anpil avèk yo. 26  “Men, yo te vin dezobeyi w, yo te vin rebèl+ e yo te vire do bay Lwa w te bay la*. Yo te touye pwofèt ou yo ki t ap ba yo avètisman pou yo te ka retounen vin jwenn ou e yo te fè zak ki montre yo pa gen okenn respè pou ou+. 27  Se pou rezon sa a ou te lage yo nan men ènmi yo+ ki te kontinye ba yo pwoblèm+. Men, yo te rele w lè yo te nan pwoblèm, e ou te tande yo detan w nan syèl la. Piske w gen anpil mizèrikòd, ou te fè lòt moun delivre yo anba men ènmi yo+. 28  “Men, kou yo te pran yon ti souf, yo te rekòmanse fè sa ki mal devan w+ e w te abandone yo nan men ènmi yo pou yo domine sou yo*+. Lè konsa, yo te konn retounen vin jwenn ou pou yo mande w sekou+, e detan w nan syèl la, ou tande yo, ou delivre yo plizyè fwa paske w gen anpil mizèrikòd+. 29  Byenke w te konn ba yo avètisman pou w ka fè yo retounen vin obeyi Lwa w te bay la, yo te aji avèk awogans e yo te refize obeyi kòmandman w yo+, yo te peche kont lwa w yo ki pèmèt yon moun kontinye viv si li obeyi yo+. Mete sou sa, yo te fè tèt di, yo te vire do ba ou, yo te fè kou yo rèd e yo te refize obeyi w. 30  Ou te pran pasyans avèk yo+ pandan anpil ane e w te mete lespri w sou pwofèt ou yo pou w kontinye avèti yo, men yo te refize koute. Alafen, ou te lage yo nan men pèp ki ozalantou yo+. 31  Ou tèlman gen mizèrikòd, ou pa t fin elimine yo nèt+, ni ou pa t lage yo, paske w se yon Bondye ki gen pitye* ak mizèrikòd+. 32  “Kounye a, o Bondye nou an, ou menm ki gran, ou menm ki pisan, ki merite pou moun gen lakrentif pou ou, ou menm ki respekte alyans ou fè, ou menm ki montre w gen lanmou ki fidèl+, tanpri, pa fèmen je w sou tout malè ki tonbe sou nou yo, sou wa nou yo, sou prens nou yo+, sou prèt nou yo+, sou pwofèt nou yo+, sou zansèt nou yo e sou tout pèp ou a, depi nan epòk wa Asiri+ yo rive jis jodi a. 33  Ou toujou montre w jis malgre tout sa ki rive nou, paske ou aji yon fason ki fidèl. Men, nou menm, nou aji ak mechanste+. 34  Kanta pou wa nou yo, prens nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo, yo pa obeyi Lwa w te bay la e yo pa suiv ni kòmandman w yo ni rapèl* ou te ba yo pou w avèti yo. 35  Menm lè yo te nan wayòm yo, lè yo t ap pwofite tout bon bagay ou te ba yo e w te mete yo nan yon gwo tèritwa ki gen tè ki bay bon rannman, yo pa t sèvi w+ e yo pa t sispann fè move aksyon. 36  Men, jodi a, nou se esklav+. Wi, nou se esklav nan peyi ou te bay zansèt nou yo pou yo manje sa tè a bay ak bon bagay ki nan peyi a. 37  Pakèt fwi li donnen yo se pou wa lòt nasyon ou te mete dirije nou akoz peche nou yo+. Yo dirije ni nou menm ni bèt nou yo, jan yo vle, e nou nan gwo pwoblèm. 38  “Se poutèt tout bagay sa yo nou pran yon angajman fèm+, nou ekri l e nou met so prens nou yo ak so Levit nou yo ansanm ak so prèt nou yo sou li+.”

Nòt anba paj

Lit.: “yon ka nan jounen an”.
Oswa: “pandan tout letènite”.
Lit.: “tout lame li genyen yo”.
Lit.: “e tout lame ki nan syèl la”. Se kapab zanj yo ak zetwal yo.
Lit.: “semans li”.
Oswa: “lwa moun ka fè konfyans”.
Lit.: “ou te leve men w”.
Lit.: “fè kou yo di”.
Oswa: “yon Bondye ki konn padone”.
Oswa: “konpasyon”.
Oswa: “anpil bonte ki gen lanmou”.
Lit.: “bon lespri”.
Oswa: “ki rich”.
Lit.: “e yo te voye Lwa w la jete dèyè do yo”.
Oswa: “pou yo kraze yo”.
Oswa: “konpasyon”.
Oswa: “avètisman”.