Obadya 1​:​1-21

  • Bondye ap rabese Edòm (1-9)

  • Edòm fè vyolans sou Jakòb (10-14)

  • Jou Jewova a pral frape tout nasyon yo (15, 16)

  • Desandan Jakòb yo retounen nan peyi yo (17-21)

    • Jakòb ap boule Edòm nèt (18)

    • Se Jewova k ap vin Wa (21)

 Vizyon Obadya* te fè a: Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di konsènan Edòm+:“Nou tande yon nouvèl e se Jewova ki bay nouvèl sa a.Gen yon moun yo voye nan mitan nasyon yo pou l di yo:‘Leve kanpe, annou prepare nou pou nou batay avè l+.’”   “Gade, mwen fè w pa gen okenn enpòtans nan mitan nasyon yo.Se pa ti meprize yo meprize w+.   Ou pran tèt ou pou yon pakèt afè, se sa k fè kè w twonpe w+,Ou menm ki abite nan twou ki sou tèt mas wòch la,Ou menm k ap viv kote ki wo a, ou menm k ap di nan kè w:‘Kiyès ki ka fè m desann atè?’   Menmsi w ta al fè kay ou byen wo* tankou èg,Oubyen ou ta fè nich ou nan mitan zetwal yo,Mwen t ap fè w desann sot la.” Se sa Jewova di.   “Si vòlè ta vin lakay ou, si yo ta vin nan nuit,(Gade jan yo pral detwi w nèt!*)Èske se pa sa yo vle sèlman yo t ap pran?Oubyen, si se moun k ap rekòlte rezen ki ta vin nan peyi w la,Èske yo pa t ap kite rezen dèyè pou moun ranmase+?   Ala fouye yo fouye peyi Ezaou a!Gade jan yo pran trezò li genyen ki te kache yo!   Yo mennen w jis nan fwontyè a.Tout patizan w yo* twonpe w.Mesye ki t ap viv anpè avè w yo pote laviktwa sou ou.Moun k ap manje pen ansanm avèk ou yo ap tann yon filè pou ou,Men ou pap menm wè sa.   Jou sa a,” se sa Jewova di,“Èske mwen pap detwi tout moun save ki Edòm yo+,Èske mwen pap detwi moun ki gen bon jijman ki nan zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a?   O Teman+, sòlda w yo ap gen yon gwo laperèz+,Paske tout moun ki nan zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a ap peri nan masak la+. 10  Ou gen pou w wont anpil+Akoz vyolans ki te fèt sou Jakòb, frè w la+.Y ap detwi w pou toutan+. 11  Nan jou ou te annik ret kanpe sou kote ap gade a,Lè etranje yo te fè sòlda l yo vin prizonye a+,Lè etranje yo te antre nan pòtay li a e yo te fè tiraj osò+ pou yo separe Jerizalèm nan,Ou te aji menm jan ak yo. 12  Lè malè te rive frè w la, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive l la+.Lè malè te rive moun Jida yo, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive yo a+.Lè yo t ap soufri a, ou pa t dwe pale avèk awogans jan w te fè a. 13  Lè malè te rive pèp mwen an, ou pa t dwe antre nan pòtay li a+.Lè malè te rive l la, ou pa t dwe rejwi jan w te fè a.Lè malè te rive l la, ou pa t dwe met men sou richès li yo+. 14  Ou pa t dwe kanpe nan kafou pou w touye moun k ap chape yo+.Lè malè te rive yo a, ou pa t dwe livre moun ki chape yo+. 15  Paske, jou Jewova pral frape tout nasyon yo toupre+.Sa w te konn fè yo se sa y ap fè w+.Y ap aji avè w menm jan w te aji ak lòt nasyon yo. 16  Menm jan nou te bwè diven sou mòn mwen an ki sakre,Se konsa tout nasyon yo pral bwè diven kòlè m nan san rete+.Vrèmanvre, yo gen pou yo bwè l nèt.Apre sa, yo pap la ankò, kòmsi yo pa t janm egziste. 17  Men, moun ki chape yo ap sou Mòn Siyon an+.Mòn nan ap sakre+.Tout bagay moun sa yo te genyen ap vin pou desandan Jakòb yo+. 18  Desandan Jakòb yo ap vin tankou yon dife,Desandan Jozèf yo ap tounen yon flanm dife,E desandan Ezaou yo ap vin tankou pay sèch.Y ap boule yo, y ap fini ak yo nèt.Pa gen okenn nan desandan Ezaou yo k ap chape+,Paske se mwen menm, Jewova, ki di sa. 19  Y ap pran Negèb la ak zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a+Ansanm ak Chefela ak peyi moun Filisti yo+.Y ap pran tèritwa Efrayim nan ak tèritwa Samari a+.Benjamen ap pran Galaad. 20  Peyi moun Kanaran yo rive jis Safat+Ap vin pou moun ki te nan fòtrès sa a e ki t al ann egzil yo+, anpalan de pitit Izrayèl yo.Vil Negèb yo ap vin pou moun Jerizalèm ki t al ann egzil e ki te Sefarad yo+. 21  Moun ki ba yo delivrans yo ap monte sou Mòn SiyonPou yo jije zòn ki gen mòn ki pou Ezaou a+.Lè sa a, Jewova ap vin Wa+.”

Nòt anba paj

Sa vle di: “Sèvitè Jewova”.
Se kapab tou: “ta vole byen wo”.
Se kapab tou: “Ki kantite dega yo t ap fè?”
Oswa: “Tout moun ki fè alyans avè w yo”.