Oze 1​:​1-11

  • Madanm Oze ak pitit li fè yo (1-9)

    • Jizreyèl (4), Lowouwama (6) ak Lowami (9)

  • Espwa pou moun yo tounen e pou yo met tèt yo ansanm (10, 11)

1  Pawòl Jewova te di Oze*, pitit gason Beyeri, nan epòk Ozyas+, Jotam+, Ahaz+ ak Ezekyas+ te wa Jida+ e nan epòk Jewobowam+, pitit gason Jowas+, te wa peyi Izrayèl.  Lè Jewova te kòmanse sèvi ak Oze pou l pale ak pèp la, men sa Jewova te di Oze: “Al marye ak yon fi ki gen pou l aji tankou yon pwostitye* pou l ka ba w pitit li fè lè l t ap aji tankou pwostitye a*, paske moun nan peyi a ap aji tankou pwostitye*, piske yo pa fidèl ak Jewova+.”  Vrèmanvre, Oze t al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Manmzèl te vin ansent e li te fè yon pitit gason pou Oze.  Apre sa, Jewova di Oze: “Rele pitit la Jizreyèl*, paske nan yon tikras tan m ap mande fanmi Jeyi yo+ regleman pou tout san yo fè koule nan Jizreyèl. Epi, m ap fè pa gen wa pou dirije Izrayèl ankò+.  Jou sa a, m ap kase banza* Izrayèl la nan Vale* Jizreyèl.”  Gomè te vin ansent ankò e li te fè yon pitit fi. Bondye te di Oze: “Ou mèt rele l Lowouwama*, paske mwen pap fè pèp Izrayèl la mizèrikòd ankò+, piske m ap voye yo ale kanmenm+.  Men, m ap fè moun Jida yo mizèrikòd+. Mwen menm, Jewova, Bondye yo a, m ap sove yo+. Men, mwen pap sove yo ni ak banza, ni ak epe, ni ak lagè, ni ak cheval, ni ak kavalye+.”  Apre Gomè fin sevre Lowouwama, li te vin ansent e li te fè yon pitit gason.  Epi, Bondye di Oze: “Rele l Lowami*, paske nou pa pèp mwen, e mwen menm, mwen pap Bondye nou. 10  “Epi, kantite moun ki nan pèp* Izrayèl la ap vin tankou grenn sab bò lanmè moun pa ka ni mezire ni konte+. E nan zòn kote m te di moun yo: ‘Nou pa pèp mwen+’, y ap di yo: ‘Nou se pitit Bondye vivan an+.’ 11  Moun Jida yo ak moun nan pèp Izrayèl yo ap reyini, y ap met tèt yo ansanm+. Epi, y ap chwazi yon chèf e y ap kite peyi a, paske se pral yon gwo jou pou Jizreyèl+.

Nòt anba paj

Se yon fason kout yo di Ochaya, ki vle di: “Moun Ja sove; Ja sove l”.
Oswa: “pou l fè imoralite; pou l fè sèks ak plizyè lòt gason”.
Oswa: “lè l t ap fè imoralite a; lè l te nan fè sèks ak plizyè lòt gason an”.
Oswa: “ap fè imoralite; ap fè sèks ak plizyè moun”.
Sa vle di: “Bondye pral simen semans”. Se vil kote wa yo te konn rete nan wayòm nò Izrayèl la, byenke se Samari ki te kapital la. Gade 1Wa 21:1.
Oswa: “Plèn”.
Sa vle di: “Yo pa t fè l mizèrikòd”.
Sa vle di: “Yo pa pèp mwen”.
Lit.: “pitit gason”.